@johnronard Nan top 10 la nou jwenn
1- Mexique
2- Indian
3- China
4- Philippines
5- Guatemala
6- Salvador
8- Républiques dominicaines
8- Vietnam
9- Colombie
10- Haïti
@dennly109@web509_llc Mr Denly kòman ou ye? mwen espere ou anfòm, si mwen t gen randevou kot anliy lè mwen verifye mwen wè yon pa mansyone si anliy ankò sèlman adrès tribunal la mwen wè kisa mwen kapap fè nan k sa svp?
#Immigration: Anba se yon lis avoka pro bono,sere l yon kote! Avoka sa yo mete tèt yo disponib pou ede moun ki pa ka peye epi reprezante yo gratis oubyen ak yon pri byen ba devan lajistis. Se pa sèlman nan zafè imigrasyon yo ede, yo ede nan lòt branch tou.
Men atansyon! Pandan yo la pou ede anpil ladan yo konekte ak òganizasyon, yo pa nan pèdi twòp tan tou ak yon dosye yo sispèk ki pap mennen okenn siksè sitou yo gen anpil demann.
Rezon sa mande kalkil yon fason pou w kòmanse dosye ou ak yon moun ki konnen tankou yon avoka, yon “legal representative” oubyen yon moun ki konnen oubyen setifye nan prepare dokiman...
Si tout fwa “written statement” ou an fèt tèt anba ,chaje konsistans ak enkoyerans yo ka pa pran chans ede ou. Si evidans ou yo pa kanpe sou anyen, dokiman ou yo pa sanble nòmal, pa gen okenn lojik nan tout sa wap di yo ki sanble chita sou manti sèlman ou pap jwenn yo vanse ak ou.
Se vre nou dakò, yon gwo ensidan kapab rive ou ki te kapab koute lavi ou, se vre gen moun ki kite zòn yo poutèt vyolans ak yon Pòtoprens ki kontwole pa 80% gang men , se verite anpil moun pa ka tounen lakay yo sou risk yo ka ale pote komisyon pou Sen Pyè men esplike sa ki te rive ou an lojikman mande espètiz ak bon sans. (5W).
Wi, gen vyolans, gen anpil krim rezon ki fè ou kite Ayiti epi ou pa anvi tounen ankò men banm di w jiskaprezan vyolans gang pa antre anba youn nan 5 grounds sa yo pou kont li ( Ras, Nasyonalite, Relijyon, Gwoup sosyal ak Opinyon politik), chèche wè avoka w tande frè m!
Gen plis detay toujou, si w poko mete imèl ou la fè l koulye a, gen detay dèyè toujou 👉👉https://t.co/H7XUpKAAuP
👉https://t.co/fmItuuEtU9
#𝐈𝐦𝐦𝐢𝐠𝐫𝐚𝐭𝐢𝐨𝐧: Men kote anpil moun tonbe nan zafè azil daprè sa yon avoka trè popilè nan zafè imigrasyon epi ki te avan sa yon ofisye imigrasyon ki reyalize anpil entèvyou deja ak moun ki mande azil:
✔️Daprè Mèt lan, aprè pwoblèm fondman nan prepare “written statement “ lan, mete sou pwoblèm evidans ak enkonsistans, anpil moun yo pa swiv sa fòm I-589 lan di epi mete zafè pa yo. Depi la, yo mal pati sa ki souvan bay yon rezilta negatif.
✔️Pou moun ki fil yo pou kont yo bòn chans sa se mwen kap pale la, paske yon fòm ki gen 92 kesyon an jeneral se pa pise krab vin jwenn si wap pote boure sou li. Kote nou ka pran chans fil yon kat travay epi fè erè ladan l ki ka lakòz li an reta nan voye dokiman ale tounen, azil la se diferan. Se chwa sa yo, si se pa “appeal”, “dismissal “ se rache manyòk ou.
Tout sa pou m di nou, si w konfidan nan reponn 92 kesyon yo, prepare “statement”, reyini evidans pandan wap evite itilize ChatGPT pou pa voye repons otomatik, la ou ka vanse sitou si w gen esperyans.
