Pa kite moun ki pa konn valè w fè w doute de tèt ou Pa kouri dèyè validasyon. Pa reponn tout pwovokasyon. Travay an silans, kite rezilta w pale pou ou.
Kite m di sa depi kounye a paske m konnen sa pral rive:
Si w se kandida nan eleksyon ann Ayiti epi ou pral fè kanpay ak foto AI, postè AI ak videyo AI k ap fè w parèt nan sitiyasyon ki pa janm egziste, moun pa ta dwe pran w oserye.
Sèvi ak AI kòm zouti, wi. Men si tout kanpay ou chita sou kontni AI pandan gen fotograf, videyograf, designer, editè ak lòt kreyatè ayisyen ki ka fè travay sa yo, pa vin pale nou de kreyasyon travay apre.
Paske depi nan kanpay la menm, w ap deja montre nou ki plas travayè ak kreyatè ayisyen genyen nan vizyon w pou peyi a.