@KimHaiti93 Kim ou ta sipoze gade tèt ou nan miwa janw prale a la paskew deregle nèt, Mwen panse ou lib pouw pale foutbòl byen, men ou paka paskew vle fè Roudy plezi pouw ap voye vant ou konsa non, an kounye a se pile pou jwè a te pile brahim poul te penal ou jis razzzz.
@KimHaiti93 Ou pa serye non
Yon nèg mwen konn pran tanm poum tande wi sitou lèm pa konn gen chans gade match ki jwe a.
Ou se sèl Jounalis espòtif kap fè yon kòmantè konsa.
Mwen pa wè sa nan pyès Jounal int yo kote yo di viktwa real la eskandale.
#𝐈𝐦𝐦𝐢𝐠𝐫𝐚𝐭𝐢𝐨𝐧: Ayisyen ki ap viv nan #Etazini gen top kategori estati imigrasyon sa yo, yo tout gen avantaj yo ak limitasyon yo. Kite m pran men w pou m mennen w andedan @dhs jodi vrandredi an:
Depi ou imigre Etazini wap tonbe nan youn nan kategori estati imigrasyon sa yo: Citizens, Residents, TPS, DACA, Paroles....
Jiskaprezan anpil deba ap fèt sou kesyon “citizen” kòm yon estati imigrasyon daprè espesyalis nan domènn lan, men pou byen ateri sou sijè a nou pap antre nan deba sa jodi a nap konsidere l kòm premye estati ki genyen nan imigrasyon.
✔️ Citizens : Anpil Ayisyen gen estati sa pa bò isi swa yo fèt nan peyi a swa yo genyen “citizenship” paske yo natiralize aprè yo te gen rezidans yo. Moun sa yo jwi tout priviléj, tout privilèj peyi a bay tankou travay nan kèk biwo Leta, poze kandidati kòm prezidan ak sèl ti diferans andedan menm “citizenship” sa li mande fòk manman w te pouse w nan peyi a menm pou vini prezidan.
✔️Residents: Kategori sa gen dwa rete nan peyi a san pwoblèm men yo pa ka vote (general election) , yo gen anpil privilèj tou men pa menm jan ak “citizen”, yo kapab aplike pou vini “citizen”, jwenn èd pou yo ale lekòl, aplike rezidans pou fanmi yo ki andeyò peyi a ak lòt ankò.
Koulye mwen kote mwen te vle rive a, tou 2 estati anlè yo, moun sa yo pa gen pwoblèm veye kat travay, yo pa jwen diskriminasyon nan chèche travay, yo pa gen pwoblèm jwe pyon pou yo chèche marye ak yon abòdyò pou regilarize estati yo.
Lòt kote yo pa gen pwoblèm jwenn èd Leta pou yo ale lekòl, yo pap veye depòtasyon. Politisyen pa itilize yo pou fè politik okontrè yo bezwen “citizen” pou vote nan eleksyon paske yo konnen yon moun ki gen rezidans se yon potansyèl “voter” se jous yon kesyon tan.
✔️ Menm lè gen anpil konfizyon nan kategori moun ki pa gen ni you nan lòt nan 2 sa mwen sòt esplike anlè a, men map fokis sou sa ki plis konsène nou kòm Ayisyen.
#Asylum: Yon moun ki gen azil se yon moun ki kite peyi li ak entansyon pou li pa tounen poutèt anpil rezon tankou politik, religyon ak lòt ankò. Men malerezman menm azil sa kreye ankò yon ti kategori ki pa ofisyèl men moun sa yo tonbe anba “asylum pending” paske yo konn ap kouri sou 6 , 8 an yo pa janm pase devan yon jij. (Fòm I-589).
#Refugees: Daprè definisyon an tout moun ki te mande azil epi ki jwenn li yo se refigye , moun sa yo vin jwi avantaj moun ki gen rezidans yo genyen ak lòt ankò nou pa ta panse jiskaske yo ka deside janbe pou rezidans epi “citizen”tou.
#TPS: Estati sa mande pou fokis sou “T” paske l vle di ou la pou yon titan, ou Etazini paske peyi w pa bon jou peyi ou ta bon yo ka mande w fè valiz ou. Pou rezon sa tou anpil moun jwe kwen pou kite l paske yo pa wè kote rezidans lan ap sòti.
