Etazini kanpe pwosesis aplikasyon rezidans pou sitwayen 75 peyi tankou Ayiti. Desizyon an, kap antre an vigè 21 janvye, pa aplike pou moun k ap mande viza vizitè.
Administrasyon Trump la anonse ofisyèlman l ap mete fen nan pwogram Estati Tanporè pou ayisyen yo apati 3 Fevriye 2026. Ayisyen yo kapab swa chanje estati yo avan dat la ou byen kòmanse fè malèt yo pou retounen lakay yo. Dapre depatman Sekirite enteryè imigran ayisyen yo pa kalifye pou patisie nan pwogram TPS la ankò. Ajans la ankouraje ayisyen yo itilize aplikasyon CBP Home nan pou di ki jou y ap depòte tèt yo volontèman. Y ap benefisye yon biyè avyon, 1000.00 dola bonis ak posibilite yo kapab retounen nan peyi a legalman yon jou.
Gen posibilite pou sèvis Imigrasyon rekòmanse analize demand TPS ak Azil imigran ayisyen yo te fè. Desizyon sa a ap pran sou ensistans yon jij federal nan New York ki te mande administrasyon an pèmèt pwogram TPS la fini an Fevriye 2926 olye de Septanm 2025