Personnalité publique -Entrepreneur- Master 2 en Adm. Publ.- DESS en Adm. financière - Master 2 en Sc. du Développement - Juriste- Professeur à l'université.
Genyen egzakteman 16zan de sa (12 janvye 2010),yon gwo tranbleman de tè te frape yon bon pati nan peyi a epi pote ale anviwon 300 mil konpatriyòt.Pandan jou sa a,nou gen yon panse espesyal pou pèp Ayisyen an ki toujou ap soufri e ki pa janm jwenn yon Leta ki konprann pwoblèm yo
Mèsi ak Radyo Caraïbes, patikilyèman M. Guerrier ki te resevwa n maten an sou pwopozisyon sòti kriz dirab ke nou fè a. Pa gen dout: nou dwe ale vè yon padon jeneral, yon inyon sakre de tout kouch viv peyi a anba yon komisyon de verite ak rekonsilyasyon pou yon jistis reparatris.
Mèsi ak Radyo kiskeya ki te ofri n posibilite pou n rive sansibilize popilasyon ayisyèn lan sou nesesite ki genyen pou n opte pou yon padon jeneral sou baz yon jistis reparatris anba chapo yon komisyon nasyonal de verite yon fason pou n rive geri ansanm blesi kolektif nou yo.
Proposition d'une initiative nationale de pardon, de réconciliation nationale, d'union sacrée, de vérité et de justice réparatrice pour la restauration durable de l'ordre républicain et la refondation de la cohésion sociale.
(Jean-Jacques Nesly Pierre)...
Par-delà les vieux réflexes diviseurs, ann mete tèt nou ansanm, menm jan Jean-Jacques Dessalines te fèl la pou nou kreye ansanm yon <<Union sacrée>> pami tout kouch sosyal peyi a pou nou rive soti l nan labirent li twouve l jounen jodi a. Se sèl vrè solisyon ak pwoblèm nou yo.
Felisitasyon ak jwè seleksyon nasyonal football la pou bèl kalifikasyon sa a.Gras ak kouraj nou,gras ak motivasyon ke dat 18 novanm, dat batay Vertières la pote pou nou, mondyal 2026,aprè 52 zan,nap la ankò pou yon pi bèl paj istwa.Viktwa sa a se prèv ke nou ka fè anpil lòt mirak
Se demach nap fè bò kote otorite nan Ministè Enteryè pou wè sak ka fèt pou plis pase 500 konpatriyòt nou ki nan sou fwontyè Pedernales yo aprè sèvis imigrasyon dominikèn fin depòte yo san kòb. Nap kontinye fè demach yo paske nou menm nou vle kreye yon Leta ki la pou bay sèvis.
Nap mande ak otorite
Leta yo pou yo gade sa yo ka fè prese prese pou konpatriyòt nou yo ki lage sou fwontyè Pedernales la aprè sèvis imigrasyon nan peyi dominikani fin depòte yo.Yo lage san manje, san rad,san kòb pou peye machin.Tanpri mouche Leta, ann resevwa moun yo nan dinyite
Lè m rele w maten an(Maj.Dénoil Anténor),ou dim ke MICT deja pwomèt li pral entèvni prese prese pou ede konpatriyòt yo ki nan fwontyè Pedernales la retounen lakay yo, mwen te santi m vrèman soulaje.
Leta dwe kòmanse travay pou Ayisyen viv nan dinyite tankou tout lòt pèp sou latè
A propos du débat actuel, demandons-nous avec F. Braudel, cité par Manigat:<< Le présent n'est-il pas,plus qu'à moitié,la proie d'un passé obstiné à survivre,et le passé,par ses règles, ses différences et ses ressemblances,la clef indispensable de toute connaissance du présent?>>
Si politisyen Ayisyen te bay tèt yo devwa pou aplike ideyal desalinyen an ki chita sitou sou inite ak souvrènte, jistis sosyal ak politik agrè ak devlopman,san dout, gen anpil pwoblèm nap konnen jounen jodi a ki tap deja rezoud.
Mwen kont tout lidè kap krache sou Papa Nasyon an
Inegalite sosyal se rasin ki nouri mizè,vyolans ak ensekirite.Yon Gouvènman ki ret bèbè devan inegalite se yon pouvwa ki abdike devan misyon ke pèp la te konfye l la. Se poutèt sa nou kwè ke richès peyi a dwe sispann sèvi yon ti minorite pou li tounen sous byennèt pou tout moun.
Aprè nou fin elimine egzamen Sètifika( sizyèm ane), kounya a nou dekrete pasaj obligatwa soti premye ane pou rive twazyèm ane. Nou pa bezwen voye wóch kache men. Nou mèt di Pèp la klèman pou kiyès nap travay, ki anjannda ke nap defann. Honte à vous, bande de <<Conzés>>!