🚨 JUDE CHARLES :SI GOUVÈNMAN AN PA KA ÒGANIZE ELEKSYON YO, LI DWE BAY DEMISYON'L .
Kandida pou pòs senatè depatman nò sou banyè Les Engagés pour le Développement EDE Jude charles Faustin
estime si gouvènman an pa kapab kreye kondisyon ki nesesè pou òganizasyon eleksyon
Daprè komisè Muscadin gen anpil moun kap viv nan zon gang yo se gang yo ye tou paske anpil ladan yo se antèn gang se lajan gang nan ki peye kay ak lekòl pou yo , se menm yo menm ki la pou siveye lapolis pou fè gang yo konne .
🕊️ AK ANPIL DLO NAN JE | Antèman Ketura, yon polisyè BOID ki te tonbe anba bal bandi nan Akayè, chante nan Akademi Polis la
Fanmi, kòlèg ak pwòch li yo te rasanble pou te rann li yon dènye omaj.
#JoudaKreyòl#Ketura#BOID#PNH#Akayè#AkademiPolis#Sekirite
📍Depatman Nòdwès
Yè samdi 19 Septanm 2026 la Ansyen senatè Evallière Beauplan prezante kandida pou pòs prezidan VIKTWA a,@wilnerjosephht bay popilasyon Nòdwès la .
Kote Plizye militan tap chante ” Prezidan Pòdepè se pou ou, kale bouda w jan w vle ”
🚨 #AYITI ELEKSYON
Antreprenè Amos Pierre, alyas « Amos Sansasyon », tal enskri kòm elektè nan Katye Moren.
Nap fini pou fèw konnen konsène a se potansyèl kandida pou pòs depite Katye Moren nan pwochèn eleksyon yo.
#JoudaKreyòl#AmosPierre#AmosSansasyon#KatyeMoren#KEP
📍 Ayiti politik :
Gwoup « Acteurs Favorables à la Cour de Cassation et Alliés » kontinye defann lide yon pouvwa bisefal pou dirije peyi a.
Nan kad pozisyon sa a, gwoup la anonse yon aktivite pou 23 septanm kap vini la pou mande demisyon Alix Didier Fils-Aimé a nan tèt peyia .
📍 ELEKSYON | NODRAH mete gouvènman an devan responsabilite’l
Pati politik Nou Dakò Replanifye Ayiti (NODRAH) mande gouvènman Alix Didier Fils-Aimé pran responsabilite’l pou ranfòse sekirite nan peyi a, yon fason pou kreye kondisyon ki nesesè pou eleksyon yo kapab òganize.
🗑️ FLASH | TABA
SNGRS lanse yon operasyon koleksyon fatra nan komin Taba. Operasyon an ap fèt chak mèkredi ak vandredi, selon enfòmasyon ki disponib.
SNGRS ankouraje popilasyon an respekte jou koleksyon yo pou ede kenbe komin nan pwòp.
#JoudaKreyòl#SNGRS#Taba#KoleksyonFatra
🚨 FLASH | MCI lanse enspeksyon nan estasyon gaz yo .
Ministè Komès ak Endistri (MCI), atravè sèvis enspeksyon li, ap mennen kontwòl nan plizyè estasyon gaz nan kapital la.
Objektif la se verifye konfòmite ponp yo epi pran echantiyon gaz pou analize yo .
#MCI
🚨 SID : Eleksyon
Daprè enfòmasyon kap sikile, ansyen Komisè gouvènman jiridiksyon Okay la mèt Ronald Richemond ta pami pèsonalite ki kapab rantre nan kous elektoral la pou pòs senatè depatman Sid .
#Ronald#EleksyonAyiti#DepatmanSid#Sena#joudakreyòl
Minis Kondisyon Fanm ak Dwa Fanm nan madam Pedrica Saint Jean, rive nan depatman Grandans peyia espesyalman nan vil Jeremi , kote’l te genyen pou’l patisipe nan seremoni inogirasyon Kay Fanm Grandans, yon espas ki fèt pou ofri fanm yo sipò, akonpayman ak divès sèvis
📍 Lapolis nan depatman sid peyia arete pwofèt Laurore Richecard , daprè fòs lòd yo pwofèt la ta jwenn arestasyon’l pou tèt li tap kondwi ak yon pèmi ki pa pou li epi li te kagoule andan machin nan .
Lapolis te mandel poul akonpanye yo rive nan komisarya polis la
🗣️Komisè divizyonè Daniel Compère enstale kòm nouvo direktè depatmantal polis Nòdès , li ranplase nan pòs sa komisè Jacques Antoine Étienne .
#PNH#ExploreHaiti#followers#securite#Every
rantre avèl pandansetan moun ki te la depim maten yo ap bwè solèy la .Gen kliyan ki konn fè plis pase yon mwa ak mache ak yon chèk nan menl li pa janm ka arive rantre andan bank lan poul ta chanje’l kliyan BNC oblije aranje yo pou yo gen yon kontak @BRHHaiti_
Plizyè kliyan BNC nan vil Gonayiv denonse konpòtman moun kap travay nan bank lan ki pran malen plezi yo nan fè yo soufri kote gen klyan ki konn fè plizyè èd tan kanpe nan liy nan yon solèy epi yon lòt moun fenk parèt se gade yo gade yo wè yon moun soti andan vini pran’l