@claudejoseph03 Bon ou alez sou moun ?? Ki diferans ant ou ak PHTK?? Se pa te ou ki te chef CSPN le yo te assassiné prezidan peyi an ?? Nan peyi serye où se yunnn nan konsene yo pou te bay koman yo assassiné li menm Chen lakay li pa blese.
Ou se premye pwofèt laviw,tout bagay fèt a pati de la pawòl,saw di sou la viw la se li kap fèt,saw atire sou la viw la se li kap rive,siw kwè tout bon Case ou a pa lwen konfime,ekri sèlman « CASE CONFIRMED» anba tweet sa 👇🏽👇🏽👇🏽👇🏽👇🏽
Erè Dominiken yo fè, yo panse tout Ayisyen prèske mouri grangou, tout Ayisyen ap manje gato labou… Yo panse tou yo menm Dominiken yo siperyè, se yo k ap ede nou epi nou se yon bann engra. Mwen menm mwen twouve pifò ladan yo sòt paske yo pa aprann listwa. Se esklav nou te ye lè n te fè endepandans nou. Nou pa t konn manje ni oma, ni zwa. Nou te bat yon lame ki te panse li siperyè tou e se kontinan Amerik la ki dwe nou rekonesans pou sa nou kontribiye nan libète l. Nou pa gen pou n santi nou konplekse devan yon bann grimo rasis ki toujou panse yo se blan.
📣Nan peyi Kenya🇰🇪Alfred Mutua pèdi djòb li kòm Minis Zafè Etranjè. Prezidan Kenyan William Ruto remanye gouvènman an, e transfere Alfred nan Ministè Touris. M. Mutua pèdi pòs sa, kèk jou aprè li te kouri pran devan poul di, polisye Kenyan yo ta dwe deplwaye an🇭🇹Ayiti, nan yon ti tan ankò. Remaniman sa vini nan yon moman kote opozisyon politik la nan Kenya, ap pwoteste kont lide pou pou peyi yo dirije yon misyon sekirite an Ayiti. Opozan yo di, polisye Kenyan yo pa pare pou yon misyon konsa. @AP
Li lè li tan pou bagay sa yo sispann flannen sou etajè makèt ak boutik Ayiti. M pako janm wè yon byè Prestige nan yon makèt oswa yon colmado dominiken. Pa gen okenn rezon pou nou trete yo pi byen pase jan yo menm yo trete nou. An nou konsome lokal!
#𝐑𝐞𝐬𝐨𝐮𝐫𝐜𝐞𝐬: Gen anpil bagay ou kapab vann online aprè ou fin genyen yon website, ou kapab fè plis pase $3.000 chak mwa ak li. Men 7 lide ak sa w kapab fè online epi fè lajan pandan ou ap wonfle. 😴
✔️ Pwodui ou fè lakay ou tankou art, bèl mayo, bèl sandal , bijou, kolye , pwodui dekorasyon tankou bouji santibon, bèl tablo fotogafi elatriye.Jan de pwodui sa yo si w byen prépare yo epi mete yo sou yon website byen design, otomatikman ou mèt kòmanse niche dwèt ou.
✔️ Pwodui Dijital: Kreye epi vann pwodui dijital tankou liv, liv online, vann klas, vann kou matematik, chimi , fizik online oubyen fè bèl foto pou vann tankou “Stock Image” epi fè lajan.
✔️Print-on-Demand: Ou ka itilize modèl sa pou vann mayo," case” telefòn, képi, tas elatriye epi poste yo sou website ou pandan w mete bon pri sou yo.Ou kapab kreye yon bèl design epi vann li sou nenpòt sipò epi fè lajan.
✔️Dropshiping: Ak modèl biznis sa, ou kapab vann yon bann bagay san ou pa ni jere “inventory “ oubyen “shipping.”Sa w fè sèlman nan modèl sa se patnè sèlman ak yon biznis ki ap vann pou ou pandan wap fè pwofi lè w vann ak pi gwo pri.
