Mwen sonje gen yon patnè m ki t ap marye. Li di ke resepsyon an ap yon sipriz. Aprè seremoni nan legliz la, li pran madanm li li file sou Dèlma. Moun yo swiv kòtèj la. Li chankre 60, yo swiv li pi rèd. Li desann boudon pase bò Mè yo sòti kanapevè epi monte PV. Moun yo bay vag 😅.