M te chita sou tèt kay la ak yon ti chat nwa ki rele Puggy lèm ekri Ayibobo. M telman kontan lem reflechi melodi a m di chat la saaaaaaa spesyal m kontan map ri😂 epi chat lan montrem li dakò so m kontinye ekri... #Ayibobo youn nan mizik preferem✊🏾🇭🇹
Nivo mechanste anpil moun depase konpreyansyonm...kote bagay la vin tris vre se mechan inifye pandan bon moun divize. Si nou pa chanje sa rapid nap gaspiye rès vi nou ak tout travay zansèt nou yo. L'ouvri zye'n🗝
Gwo respè pou tout Ayisyen nan lemond antye kap eseye leve drapo nou pi wo. M renmen nou tout anpil e kèm avèn pou letenite✊🏾🇭🇹☀️ Yon jou soley ap leve. Mespere nou tout wèl ak zyen 🙏🏾☀️
Sèl jan nap ka geri doulè yo se ansanm🥹 Depim wè palè a m vle dekouraje epi dlo vle koule nan zyem paske m te gen lespwa apre goudou ke nou tap konsyantize e inifye. Nou tout tere twop moun. Nou tout soufri twop. Nou tout ta renmen fyè peyin.... Ki jou nap di ase🙏🏾💔 🇭🇹