✔️Yon lòt kote Mèt lan peze sou screenshot ki anba👇 , pou li, pati sa dwe reflete sa ki di nan statement lan, li konseye moun tou itilize teknik piramid tèt anba pou kapab dekri ensidan epi pa fè repons yo twò long pou w kapab plis tonbe daplon . Yon lòt kote pa fè erè anpil lòt fè, toujou kwoche “convention torture” menm lè li pa youn nan 5 rezon yo. Gen anpil rezon pou sa kou vant mwen plen ma esplike nou sa.
Enfòmasyon sa enpòtan, pase l bay yon lòt lap itil li epi evite pwoblèm.
#Immigrants #Immigration
Immigration: Anpil moun pèdi randevou anpwent yo, randevou tribinal yo paske yo pat chanje adrès yo sou USCIS oubyen nan "Immigration Court" avan yo kite adrès yo te ye avan. Si tout fwa ou chanje adrès, pran san w li tweet sa paske lap ede ou anpil.
Pou w pa pèdi mail, kat travay, dokiman enpòtab oubyen randevou "immigration court" premye bagay ou dwe fè se chanje adrès ou sou #USCIS, #EIOR oubyen #BIA sa depann de kote ou wap veye dokiman. Ou pa dwe pran tan pou w fè sa, li plis konseye pou menm fè l avan w kite adrès avan.
Pou #USCIS li fasil, ou pa bezwen peye pou fè sa, ale sou lyen sa https://t.co/rMSmme2Hte kidonk ou pa bezwen ale pèdi tan pou fil fom AR-11 nonplis. Monte sou kont USCIS ou fè sa pou kont ou, epi save $50 sa.
Poutan pou yon moun ki pase fwontyè Meksik epi ki chanje adrès, ki pa rete kote li te rete avan oubyen si li chanje State, pwoseès lan diferan la. Pou m klè ak nou, se nan adrès ou te bay avan randevou "Court" ou ye, kidonk li enpotan pou chanje adrès ou epi enfome Executive Office for Immigration Review (EIOR), fok Immigration and Customs Enforcement's (ICE) konnen sa ak Board of Immigration Appeals , yo tout dwe konnen chanjman sa.
Si tout pwosès sa pa fèt byen ou riske pèdi randevou tribinal ou paske distans lan oubyen nan yon lòt State. Epi li tre sansib, si w pedi randevou "COURT" jij lan kapab mete w sou "Removal Proceeding".
Pou m klè ak nou, pwosès sa pa fasil, si w pa konnen koman pou fè l mwen konseye ou jwenn avoka w oubyen yon biwo ki kapab ede ou paske fòk ou enfòme chanjman sa yo nan biwo anlè yo.
Pou plis èd ak detay, @web509_llc kapab ba w plis detay, epi pou konnen kèk teknik ki ap ede ou "save " lajan swiv channel sa, tips sa yo gratis: https://t.co/hYFNjSFrCB
Ou twouve enfomasyon sa yo itil? Pataje ak yon lòt. Mesi
#eoir #bia #uscis
#Immigration: Sa se 2 zèl kat nou dwe rale youn dèyè lòt pou move nouvèl pa panike nou nan dènye moman sa yo:
Premye a se yon las pik, tout moun ki te vini avan 3 Jen 2024, ke w te vini nan Biden ke w te pase sou fwontyè, depi ou kapab pwouve sa ou kalifye anba TPS sa, ebyen pwofite aplike aprè m fin fè tweet lan si w poko fè sa, pandan sa tou kòmanse prepare azil nou dayè se pou rezon imanitè nou gen pawòl, se paske Leta pa ka ba nou sekirite ki fè nou kite lakay nou, kay anpil nan nou boule, lide tounen pa nan tèt nou koulye a paske demen nou pa asire avan pwoblèm sa yo rezon. Sa se yon you nan rezon ki fyab pou kalifye yon moun pou azil. (Political grounds).
