Yon lekòl ki pa ka fòme Ayisyen pou Ayiti se tankou "lekòl lage" pou rezo kriminèl yo. Se pa kreyòl ki kraze lekòl la, se lekòl la ki meprize lang kreyòl epi anpeche jèn yo kwè nan tèt yo ak reyisi kòmsadwa. Sa bloke wout pou yo aprann metye yo vle, epi fasilite rekritman rezo kriminèl yo. Anpil nan yo kite peyi a san preparasyon. Malgre kèk kritik nasyonal ak entènasyonal ki rele l "koudeta lengwistik", plis pase 1 milyon elèv Nouvo Segondè (NS1–NS4) ap vanse ak lang Kreyòl ayisyen an. Efò sa yo te kòmanse ak minis J.C Bernard epi anpil moun kontinye pote kole nan konbit difisil sa. N ap ka li rès atik la nan #LektiDominikal 29 Jen 2025 la. #LivInik