@vantbefinfo Tout nèg y ap fè politik pou yo vin rich, men se pa nan entansyon pou amelyore lavi popilasyon an. Moise gen ministè agrikilti kòm antrepriz prive l pou l rantre lajan, epi bèl diskou a se pou pép y ap travay.
@RalphEFrancois Kote w ap pase pou chèf sa la, yo konn bay moun pouvwa? Lòt rezon ki fè l ap difisil pou w chèf se paske moun ki gen karaktè ak respè pou tèt yo se pale yo toujou ap pale san poze aksyon. Pou yon moun onèt ta prezidan peyi a fè l ta rize e yon stratèj an menm tan.
@semdieudonne@Radio_Metronome Si se pa vagabon yo t ap bay pòs yo, kiyés pou yo ta bay yo ankò? San bliye se iresponsab sèlman ki gen nan leta Ayisyen an, iresponsab k ap nome iresponsab.
@Radio_Metronome Je ne comprends pas la logique nommé avant et vérifier en suite des autorités actuelles. Les leaders qui ont proposé leurs candidats sont pour la plus part des sanctionnés pour activité criminelle, de quel vetting on parle?
@FrenchyCote2Fer @windyphele Sitwayen mw ap remèsye w pou klarifikasyon an, problèm mw se kontwòl ki pa genyen sou fonksyonè nan enstitisyon piblik yo.
@yon_vizyon@DjovanyMICHEL01 Peyi a pa anpàn moun non, se pito se koronpi yo ki toujou nan pouvwa. Se yon resiklaj de koronpi, machann peyi. Gen anpil sitwayen nan peyi a ki gen bon entansyon e ki ap ka avanse ak projè devlopman peyi a.
@Radio_Metronome Mw ta renmen konn nan ki inivèsite manb katèl jakmèl la te pase pou yo arive ponn yon desizyon banal nan nivo sa, pi mal yo pa jwenn yon pwòch di yo non? Katèl meri a voye imaj ke politik ak edikasyon pa fè bon menaj. Avec de tels dirigeants, quelle Haïti aurons-nous?
@rtvgalaxie Mw ap konprann refi kite pòs la nan yon sèl kondisyon, se sèlman si l ta konnen ke nouvo katèl la se pa entére popilasyon an li vin defann. An bon otorite responsab mw t ap konprann ke l pa aksepte yon ti group vin demoli tout sa l te batay bati.
@passioninfoplus Jii lakou dapèl pa konn li, li pat fè mwayen 2? Nèg yo lèd, yo pa gen oken projè sosyete nan tèt yo. Inik objektif yo se fè lajan e nan nenpòt ki kondisyon. Jistis Ayisyèn nan pa gen diferans ak mache kwabosal, tout moun vin bwas.
Jèn gason ak pwofesyon paka travay, antrepriz, lekòl, lopital, inivèsite ap fèmen akoz ajisman teyoris ak zàm, pou kounyea leta iresponsab la ap pale de kanaval. Nou pral danse sou san polisye yo ak popilasyon an ebyen?
Leta tande larezon, anons kanaval pa apwopriye pou ane 2025 sa, pa gen lajan selon sa konseye Leslie Voltaire fè pèp la konnen pou asire sekirite nasyon an. Kanaval sa se san bidjè l ap reyalize?
@DotsonJean44711@joverleinmo Pa gen sa nan jistis non patron, fòme tét ou davantaj. Otè entèlektyèl yo gen resposablite yo, moun ki egzekite plan an gen resposablite pa yo tou.
@joverleinmo Sensèman defen prezidan Jovenel pat gen etòf yon prezidan, Jovenel pat gen gran trè karaktè ditou. Men mw ap dakò pou limyè fèt sou lanmò l an tan ke èks prezidan peyi a. Answit Jorvelein pa diy pou l pale nan non papa l, ou gen kòb nan men w, ou te ka fè mye nan memwa papa w!