Ann pran yon wa koulye a, moun ki ki vini aprè 3 Jen pa kalifye pou TPS se vre men tou pwofite mete pye nou nan yon lòt tren, otorizasyon nou an valid jouskaske so 2 zan depi Ayewopò a montre li valid toujou pa ekzanp I-94 se dat ou gen pou pase isi legalman tankou yon moun kap vini jodi an ap gen 5 Otòb 2024 pou 5 Oktòb 2026 kidonk pandan sa ou gen titan pou prepare azil nou menm lè pi bonè se granm maten, mwen konnen malfèktè 😂 ka fè pase move moman men mande fanmi nou pou rete konekte ak @dennly109 pandan map pran tansyon bagay yo pou nou.
Pou moun ki te kite yon lane pran yo isi ki pat aplike pou azil, nou gen kat nan men nou toujou, toutotan TPS ak Parole nou valid nan men nou toujou , nou kapab aplike. Gen kote nan fòm I-589 lan pou bay rezon ki fè ou pat aplike pandan 1 an, lè sa si se @web509_llc oubyen @Acdrivingsch kap ede ou, oubyen kèlkeswa lòt biwo an, yap esplike sa epi montre nou gen yon estati ki valid aprè yon lane ou pat aplike an.
Ou wè koulye a, nou ka koupe kèlkeswa zèl kat ki vini devan nou, jwèt pou nou.
Tweet sa se yon tweet $200 konsiltasyon, mwen lage l gratis, yon sèl bagay map tann nan men nou lage l nan yon estati #WhatApp nou, fè screenshot, bookmark li, epi pataje l ak yon lòt paske dosye avoka isi se bagay ki koute lajan yon azil kapab koute sòti $3.5 mil dola rive $15 ( https://t.co/I8c89ApK0p) mil kwake pa gen twòp gwo bagay Mèt lan pral ede w fè.
Mwen pa nou pri yo paske gen moun ki pa bay bagay gratis twòp enpòtans konsa nap konprann yon bon tweet koute kòb nan zafè imigrasyon.
———
Youtube: https://t.co/SpLxGn1KPZ
TikTok: https://t.co/e2JUp72nBW
IG: https://t.co/IRpGtGKmNG
Bon Samdi!
#𝐈𝐦𝐦𝐢𝐠𝐫𝐚𝐭𝐢𝐨𝐧: Sitwayen #Venezyela yo resevwa plis bon desizyon azil pa bó isi, dèyè yo Cuba vini tou dwat, se pa paske yo plis entèlijan nan reponn kesyon oubyen plis pèsekite lakay yo.
Rezon an senp, avoka imigrasyon Latino yo itilize #YouTube ak lòt Platfòm ankò pou bay konsèy yo. Moun sa yo gen anpil oganizasyon tou ki mete ak avoka ki bay anpil enfòmasyon tankou fason pou kolekte evidans, dekri sitiyasyon yon mannyè pwofesyonèl ki fokis sou kòman pou yo prezante dosye yo an, epi esplike byen rezon ki lakòz yo panse yo dwe kalifye pou azil. Moun sa yo vin maton anpil, yo pase entèvyou azil yo byen fasil epi trennen fanmi yo ki sou dosye yo vin viv ak yo #Etazini.
Pou m onèt ak nou, nou pa gen anpil avoka, yo pa vrèman kwè tou nan bay goute avan, yon estrateji ki mache byen pou avoka Jwif yo ak Latino yo.
@web509_llc pa yon kabinè avoka men nou chèche enfòmasyon yo kote yo ye a, nou konekte ak anpil kabinè tou ( Rocket Lawyer) ki chaje ak avoka ki prè pou ede, nou konekte tou ak anpil “Pro bono” avoka ki pa sispann ede gratis. @web509_llc ap kontinye bò kote pa l vanse nan bay èd pa li pandan lap esplike epi bay konsèy pa li ki onèt e fyab.
Anatandan, tout followers @dennly109 yo gen 15mn gratis sou kòman pou yo abòde dosye yo epi montre yo kòman yo kapab itilize teknoloji pou fè dosye yo kanpe djanm!
——-
👉Si mesaj sa rive sou gwoup #WhatApp, si tout moun retweet li oubyen jwenn li epi kòmanse konprann itilite li, nou panse nou ka pase devan #Venezyela lòt ane ki pral vini la yo.
#entegrasyon #Immigration