Peyi a pran nan yon konplo. Kimoun nan moman ki prè poul pale ak pèp la ?
# Petyonvil kite gen yon ti souf, kounya lè se pa moun ki pran bal, se kidnapin ki fèt.
#✍️ Pou dat bandi sa yo ap tire, bon kote yo jwenn zam ak bal !
Si lè yon moun nan tèt peyi a, se pou'l ede peyi a avanse. S'il pa kapab poukisa nou kitel ?
Si ministè jistis se pou bay pèp la jistis. Si minis la se zafè pal li vini regle poukisa nou kitel ?
Si chèf polis la se pou'l garanti sekirite nou, s'il pa kapab pouki nou kitel ?
Nég yo tèlman bezwen kraze peyi a, yo louvri pòt bay tout polisye yo pou yo fè paspò yo, pou yo ka jete yo.
# ✍️ Sèlsa mwen konnen genyen ki pap janm kouri, yap kanpe goumen.
Mèt Yvon Piram, pèdi lavi li ayè nan Tomasen 30. Daprè tout enfòmasyon gen yon dam ki te nan machin nan ki pran plizyè bal ki pa mouri, men gen youn ladan yo ki sòti sen ak sof.
#✍️ Nap vini ak plis detay
PAKÈ PÒTOPRENS GEN PWOBLÈM.
Mwen pa konprann fenomèn sa menm, bagay sa deplasem.
Pou lapolis arete 4 moun, pandan yap tande youn ladan yo, pou 3 lòt yo sove, pou pèsonn pa wè yo.
#✍️ Fòk pwojektè a limen sou pakè
# ✍️ Ta sanble mesye sa yo konn travay pou gwo zotobre
#Gen zen
Mwen sonje lè bisantnè te rele bisantnè
Mwen sonje lè plas itali te rele plas itali
Mwen sonje lè tout moun te anvi al channmas
# Men kounya yon ti plèzi nou ta renmen pran nou pa kapab
Lapolis ki la poul ba nou sekirite, ak mete sekirite, yo paka pase nan va.
Lè yo mete tèt ansanm, deplwaye pou yo wè si a antre, te lefòn yo sonnen di yo wete kò yo la.
Dim kiyès kap vini ak solisyon peyi a, pou eta mwen wè li ye la !🤔
Antonio intriago responsab konpayi sekirite CTU kite chaje rekrite mèsenè pou touye Jovenel la anba kòd maten an. Tipa tipa dosye yo ap vanse,bandi yo pap Alez !
Morvan