Menm si yo touye tout chèf gang yo men fòk yo pran plip plip vivan
Kalibr zam misye yo fòk ayisyen konn sous la
Misye gen youn nan zam ki pi ra nan mond la nan men l oh
M anvi leve ak yon bon Vye nouvèl sou Nèg A Zam ki bloke peyi a depi plis ke 5 ane..
Polisye ki paka kenbe grangou yo pou bokou,Bandi tèlman gen kòb kidnapping nan men yo,yo ka achte espyon tout kote‼️
5 ane ap imilye enstitisyon Polis la..
Okenn egzanp pa janm trase...
M t ap gade video yon manman Kenscoff ki pèdi 4 pitit nan masak la li te di “yo mourir, m mouri se nan trip mwen yo soti. 4 kadav m pa menm gentan wè yo y ale ak kò yo”
Ou te silans jou sa
Paske w te chita sou dwa delòm nan
🔴 Si Bandi yo boule plizyè Komisarya,nou vag,nou pa janm ka pile zòn kote yo rete..
Se Nòmal pou l di nou bay 4 sòlda yo,apre sa na rete viv nan Labou a..
Yon pèp Fatra ki pa deside libere tèt li,
Kijanw fè ap viv bò kote yon pakèt ti vagabon ak gwo galil illegal nan men yo,epiw pè VIKTIM ?
M ta renmen konnen kijan yon moun fè ap viv menm kote ak yon bann Asasen ki kraze plizyè Zòn Ayiti ?
Bandi yo itilize pèp pou pwoteje tèt yo,lè yo bezwen fè presyon,se pèp la yo atake..Si PNH la paka sove Pèp la anba men yo,se paske yo gen plis sòlda,kiyès Sòlda sa yo ye ?
Se menm ti nèg nan Zòn avèw la,menm siw pa deside kenbe Zam tou,menw parèt konplis..
Si yap fann tèt yon bandi bò kotew,se pa paskew pa gen Zam nan menw,pou yo pa fann tèt ou tou,tout moun kap viv kot bandi se moun kap pwoteje Bandi..Gen gwo diferans ant yon chèf Zòn ak Yon gwoup Bandi kap simen latwoublay..
Kijan nou pwal fon peyi,si nap bay bandi legen ?
Nou paka defann tèt nou,epi nou vle gen dwa devan lòt peyi..
Nap rete pòs nan peyaj la toujou ?
Nou vle rete nan paka pase nan tèl zòn nan toujou ?
Tout sa rive la se paske lajan kidnapping yo achte anpil ti grangou nan PNH,jounen jodia se lòt nasyon pouki fè presyon sou Gang pou nou,paske an Ayiti Polisye se job sèkèy,Bandi se yon metye NOBLE.
PÈP LABOU‼️