@papapoulyo@MARADIOFM@jasonderulo@FoxNews Pa fè sa gason m. Ou konn nan ki kondisyon yo te pati? Se tout moun ki jwenn 2 job pou fè a? Ou konn konbyen moun ki te sou kont yo? Ou te nan mitan yo? Ou konn a konbyen bill yo te elve? Nou toujou ap pran pòz ekspè, se nou ki konn fè pi bon kalkil.
Pito yon moun bat ou li pa mache rakonte sa l panse de ou. Jeneralman sa l ap di yo pa verite men nan tèt li l pran yo pou verite e sa k pi di a, sa l di yo w p ap ka ni verifye, ni demanti l, ni ba l bon jan verite.
Nou pa gen pwoblèm pou w pa kriye pou moun ankò ou pito al kote dlo a koule pi fre men pa bliye ke moun ki avè w la jwenn dlo glase, li jwenn dlo fè nèj, li jwenn glas, li jwenn abite nan frizè men l sakrifye tout pou l ret avè w.
Ou pa reyalis, ou jis visye, ou jis tranble.
Kriye se yon bezwen, yon santiman, yon sansasyon, yon bagay inevitab. Depi w gen sans, ou gen emosyon, ou ka kriye lè w pa atann pou sa w pa t espere.
Yon moun ki konnen l pa ka kriye ankò, se yon moun san sansasyon, san emosyon, san nannan, an sòm se 1 po moun men anndan l vid.
Pa janm mande pwolongasyon lè lòt ekip la deside kanpe match la. Pwolongasyon=Imilyasyon.
Apre imilyasyon an l ap re kanpe match la ankò.
Si w pa konprann re li l ankò.
Se gason k pa gen konviksyon.
Otan de fwa yon fi fè tenten nan yon relasyon yon nèg vle kite l li la fè nèg la dous pou l ret avè l pandan l ap planifye pou l kite nèg la san misye pa fè l anyen nan jou k ap vini yo.
Ou mèt frape kò w atè, li kite w nèt e l ap di w li pa ou menm
Mesye ki selibatè yo! Aprann fè zong nou, koupe cheve nou, fè bèl ti tyas, mete bon ti deodoran, bon ti pafen, lave rad nou chak fwa nou pwal re mete yo. Se mennaj nou pa genyen, se pa fou nou fou.
Bann lanmmyoudddd....
Bonjou
Maten an m vin raple w ke w pa pou kont ou sou tè a e ke moun ki nan antouraj ou yo konte tou. Pafwa ou kapab panse ak byennèt ou alòske w pa reyalize ki kalamite ki gen otou de ou.
Kèlkefwa nou rele pwòch nou yo jalou san pou otan nou pa reyalize ke byennèt nou bezwen pou
tèt nou a 100% kamarad la ta byen renmen jwenn 5% ladan l.
Pafwa nou tèlman jui byennèt nou, nou sere byennèt pou demen, pou lòt semèn, lòt mwa, lòt ane, deseni elatriye poutan pwòch nou an bezwen yon ti kal nan byennèt nou mete rasi a li pa kapab jwenn li.
Sispann pataje lajan,
Pa janm bliye nan nuit 5 pou leve 6 novanm nan 1h di maten ap parèt 2 fwa. Se pa ni sou w sou ni dyab k ap tante w, se @DrArielHenry k ap chanje lè a malgre tout bagay ki gen pou chanje nan peyi a, se lè a ki priyorite l sèlman.