Lè w parese e devlople santiman negatif, li fasil pou w egri e jalou de moun kap travay e ki reyisi nan menm domèn avèk ou. Ou toujou panse ou merite sa yo travay di pou akonpli. Konsa Parès ak move konsyans pouse w mache pale tenten tout lajounen pou eseye denigre moun nan. Poutan moun sa sèl diferans li avèk ou se travay di ki ba li rezilta.
Si yon jou yo mande w yon senp ti kesyon tankou: "Kisa moun sa wap pale la mal la fè w pou w gen tout pwoblèm sa yo?" ou pap ka reponn paske se pat janm moun nan ki pwoblèm nan. Se yon mekanis defans pou kache pwòp ensifizans, echèk ou ak mank aksyon pozitif nan pwòp lavi w ke ou sèl reskonsab.