Souvan nou pran pòz se blag n ap bay epoutan se pou n eseye maske egritid nou, jalouzi nou, anvi nou, rayiman nou menm pafwa. Nou refize konprann enèji sa t ap pi byen itilize si nou te fokis pito sou amelyorasyon ak pwogrè lavi pa n.
*moun ambisye négatif yo ka telman rayi pwòp fanmi yo, menm rive detwi sa yo konstwi… sak pi rèd la yo telman gen move kè menm espas ki ta dwe fè lavi yo souri yo detwi ak ògèy pouri sa..! Nou lèd,nou sal,nou mechan.*#Koze 🕯️🍂
Wilson Isidor 🤝 Jean Ricner Bellegarde
Wolverhampton t ap resevwa Sunderland nan Premier League lan jodi samdi sa (1-1).
Aprè match la, 2 Grenadye yo te fè echanj mayo. 🫂🇭🇹
Kè'k lòt mo ak definisyon yo :
Kwolotiboulm vle di: yon bagay ki gen konfizyon, ki pa fè sans
Katarzis : yon liberasyon emosyon apre ou fin viv yon bagay fò (tankou kriye ki soulaje)
Limerans : yon atachman amoure ki fò anpil, prèske tankou yon obsesyon
Abouli : pèt volonte, lè yon moun pa gen fòs pou aji oswa pran desizyon
Evanezans : sa ki disparèt vit, tankou yon bagay ki pa rete lontan
Obsidyan : yon panse oswa santiman ki pa kite lespri w, ki tounen san rete
Inesorab : sa ki pa ka sispann
Tasit : sa ki pa di ak mo, men ou konprann li
Zélòt : yon moun ki twò fanatik oswa twò angaje nan yon lide
Disfori: yon malèz enteryè, yon santiman ki pa alèz san eksplikasyon klè
Obvi: evidan, fasil pou wè oswa konprann
Se te tou pou aswè a. Bon Lanwit tout moun !!!
@Hworldmusic
@VICKIE_1208 Tout sa se fòt mizè ak foli fè wè epi ipokrizi tou ki fè lanmou ka vinn san valè konsa...
Ps:M’ap met lajan nan pòch mwen epi sak vlel la ap vinn "nou" siyen kontra biznis lan!!!
"Alfabè kreyòl ayisyen an gen 32 lèt..."
Oupsss !!! Non, pa repete sa ankò !
#Thread
Alfabè kreyòl ayisyen an gen 32 son (yo rele yo grafèm). Li baze sou prensip kote yon sèl lèt (oswa konbinezon lèt) reprezante yon sèl son, sa ki rann li trè fasil pou li ak ekri.
Ann gade :
Gen moun ki vrèman panse ke plis yo meprize tout sa ki pasyone mas la, se pi fon yo antre nan sèk fèmen yo rele elit la.
Men si yo vizite Price Mars o mwen yon fwa yap konprann pi byen ke sèl mezirèt ki genyen pou elit la se itilite sosyal li se pa ni mepri ni rejè rés sosyete a
Lè yon Ayisyen vin rich, kont bank li yo an Swis. Li pran swen sante li Kiba. Li envesti nan Repiblik Dominikèn. Li achte nan USA. Li konsome pwodui Chinwa. Li priye nan katolik. Pitit li yo etidye an Ewòp oswa nan USA. Li fè touris nan Kanada, USA, Lafrans.
Lè li mouri, li vle yo antere l Ayiti, nan peyi natal li. Ayiti pa plis pase yon simityè pou yon seri de Ayisyen.
Kijan pou yo ta devlope yon simityè?
Chè zanmi, frè ak sè ayisyen mwen yo.
Je vous écris aujourd’hui pour vous annoncer ma décision de répondre favorablement à l’appel de l’équipe nationale 🇭🇹
Ces derniers mois, j’ai reçu une avalanche de messages de votre part, me demandant de rejoindre les Grenadiers. J’ai pris le temps de la réflexion, car je voulais faire les choses bien pour le pays et l’équilibre de toute l’équipe, ne pas précipiter les choses. Mais sachez que j’ai vu tous vos messages et que ceux-ci m’ont touché au plus profond de mon cœur ❤️.
Je suis fier de faire désormais partie de la sélection, et de pouvoir faire honneur à notre peuple, à notre nation. Ensemble, nous avons l’occasion d’écrire l’histoire et de vivre de grandes aventures. J’ai hâte de découvrir la ferveur de notre Diaspora et surtout de vous rencontrer.
Nap wè byento,
Wilson
#GrenadyeAlaso #NouNanBatay #NouNanMondyal #Mondyal2026 #NouRetounen
« Lè nou pwan pòz paka pale kreyòl paske nou fè kèk lanne deyò peyi ekspre nou fè oswa n’ap chache lòt identité..? Etranje a pap janm bliye dialecte li te met 80 ans deyò… bann rès moun😡. »#Koze 🪘