Mèsi ak tout zanmi tout fanmi ki te sipòte m nan moman tristès sa. Anpil nan mesaj nou yo te sèvi mouchwa pou siye dlo nan je m. Avanti an ap kontinye, map kontinye akonpanye rèv Didi te genyen patikilyèman reyisit pitit gason l ke l te renmen anpil!🙏🙏
Nap mande popilasyon an fè anpil pridans nan moman siklòn nan, sitou sila yo ki ret nan zòn ki gen risk yo tankou bò lanmè, ak bò rivyè. Mete tout papye enpotan yon kote ki sekirize, epi pa neglije al nan sant dakèy ki pi prèw la toutfwa gen inondasyon🙏 #pwoteksyonsivil
Manman pa sèlman yon Fanm, li se senbòl lavi, lanmou ak kouraj! Se yon fanm vanyan ki prè pou bay vi l pou bonè chovi l, premye do kap pran tout chay la san l pa mande ki pri! Kidonk, nap swete #Bònfètaktoutmanman patikilyèman tout fanm djanm ayisyèn nou yo. Mèsi pou kouraj nou🙏
Drapo n kòm senbòl se mak rezistans, se konklizyon yon istwa ki kontinye fè fyète tout pèp nwa. 18 me sa dèyè tout sa l gen kòm valè, ta sipoze yon jounen refleksyon pou chak ayisyen,chèche jwenn yon konsyans patriyotik kap pèmèt nou remanbre valè nou kòm pèp! #bònfètdrapo#Haiti
Yon vil, yon istwa! Yon kolaj pasyon ak atizay pou bay jarèt ak kilti a! Yon ospitalite san parèy, yon Kav lanmou ki kenbe frechè souri n menm lè n fènwa! yon tablo solidarite ak onè, kote wap jwenn fyète sa sou vizaj chak vrè jakmelyen. #BònfètSenjakakSenfilip#Bònfèttravay
Jakmèl pèdi youn nan figi anblematik li sou plan kiltirèl #MichaëlleCrann! Yon Patrimwan, yon bibliyotèk ki pa la ankò. Senpati ak tout fanmi l, tout pwòch li pandan nap salye kouraj ak patisipasyon Gwo Fanm sa, pou sa li te pote kòm koulè nan kilti a. Vole wo bèl nanm🕊️🕊️🕊️
Yon jou kou jodi a, anpil nan nou tap goumen pou kòb pwason olye n te pran wout dyalòg pou n travay sou yon pwojè sosyal ak ekonomik dirab pou avni peyi a. Jounen jodi a se ensekirite, grangou, kap kwit nan chodyè pèp la, pandan nou tout fè silans tankou sen legliz katedral!
Pat janm gen lidè vre, objektif la se te toujou pouvwa. Jounen jodi a nou lage pou kò n, yo tout fè silans.Genyen ki disparèt, genyen ki postile pou kay tonton Sam, gen lòt tou ki kache kap tann bon moman pou yo reparèt. Kreyon listwa pa gen gòm, popilasyon an ap pran nòt🙏
Fondasyon Jacques Khawly deside sipòte 10 nouvo jèn antreprenè nan Sidès pou ane 2023, a travè yon pwogram ki rele « ELAN.» Wap gen pou soumèt pwojè w la nan imèl nou ki se [email protected]. Enterese yo dwe gen ant 25 -35 lane!
#Lajenèsdweladanntou
Reyabilite imaj Jakmèl dwe dekoule nan yon pwojè sosyal kolektif ki regwoupe ekspètiz chak aktè nan diferan sektè. Lè n founi je gade echèk klas politik la sitou nan 10 dènye ane sa yo, li enpòtan pou n oryante nou sou yon lòt ideyal k ap reponn ak bezwen kominote a #Jakmèlsenou
Le 8 mars, journée internationale des droits des femmes, rappelons que toutes les femmes méritent d'être respectées, écoutées et libres de choisir leur propre chemin. Ensemble, continuons à lutter pour l'égalité des sexes et un monde où tous les genres sont valorisés et protégés!
Jeunes, c'est le moment de mettre la main à la pâte! Apportons nos idées innovatrices et notre dynamisme pour changer notre ville. Chaque contribution est importante pour atteindre un avenir meilleur. #Participation#Changement#Ville
Nous appelons la population à se mobiliser ensemble pour la reconstruction de notre ville après un long règne de mauvaise gouvernance. Nous devons travailler à l'unisson pour le bien-être de nos habitants et des futures générations. #reconstruction#rallye#solidarité#prospérité
Nous avons tous le devoir de nous unir et de reconstruire notre ville. Que votre voix soit entendue pour la mise en place d'une meilleure gestion des affaires publiques. #ReconstructionVille
Nou salye kouraj chak atizan,chak gwoup (bann a pye/ sonò) ki pèmèt yon lòt fwa ankò ak bout zong yo, reyalizasyon kanaval la nan jakmèl ane sa. Sann pa bliye sipò dyaspora, Medya yo, ak sektè prive a malgre tout difikilte ki pèmèt evènman sa posib! #Jakmèlavantou#litekapibèl
Jou nou konprann chaje milat ki nwa sou bato a, nap mande kapitèn nan souke kòn tout bèt ki sou li yo! Papam met frèm anfas mwen paske m son pitit deyò, men Map toujou renmen nou paske nou sot non sel kòd matris ki se ayiti. Ann goumen pou yon vrè chanjman🙏🏻
Pèsonn pa gen dwa itilize revandikasyon pèp la pou konstwi kapital politik yo. Revandikasyon yo dwe ale nan enterè majorite a!Kidonk pa kite kikonk manipile w nan batay wap mennen pou byennèt ou ak kominote w. Si nan maryaj la nou pat la,lè divòs la rete lwen
#Veyeyo
Jakmèl cheri yon vil, yon istwa, yon espas ki marande fyète ak lanmou, yon pòt ki debouche sou bote atizay! Jodi a se jou tout jakmelyen, kit sila ki bò isit kit sila ki nan dyaspora. Chomaj fè nou pa ka pale de travay, men nan non SenJak ak SenFilip nap swete nou lapè ak lanmou.
Les sudestois viennent de perdre l’un de ses grands cadres, Dieudonné Lhérisson, professeur remarquable et président du Planspa.
Nos sympathies aux familles et aux proches du défunt affectés par ce deuil!