K.E.M
Kowalisyon pou entegrasyon majorite a
Ap mande ak tout politisyen
Ak tout otorite yo pou yo jwenn yon konpromi politik jis pou peyi a ka rale yon souf paske nou paka pran akò ankò
Pèp ayisyen, avni peyi a kòmanse ak patisipasyon nou. Ale enskri kòm elektè pou nou ka chwazi lidè ki pote yon vrè pwojè devlopman, vizyon, transparans ak angajman pou Ayiti.
Vote demen kòmanse ak enskripsyon jodi a. 🇭🇹
#EnskriKòmElektè#Devlopman#Ayiti
Mwen salye depa CPT a kòm yon nesesite pou avni tranzisyon an. Men fòk nou rete konsekan: se Akò 3 Avril la ki te mete PM Alix Didier Fils-Aimé nan Primati a, e jodi a menm lojik responsablite a mande pou li fè yon pa dèyè.
Nou pa ka kite Ayiti glise plis nan kriz! Nou mande pou ,yon bonjan dyalòg ant tout aktè yo fèt avan 7 février 2026, pou n jwenn yon solisyon ayisyèn, serye e dirab. Se tan pou konsansis, pa pou konfli. #Ayiti#7Février2026#DyalògNasyonal
Antre Ayisyen, fòk nou pran responsabilite nou. Nou mande pou gen yon ,medyatè lokal, ki va reyini tout aktè politik yo pou jwenn yon ,konsansis nasyonal, avan ,7 février 2026, N'ap envite *OEA* ak *CARICOM* pou jwe wòl obsèvatè. Ann mete tèt ansanm pou sove Ayiti!
Nan lespri responsablite istorik, map lanse apèl bay tout aktè politik yo pou yo mete tèt ansanm, chwazi yon medyatè kredib, epi louvri yon bonjan dyalòg nasyonal anvan 7 fevriye 2026. Se sèl konsansis ki ka sove Ayiti.
*#Ayiti#DyalògNasyonal#7Février2026#KonsansisPouPeyiA*
Aprè kalifikasyon ekip nasyonal la, se prèv klè lè n mete tèt ansanm nou ka briye. Ann sèvi ak lespwi sa pou nou mete men nan men, jwenn konsansis epi retire Ayiti nan sitiyasyon difisil li ye a. Tan pou ini n, se kounya! #Ayiti#Inite#SotiPouNAvanse
18 Novanm 1803 – 18 Novanm 2025
222 lane depi viktwa Vertières a. Se pa jis yon souvni, se yon eritaj ki mande angajman a chak pitit tè sa a. Se moman pou nou chita, reflechi, mete tèt ansanm pou Ayiti sòti nan kriz.
Ann sonje, ann aji
#18Novanm#Vertières#AyitiAnvanToutBagay
Tout pwopozisyon ki sou tab la pou avni peyi a merite jwenn yon konsansis solid. Avan 7 fevriye kap vini an, ann mete Ayiti anvan tout bagay. Se sèl dyalòg onèt ant Ayisyen ki ka sove nasyon an. #AntantNasyonal#SoveAyiti#7Février2026
Nan moman difisil sa yo, mwen pote tout sipò moral mwen bay tout frè ak sè nou yo ki viktim anba pasaj tanpèt Mélissa. Se moman pou nou mete tèt ansanm, ogmante solidarite, epi mande aksyon konkret pou ede kominote yo. #SipòPouViktim#SolidariteNasyonal#MelissaAyit
Ann mete tèt ansanm pou n ka rive sou yon sèl akò avan 7 février kap vini an. Se sèl jan pou nou jwenn yon solisyon ant nou menm Ayisyen, san enpòtasyon kriz. Se tan pou n chita, pale, dakò – pou Ayiti
Ann mete Ayiti anvan tout bagay. Se pa tan pou divizyon, men pou dyalòg ant tout Ayisyen. Nou bezwen tande, konprann epi aji ansanm pou sove peyi a. #DyalògNasyonal#AyitiSePouNouTout#SoveAyiti
Francime Francky, jodi a se pa sèlman fèt ou, se yon okazyon pou nou felisite ou pou tout sa ou ye: yon vizyonè, yon zanmi, yon modèl. Mèsi paske w toujou kenbe flanm lan limen. Ke lajwa ak benediksyon akonpaye ou chak jou. Bòn fèt ak anpil respè
#FrancimeFrancky#BonFèt#Onè
*"Nou pa ka sove Ayiti san yon vrè antant nasyonal. Se tan pou tout aktè mete tèt ansanm, mete egoy sou kote, epi travay pou delivrans peyi nou. #AntantNasyonal#SoveAyiti#InitePouChanjman"*
*"Ann mete tèt ansanm, san koulè, san enterè pèsonèl. Se Sèl solisyon ki ka retire Ayiti a, kotel ye la
Paske se nan lunyòn sensè nou ka soti kote nou ye la. Nou pa ka chita ap gade peyi a tonbe. Se moman pou nou mete tèt ansanm"*
*#AyitiPouAyisyen#LinyonPouSovePeyi a #*
*Ayiti pa ka chanje si nou pa chanje!*
Nou tout gen wòl pa nou pou nou jwe.
Se pa tan pale ankò, se tan leve, mete tèt ansanm, epi aji pou demen nou pi bèl.
*Lavi pitit nou, lavni peyi a, depann de sa nou fè jodi a.*
#KonsyansNasyonal#LeveKanpe#AyitiNouVleA
*Ann mete tèt ansanm pou n sove Ayiti!*
Tan pou divizyon fini. Tan pou inite, travay kole, ak angajman vrèman rive.
Ayiti bezwen chak grenn pitit li.
*Se ansanm n ap rive!*
#SoveAyiti#TètAnsanm#InitePouPeyiA
Jis kilè nap sispaan n , Jan map gade la genlè gen mannèv kap fèt pou menm ekip yo, rete sou teren an ak lòt jwè , èske ekip kitap chofe deyò a ap pran sa , mwen la pou mwen swiv fen an
Jis kilè nap sispaan n , Jan map gade la genlè gen mannèv kap fèt pou menm ekip yo, rete sou teren an ak lòt jwè , èske ekip kitap chofe deyò a ap pran sa , mwen la pou mwen swiv fen an
Organisation des femmes en action pour développement d'Haïti (OFADH) jodia Kise samedi 8 mas la komite a fè yon atelye de travay ak kèk moun kifè pati komite Force national (FON) pwen kite diskte se : 1-enplikasyon fanm yo nan zafè politik ak sosyal 2-ranfòse òganizasyon an