✔️Si ou konn fè bon bwason, likè, kremas, ou konn fè piman, tablèt, épis ak anpil lòt bagay ankò moun kapab sèvi nan kizin, Fè bon “dressing”ak bon pwodui ki fèt ak tafya. Ak yon website pou vann yo, wap sezi wè pwodui ou kwaze pye l nan gwo makèt isi. Se demann lan ki ap mennen pwodui an.
✔️ Pwodui sante ak “beauty”: Makèt sa grandi rapid, yon bon pwodui kase vant menm mwen menm map nan men w😂. Pwodui pou po, pwodui ki fè medam yo klere yo vann tankou pâte cho. Jwenn ak yon espesyalis epi vini ak yon non sou makèt la epi wa banm nouvèl. Se menm modèl sa @blondeferdinand itilize epi pran kontwòl mache a.
————————-
Pou kòmanse yon biznis nan lide ke m sot bay anlè yo, ou kapab swiv kont sa si ou vle @web509_llc . Gen anpil lòt ankò ki ap fè yon bon travay.
Pa bliye pataje, gen moun ki ap tann tweet sa pou kòmanse fè lajan.
🚨 Un cas très rare ! Un jeune couple de l'Ohio (États-Unis), né le même jour, a accueilli des jumeaux (un garçon et une fille) le jour de leur anniversaire, le 18 août !
La probabilité qu'un bébé partage son anniversaire avec ses deux parents est d'environ 1 sur 133 000 selon l'hôpital pour femmes et enfants de Huntsville, sans parler de jumeaux…
Les 4 membres de la famille vont donc désormais tous célébrer leur anniversaire le 18 août suite à des circonstances vraiment uniques. 👨👩👧👦🎂🎈 (via NYPost)
#News: pwogram reyinifikasyon familyal siw bezwen knen siw resevwa envitasyon ou elijib konnya pouw soumèt fòm I-134A li pou moun kew deja soumet fòm I-130 ke @USCIS deja apouve wap antre sou link lan https://t.co/hFdXVhCbp6 wap mete fòm I-130 lan men se pou moun ki deja apouve
#Resources: Eske w te konnen ou pa oblije #Etazini pou w ap travay nan yon konpayi pa bò isi ? 𝟳 𝘄𝗲𝗯𝘀𝗶𝘁𝗲 𝘀𝗮 𝘆𝗼 𝗯𝗮𝘆 𝗺𝗼𝘂𝗻 𝗸𝗶 𝗽𝗮 𝗘𝘁𝗮𝘇𝗶𝗻𝗶 𝗽𝗼𝘀𝗶𝗯𝗹𝗶𝘁𝗲 𝗳è 𝗹𝗮𝗷𝗮𝗻 𝗽𝗮𝗻𝗱𝗮𝗻 𝘆𝗼 𝗰𝗵𝗶𝘁𝗮 𝗹𝗮𝗸𝗮𝘆 𝘆𝗼.
(Remote jobs)
✔️ TTec
https://t.co/kEpzKQt4fe
✔️ Teleperformance
https://t.co/E5MxooACUO...
✔️ 10up
https://t.co/r4Wq0oRlnn
✔️ Automattic
https://t.co/Vqc8rNIVH0
✔️ Buffer
https://t.co/6EIZ1dUIwm
✔️ Zapier
https://t.co/dXm1S9h9pk
✔️ Shopify
https://t.co/tG1h842r4U
Note: Fòk mwen di nou tou, jobs sa yo mande konpetans an anglè. (nivo Toefl), men menm jan nou konn tande aksan Indyen, Jamaicain, Latino ak Filipyen ki ap travay nan “Customer support”, Help Desk Technician” depi nou gen nivo sa nou kapab kòmanse aplike.
