Gidaj lavi w nan men w li ye, pa kite pèsonn kondwi w nan desten pa yo. Gen moun k ap toujou la pou di w sa w pa kapab fè paske yo menm yo pa t janm gen kouraj pou yo te eseye l. 🖤
Pa kite moun fè w kwè lajan pa enpòtan. Nan lavi reyèl, lajan ba w libète pou w chwazi sa w vle manje, kote w vle rete, ak kijan pou w swaye tèt ou ak fanmi w lè medikaman nesesè. Chache lajan nan bon chemen pou w ka gen libète chwa sa a.
Youn nan pi gwo erè ou ka fè, se pase lavi w ap chèche apwobasyon moun.
Gen moun ki pap janm konprann ou, paske yo bezwen mal konprann ou pou yo santi yo byen ak pwòp lavi yo.
Sispann eksplike tèt ou. Moun ki vle konprann ou pap bezwen anpil eksplikasyon. Moun ki pa vle konprann ou pap janm satisfè, menm si ou pale jouk demen. Fèmen bouch Ou, Kite tan pale.
Beb ❤️
M sèlman vle avè w nan moman
Men se dèyè ekran m ap admire w
Tout sa m anvi yo rete nan panse m 😔
Dèyè ekran nou pale de tout et de rien.
Men mwen vle avè w e fè tout sa m anvi yo 💦
Lè yon Ayisyen vin rich, kont bank li yo an Swis. Li pran swen sante li Kiba. Li envesti nan Repiblik Dominikèn. Li achte nan USA. Li konsome pwodui Chinwa. Li priye nan katolik. Pitit li yo etidye an Ewòp oswa nan USA. Li fè touris nan Kanada, USA, Lafrans.
Lè li mouri, li vle yo antere l Ayiti, nan peyi natal li. Ayiti pa plis pase yon simityè pou yon seri de Ayisyen.
Kijan pou yo ta devlope yon simityè?
KAPASITE pou yon moun Rezoud PWOBLÈM gen anpil ENPAK sou Relasyon li ak moun, sou Randman l lekòl, sou Finans li, an gwo sou Siksè nan LAVi L. Lè w KONPRANN ke Pwoblèm yo pa la pou KRAZE w men pou FÒME W, ou deja pran wout SOLiSYON an.😊
Siw rele jeff ou lekòl CPN wap fè NS4 ou nwa madanm ou lkl l’essor madanm ou ap tronpew avek yon nèg kay frè misye rele Steeve lap fè menm klas avew frèm pandan mwen chita devan yon ti moto hm tande lap di sa avek bestie li frèm ou gen 3 mwa ap pran kou
Fè mesaj la pase pou mw
Quand la bonne personne rentre dans ta vie, tu n’auras pas besoin de forcer la communication ni de courir après l’attention. Tu seras naturellement valorisé et respectée 🙏🏾