Sispann boule pwòp enèji w pou w ka kenbe souvni moun ki te bleze w yo vivan. Yo te deja pran pase w, pa ba yo jodi a ankò. Depoze vè pwazon sa a ! Chwazi geri, se pa paske yo merite pou w padone yo, men paske w merite lapè !
Bon Madi !
Voye je sou tèt ou !
Leparaversifier♿
Arrête de brûler ton propre carburant pour alimenter le souvenir de ceux qui t'ont blessé. Ils ont déjà pris ton passé, ne leur donne pas ton présent. Pose ce verre de poison ! Choisis de guérir, non pas parce qu'ils méritent le pardon, mais parce que tu mérites la paix !
♿
Sèl zak responsablite w genyen, se pwoteje dife k ap boule anndan w lan.
Rale yon soupi, pran distans ou, epi sonje pi bèl kado w ka bay tèt ou, se yon lespri ki trankil ! Kite yo nan konfò initil yo a, epi chwazi libète w !
Bon Jedi !
Voye je sou tèt ou !
Leparaversifier♿
Ta seule et unique responsabilité est de protéger le feu qui brûle en toi. Respire, prends de la distance, et rappelle-toi que le plus beau cadeau que tu puisses te faire, c'est un esprit tranquille. Laisse-les à leur confort stérile, et choisis ta liberté.
Bon Jeudi !
Lepara♿
Pa pase tout lavi w ap chache edike moun ki chwazi pou yo pa respekte w ! Diyite w pa nan negosyasyon. Si yon moun depase limit la, pa deplase limit la : se w menm ki pou deplase menm ! Ofri yo absans ou !
Se souvan sèl leson lòt yo konn rive konprann.
Voye je sou tèt ou !
Ne passe pas ta vie à rééduquer des personnes qui choisissent de ne pas te respecter ! Ta dignité ne se négocie pas. Si quelqu'un franchit la ligne, ne déplace pas la ligne : déplace-toi, toi ! Offre-leur ton absence !
Bon Mercredi !
Much Love❤and big Peace ✌🏾
Lepara♿
Defi lavi w la, se pa sispann janti, men se chanje sous kote jantiyès ou a soti a. Pa janti paske w pè reyaksyon lòt moun ; se pou w janti paske w ase fò pou w asime sa w ye a. Fè byenveyans ou tounen yon chwa lib kote se ou k mèt tèt ou, pa yon obligasyon !
Voye je sou tèt ou !
L'enjeu n'est pas d'arrêter d'être gentil, mais de changer la source de ta gentillesse. Ne sois pas gentil par la peur de la réaction des autres ; sois gentil parce que tu es assez fort pour assumer qui tu es. Fais de ta bienveillance un choix souverain, non une obligation !
Ne cache pas ta lame et n'en ait pas honte ! Si tu l'agites aujourd'hui, c'est la preuve que tu as survécu. Tu as transformé un objet de destruction en un outil de pouvoir, création ou de protection. Ta cicatrice n'est plus une faiblesse, elle est le point de départ de ta force.
Chak jou pote yon nouvo okazyon pou nou trese lyen sa a :
Yon bèl mo ankourajman, yon padon nou bay, yon ri nou pataje apre yon diskisyon... Se ti mikwo-efò sa yo ki sèvi tankou fil envizib pou n tise yon twal ki p ap janm chire.
Bon Vandredi, bon wikenn !
Voye je sou tèt ou !
Chaque jour offre une nouvelle occasion de tisser ce lien :
Un mot d'encouragement, un pardon accordé, un rire partagé après une dispute... Ce sont ces micro-efforts qui agissent comme les fils invisibles d'une toile indestructible.
Bon Vendredi, bon weekend !
Much Love❤
Pa chache lanmou ankò tankou yon trezò kache moun jwenn pa chans ! Pran zouti w yo — anpati, pasyans, kouraj, kominikasyon — epi kòmanse, jou apre jou, taye pi bèl santiman ki egziste a !
Bon Jedi !
Voye je sou tèt ou !
Leparaversifier♿
Ne cherche plus l'amour comme un trésor caché que l'on trouve par chance ! Prends tes outils — l'empathie, la patience, le courage, la communication — et commence, jour après jour, à sculpter le plus beau des sentiments !
Bon Jeudi !
Much Love❤and big Peace ✌🏾
Lepara♿
Vizyon sa a chanje nètale fason nou aji ak moun nou renmen yo :
« Mwen pa ba w paske w te ban mwen ; mwen ba w paske relasyon nou an se yon espas mwen chwazi fè grandi. »
Lanmou-envestisman an pa janm fini, se miltipliye li miltipliye !
Bon Mèkredi !
Voye je sou tèt ou !
♿
Cette vision transforme radicalement notre manière d'agir avec ceux que nous aimons :
« Je ne te donne pas parce que tu m'as donné ; je te donne parce que notre lien est un espace que je choisis de faire grandir. »
L'amour-investissement ne s'épuise pas, il se multiplie !
JKS♿
Pwochenn fwa w pare pou sèvi ak resous ou yo (tan ou, atansyon ou, lajan ou), poze tèt ou kesyon senp sa a : « Èske m ap konsome prezan m, osinon èske m ap bati lavni m ? »
Bon Madi !
Voye je sou tèt ou !
Leparaversifier♿
La prochaine fois que tu t'apprêtes à utiliser tes ressources (ton temps, ton attention, ton argent), pose-toi simplement cette question : « Suis-je en train de consommer mon présent, ou de construire mon futur ? »
Bon Mardi !
Much Love❤and big Peace ✌🏾
Leparaversifier♿
Nou pa renmen moun pou sa yo ban nou, men pou bèl bagay nou rive eksprime nan nou menm lè n ap pran swen yo. Pwoteje, bay, pran swen... se konsa nou rive kiltive gwo lanmou veritab la !
Bon Lendi, bon semenn !
Voye je sou tèt ou !
Leparaversifier♿
Nous n'aimons pas les gens pour ce qu'ils nous donnent, mais pour la beauté de ce que nous parvenons à exprimer de nous-mêmes en prenant soin d'eux. Protégez, transmettez, prenez soin... c'est ainsi que l'on cultive le grand amour !
Bon Lundi, bonne semaine !
Much Love❤️
♿
Plante lwayote nan kè w pou moun ou renmen yo, ak pou lanmou li menm. Se konsa n ap bati bèl istwa ki p ap janm efase.
Bon Vandredi, bon wikenn !
Voye je sou tèt ou !
Leparaversifier♿