Sispann mande nou esplike pou nou esplike sa nou resanti paske se pa toutan nou konn sa nou santi e konn kijan pou n ta mete sa an mo tou,pafwa nou jis konnen nou pa ok jis sa.👨🏾🦯
Sa ki pi difisil la,se pa pèdi yon moun,Se aprann viv san yon moun ou te konn pale ak li chak jou,yon moun ki te konnen tout detay sou lavi w epi kounya li vin tankou yon etranje…
Si ou gen zanmi ki fè ou santi ou dwe toujou ap aji nan yon sans pou fè yo plezi pou w ka gen valè nan je yo, konnen zanmitay sa a pa fèt pou ou. Wap jwenn lòt kap renmen moun ou ye a san ou pa oblije chanje.
Toujou rete pozitif nenpòt jan lavi a ta ye pou ou an,toujou remèsye Granmèt la pou sa ou deja genyen yo,epi kenbe lafwa pou resevwa sa kè w ap tann yo🤍✨.
Imilyasyon w pran nan men moun sa jodia si w pa sèvi ak sa kòm yon motivasyon pou w retire tèt ou nan sitiyasyon w ye an moun sa ap ka imilye w ankò e ankò demen SDV🙌🏾.
Menm si ou pa vle,ap toujou gen moun k ap kritike w,pale w mal,minimize sa w ap fè,men pi gwo erè a se lè ou montre yo kè sa yap di yo afekte w,Kontinye fè sa w gen pou fè,san w pa bay sa lòt moun ap di de ou twòp enpòtans,paske kèlkeswa sa ou ap fè ap toujou gen moun ki ap wè sa mal🧘🏽.
Son père n’a pas pu assister à la fête de son école, alors elle s’est habillée et s’est rendue à son lieu de travail pour lui montrer à quel point elle était belle dans sa robe avant de se diriger vers la fête 🥹❤️