La plupart des hommes ignorent le moyen le plus SIMPLE d’améliorer leur apparence.
Tout ce qu’il te faut, c’est un seul produit : la vaseline.
Voici 7 astuces avec la vaseline qui vont transformer ton look (et ta vie) :
Make no mistake! Anpil nan nou ki te vini sou pwogram Biden lan kalifye pou azil daprè men pa bliye grounds sa yo: Ras, Nasyonalite, Religyon, Gwoup ak Opinyon politik.
Tande byen, dosye azil twò serye pou nou jwe ak li paske si tout bagay pase nòmal aprè yon entèvyou, yon lane aprè ou dwe gen rezidans. Yon kat travay 5 lane se yon ti benefis nan pami gwo benefis ki ap tann ou depi ou apwouve. Pa kite kat la tante w, panse ak posiblite pou gen rezidans nan yon lane aprè ou apwouve epi 4 lane mete sou li pou vini yon sitwayen ameriken si tout fwa ou dòmi reve sa.
Anpil moun fè erè sa mwen pa vle nou kontinye fè li paske yon dosye ki byen prepare ogmante chans ou pou siksè dosye ou an mete sou yon avoka pou ede w ki ogmante chans lan pi rèd rive a 74% daprè estatistik yo. Se sa ki lakòz mwen pa sispann pataje lis pro bono sa yo ak nou sitou si pòch nou ta kreve nou pa ka peye yon avoka.
Yon dosye ki byen prepare ede avoka defann dosye w la pi byen, yon dosye ki byen klè san fot, ak evidans bay avoka kote pou li galbende epi chèche siksè mennen ba ou. Asire w , ou gen yon bon, clean statement byen detaye, yon cover letter ki rezime travay ou an, evidans ki sipòte dosye ou an si genyen ki disponib oubyen rezon ki lakòz ou pa genyen yo nan moman, bon lojik ki defile youn aprè lòt ak dat ki byen tonbe daprè ensidan yo, pa bliye tradwi dokiman ki merite tradwi yo mete sou country conditions kote kèk atik jounal kore sa w di yo ak kèk rapò dwa moun si li konsène dosye ou an.
Pa bay nenpòt kreten travay pou ou se yon pa enpòtan pou siskè, pa fè bouyi vide nonplis. Asire w ou bay verite, rien que la vérité! Yon dosye byen klè, evite yo poze w twòp kesyon tou. Jwenn yon pwofesyonèl gen anpil sou beton an. Make no mistake!
You can get this done!
Gen anpil moun ki pa konnen si yo kapab toujou fè azil aprè yon lane si tout fwa yo gen yon Fear of future persecution.Pataje sa ak yo, se yon bèl aksyon pou ede yo paske enfòmasyon se pouvwa, li bay chwa pou fè pi bon chwa tou.
Thanks @web509_llc
Nouvèl ki nan videyo sa yo pa bèl, men si w ap fè rechèch sou YouTube, avoka sa se pa moun ki pral mete repitasyon an kesyon pou fè buzz, men nan videyo sa li lage l san filtè. M toujou kwè yon moun ki sonnen lanbi pou anonse yon move nouvèl se moun ki vle evite dega. TPS? HHP?🤔
Kat yo kòmanse espire, mwen te anonse nou sa byen lontan sa. Fè anpil atansyon pou travay nou pa voye nou chita. Aprè pòs sa aplike pou kat ou si lòt lan ap espire nan 6 mwa, pa bliye menm lè TPS ou poko apwouve ou kapab,lè sa wap chwazi “TPS pending” kategori C19.👇
@web509_llc
#Immigration: Nan mwa Oktòb ki sòt pase la, administrasyon Biden lan te di yo pap renouvle “Parole” pou Ayiti, Venezuela, Kiba ak Nikaragua ki vle di aprè parole moun sa yo fini yo tout ap ilegal si yo pa fè yon lòt mouvman.
(Gade dat espirasyon ki nan I-94 an).
Etandone, pa gen pwoblèm ki pa gen solisyon men 5 nan bèl opsyon ki genyen sou tab lan pou moun ki anba “parole”.
✔️ Aplike pou Azil: Si tout fwa ou santi
tounen lakay kapab mete lavi ou an danje, aplike pou azil, lwa imigrasyon an klè sou sa. Deja, sansave okipe 80% nan kapital la, san konte lòt vil pwovens kote gang tabli baz yo pandan Lapolis poko ka fè fas kare ak yo epi MMS ap jwe ak yo.
✔️TPS (Temporary Protected Status): Si kalifye pou TPS, aplike pou li, pa bliye dénye an se moun ki te la avan 3 Jen ki sòt pase la ki kalifye men lè gen gwo menas sou tèt li men konsa ou pap ret 2 men vid.
✔️Adjustment of Status: Si ou te anba rezidans yon fanmi, oubyen si ou marye ak yon sitwayen ameriken/amerikèn… ou kapab chèche ajiste estati ou pandan wap fil fòm I-485.
✔️Lòt Viza Imanitè: Konsidere aplike pou U Visa si ou te viktim krim, vyòl oswa T Visa si ou te viktim trafik moun.
✔️ Aplike pou Eb-2 : Ou ka aplike pou Eb-2 si ou panse ou elijib ak dokiman ki pwouve ou fè yon etid avanse ak yon master degre epi travay wap fè a itil peyi an (NIW).
(Lis lan la fini)
Pou plis detay, konsilte avoka ou oubyen biwo ki jere dosye imigrasyon pou ou. @web509_llc
#Haiti