Prezidan Donald Trump konfime Etazini atake Venezyela epi anonse yo arete prezidan venezyelyen an, Nicolas Maduro ak tout madanm li, nan lannuit 2 pou louvri 3 janvye 2025 lan. Prezidan Trump anonse, yo deja kite venezyela ak #Nicolamaduro pou mete l yon lòt kote.
Sous: @AP
Lapolis amerikèn arete jounalis kiltirèl @carelpedre, jounen dimanch 21 desanm 2025 lan, nan rejyon Broward Florida. Chaj otorite amerikèn yo kenbe kont jounalis la ki se fondatè @chokarella se: agression fizik sou moun ak vyolans domestik.
Imigrasyon Dominikèn arete rapè ayisyen an, Daniel Darinus AKA @FANTOM ki se ansyen manm Baricad Crew, jounen dimanch 7 desanm 2025 lan. N ap raple w, sa gen plizyè lane depi otorite dominikèn yo pa sispann arete epi depòte ayisyen ak ayisyèn ki ap viv ilegal lakay yo.
Etazini sanksyone konseye prezidansyèl Fritz Alphonse Jean pou konivans li ak gang ame ak plizyè lòt òganizasyon kriminèl k ap destabilize peyi Dayiti, daprè sa ajans @AP rapòte, maten madi 25 novanm 2025 lan. Yon ansanm akizasyon konseye prezidansyèl la di ki enfonde.
Chantè, gitaris ayisyen an, André Dadou Pasquet mouri, maten dimanch 23 novanm 2025 lan, aprè yon bon bout tan ap soufri ak yon maladi. Ansyen manm Tabou Combo a ki se fondatè gwoup "Magnum band" lan ki se tou entèprèt "OUPILA" kite nou ak laj 72 lan, selon sa fanmi li kominike.
#UPDATE: k ap trete dosye @zafem nan mete desizyon $1,000,000 a sou poz, epi bay posibilite pou rekondui dosye a. Nan yon desizyon li pran jodi a, jij la poze 2 kondisyon pou sa fèt: Dener Céïde ap peye avoka Wiss ak Marie Joseph yo depoze garanti $100,000, nan tribinal sa.
Fineray 18 nan moun siklòn Melissa te touye nan Ti Gwav, chante ayè samdi 15 novanm 2025 lan, nan prezans plizyè santèn moun ki anpil nan yo pat ka kenbe dlo nan je. Pami viktim yo, genyen 10 timoun. Abitan yo kritike otorite yo ki pat fè anyen pou te anpeche tout dega sa yo.
Endividi ame egzekite polisye Angelot Jeanty, nan Dèlma33, tou prè MTPTC a, jounen samdi 15 novanm 2025 lan, kote endividi yo rive kase yon ponyèt li ak yon pye l epi lage kò a nan lari. Zak sa komèt, nan yon kontèks kote otorite yo anonse y ap mennen gwo batay kont bandi ame yo.
Premye minis fransè a, @SebLecornu remèt demisyon l bay prezidan @EmmanuelMacron, maten lendi 6 oktòb 2025 lan, aprè 27 jou li fin pase nan pòs sa. "Kondisyon yo pa reyini pou m egzèse fonksyon premye minis mwen an", deklarasyon PM demisyonè a aprè Macron fin aksepte demisyon li.
Lapolis nan vil Miami-Dade arete Guiliano Puzo, AKA DjK9 ki se ko animatè emisyon "DE TOUT ET DE RIEN", ayè vandredi 26 septanm 2025 lan, li te 9è37 minit nan aswè. Selon premye eleman enfòmasyon ki disponib yo, Dj9 anba kòd aprè yon jij te fin lanse yon manda arestasyon dèyè li.
Pakè Pòtoprens transfere ansyen direktè televizyon Nasyonal Dayiti a, @GamallAugustin devan kabinè Denstriksyon, kèk èdtan aprè anketè #ULCC yo te fin mare l kou krab epi mennen l bay chèf pakè an, mèt Fritz Patterson Dorval, ayè madi 23 septanm 2025 lan, pou dwèt long siperyè.
Prezans #DimitriVorbe ak aktivite li yo nan peyi Etazini se yon menas pou sekirite nasyonal Etazini, daprè sa depatman Deta ameriken rann piblik jounen mèkredi 24 septanm 2025 lan. Otorite amerikèn yo fè konnen, mesye Dimitri Vorbe patisipe nan alimante vyolans nan peyi Dayiti
Òm dafè ayisyen an, Dimitri Vorbe anba kòd nan peyi Etazini, depi byen bonè madi 23 septanm 2025 lan. Se ICE ki pwosede arestasyon ansyen opozan fawouch ansyen prezidan Jovenel Moïse la, 24è aprè otorite amerikèn yo fin sanksyone ansyen Don Kato ki se bra dwat Dimitri Vorbe.
L'international français, Ousmane Dembélé remporte le Ballon d'Or 2025, ce lundi 22 septembre 2025. Après avoir remporté ce 69e ballon d'Or France Football, l'attaquant du club parisien de 28 ans devient le 6e français de l'histoire à gagner ce grand trophée.
Ansyèn direktris @FNE a, @sterline_civil konteste revokasyon l nan tèt enstitisyon sila, aprè manm #KPT fin revoke l, jounen jedi 18 septanm 2025 lan. Nan yon lèt li adrese "La cour supérieur des comptes", ansyèn militant pati politik @edehaiti a deklare revokasyon l lan ilegal.
FLASH: Yon jenn gason pèdi lavi l, aprè yon cha polisye kenyan yo fin frape l epi kite l atè, alòske viktim nan te sou yon moto, nan zòn Gibè, komin Kenskòf, jounen vandredi 5 septanm 2025 lan. Popilasyon an ki an kolè, bloke plizyè lòt cha ki t ap desann sot Kenskòf, nan moman.
Ofisyèlman, Rameau Normil revoke nan tèt Lapolis la, se enspektè Vladimir Paraison ki pral pran tèt @pnh la. Desizyon sa adopte nan yon konsèy minis ki òganize, jodi vandredi 8 dawout 2025 lan. Sa fè 2 fwa, nan mwens 10 lane, Rameau Normil revoke nan tèt polis la pou enkonpetans.