#DACA: Moun ki gen estati sa yo se timoun ki te vini isi tou piti ak
paran yo, yo retwouve yo preske menm jan ak moun ki gen #TPS, jij toujou ap manyen ka sa yo preske kanpe yo pou bay estres, li pa estab nonplis menm jan ak #TPS.
#Parole: Tout moun ki vini sou pwogram
#Biden lan ni moun ki te pase sou fwontyè, san konte sa ki te tonbe pa bato, nou tout tonbe anba #Parole. Nan mitan manm kategori sa gen yon bagay pou souliye, moun sou Pwogram Biden lan pa nan zafè tribinal men moun ki te pase sou fwontyè oubyen te vini sou bato dwe pase devan yon jij, sa ka rive yo ba ou yon lane men konnen yon jij dwe pran yon desizyon sou ka ou an.
Pou avantaj nou pa vreman gen avantaj sistèm lan bay ke fè kat travay, fè kèk lòt bagay ankò ki pa gwo men lè chalè a monte nou pa alabri tou.
Pou m fini janm di l pa òd la nou dwe avanse pou estati ki bay plis avantay , kòman nou dwe fè sa? @Acdrivingsch plis jere bagay sa yo nou ka kontakte l.
#Immigration , #status
♦️Ou se yon Etidyan, ou se yon pwofesyonèl?
ou fenk rive Etazini , ou poko kapab deplase pou kòmanse yon kou anglè, oswa wap tann Biden ou tonbe?
Men kèk aplikasyon map patage avèw ki kapab ede w aprann oswa amelyore anglè ou.
♦️Memrise: Se yon aplikasyon kap vrèman ede w memorize vokabilè anglè ou. Si w fenk ap kòmanse aprann anglè, lap vrèman ede ou.
♦️Babbel: Se yon aplikasyon ki mete aksan sou plis pratik, e nenpòt nivo ou genyen nan anglè a,lap ede w nan vokabilè a ak tout gramè.
♦️Duolingo: se yon aplikasyon ki popilè anpil, li edew nan pwononsyasyon mo yo, epi li gen anpil ezèsis nan li kap ede w amelyore vokabilè ou ak gramè ou.
♦️Hello Talk: Se yon aplikasyon ki pèmèt ou fè pratik avèk kèk speakers ki tou disponib sou app la, konsa ou ka fè pratik ak lòt manb yo tou swa pa apèl oswa pa videyo. Ou gen posiblite pou rankontre yo si ou vle.
♦️Cake: se yon aplikayon ki ede w nan pwononsyasyon mo yo. Li pwopoze videyo leson yo ak tout soutit yo.
♦️Rosseta Stone: Se yon aplikasyon ki itilize imaj, jwèt ak son pou w ka aprann ou anglè a pi fasil. Pou 2023, apps sa klase #1 kòm app ki pi bon pou aprann anglè dapre google.
♦️Ted Talks: Se yon aplikasyon ou ka tande pakèt konferans sou li de kèk espè nan diferan domènn. Li ede w anrichi vokabilè ou e amelyore pwononsyasyon ou.
♦️BBC Learning english: se yon aplikasyon ki pwopoze pakèt odyo ak videyo nan diferan domènn ki edew amelyore pwononsyasyon w lè w ap pale. Ou gen aksè a kèk atik e ezèsis tou kap ede w nan vokabilè ou.
♦️Oxford Dictionnary: se yon aplikasyon ki prezante sou fòm diksyonè, li baw posiblite pou w aprann òtograf mo yo. (Li gen liv ladanl tou)
♦️Kèk nan Aplikasyon sa yo klase selon google pou ane 2023 a kòm meyè aplikasyon pou aprann anglè.
♦️Ou pa oblige telechage tout ansanm, ou ka chwazi pa rapò a objektif ou e nivo anglè ou genyen oswa pa rapò a sa ki priyoritew pou konya.
♦️Pa bliye ou gen yon telefònn entelijan nan men w, ou ka fè l tounen yon zouti pou fòme tèt ou.