Nou we video lopital jeneral la 🤯🤯
Bon kote yo fe ak tout ekipman yo???
M pa mem konpran sans piye ak kraze tout ekipman on lopital yo pa mem ka itilize ni vann…. 😕
⭕️ENFO | Depi anviwon 3 jou, Lapolis Nasyonal Dayiti,🇭🇹mete ansanm ak Fòs Lame, Task Force, Fòs Represyon Gang, avèk sipò sòlda Salvadoryèn yo,🇸🇻ap atake gang kap kontwole rantre Sid Pòtoprens. Jodi vandredi 20 novanm 2026 la, operasyon yo te kontinye. Elikoptè anlè, dwon kap tonbe nan zòn estratejik, polisye kap fè penetrasyon... fòs lòd yo montre yo detèmine pou deloje gang Izo 5 Segonn ki nan Village de Dieu, ak Ti Lapli nan Matisan. Depi lè operasyon sa a lanse, se gwo rafal zam otomatik, bro dwon sitwayen nan kapital la ap tande. Deja, Lapolis anonse gen plis pase 30 bandi ki tonbe nan echanj katouch. Yon seri operasyon sitwayen Ayisyen yo aplodi, e mande fòs lòd yo kontinye pwogrese, jiskaske yo pran kontwòl rantre Sid la, epi fasilite sikilasyon nòmal | LSV