--------------------------------
#MystaLive #jobseeker #6160224test
#GeminiFourthConcertD1
🚨 Âgée de seulement 17 ans, Dasia Taylor est un véritable génie du domaine scientifique. La jeune fille a réussi à mettre au point des fils de suture très particuliers qui changent de couleur en cas d'infection, afin de surveiller le processus de cicatrisation.
À force de détermination, Dasia Taylor est parvenue à obtenir un résultat redoutablement efficace. Cette dernière s’est alors servie de jus de betterave, de couleur rouge, pour teindre les fils de suture. Il se trouve que la betterave, lorsqu’elle entre en contact avec une infection, change d’aspect et va prendre une teinte violette plutôt que rouge. Une découverte qui a révolutionné le monde médical !
Dasia, aujourd'hui directrice générale de son entreprise, a été nommée femme de l'année par USA Today suite à cette découverte. 👏🩺 (via CultureFemmes)
#Resources: Anpil timoun vini nan pwogram lan ak paran yo oubyen yon gadyen. Timoun sa yo dwe kontinye ale lekòl primè jiskaske yo janbe nan lòt nivo. 𝐅è 𝟕 𝐛𝐚𝐠𝐚𝐲 𝐬𝐚 𝐲𝐨 𝐞𝐩𝐢 𝐭𝐢𝐦𝐨𝐮𝐧 𝐲𝐨 𝐩𝐫𝐚𝐥𝐞 𝐥𝐞𝐤ò𝐥 𝐬è𝐦𝐞𝐧𝐧 𝐬𝐚:
Avan tou, ane timoun lan fèt lan ak kote lap viv lan detèmine ki kote li prale lekòl.
Ki papye wap bezwen pou enskri timoun lan lekòl?
✔️ Proof of residency: Wap bezwen yon papye ki pwouve timoun lan ap viv lakay ou, yon papye tankou kontra kay la, papye bank, yon bill ki vini nan adrès la, se youn ou lòt.
✔️ Proof of age: Fòk ou pwouve laj Tijan , pote ak de nesans li oubyen paspò li, pa bliye mache ak papye “Immunization” li ki bay detay sou sante li.
✔️ Si w mache ak prèv ou poko ap travay oubyen ou poko ap fè gwo kòb, sa ap ede Tijan jwenn manje gratis ou pap bezwen pote bwat jan w konn ap fè l kay Amédée.
✔️ Pa bliye menm lè lekòl la kòmanse 2 semenn de sa kèk kote, Tijan te mèt sòti Pòtoprens aswè a, depi w gentan fè oubyen genyen papye m sot site yo prè ou mèt mennen l lekòl Lendi.
Nou tout konnen Tijan pale Kreyòl ak Fransè, sa pa pwoblèm, enfòme sa lekòl la, yap mete l nan yon “Bilingual Education Pwogram” oubyen jwenn èd tradiksyon jiskaske l pale anglè.( sa varye, pwofesè yo konn mete yo nan klas la epi jwenn tradiksyon pou yo)
Pa gen machin pou mennen Tijan lekòl? Sa pa pwoblèm, pandan enskrisyon an di sa nan lekòl la yap detemine kote w rete a epi “bus” pral pase pran Tijan mennen l lekòl.
Antouka , pa bliye moun pa kenbe timoun nan kay isi depi li gen laj pou ale lekòl, klike sou lyen sa, 👉https://t.co/Q0xSdAjqp0 rantre “zip code “ ou epi wap jwenn lekòl ki pi prè lakay ou an.
Si w twouve pòs sa kapab ede timoun yo ale lekòl sitou ak paran yo ki poko konnen sa pou yo fè, pataje l, kòmante epi “like.”
#School #Fall2023
#Resources: Jodi a #Fall2023 kòmanse, si w pat konn sa m raple nou sa! Anpil #Paroled gentan nan klas jodi a. Pa bliye mwen pap pwomote lang Shakespeare an, — dayè mwen pa negosye Kreyòl mwen — men pa bò isi, anglè a se yon nesesite. Antouka, se pa objektif pòs lan se te yon rale. Anba, mwen pral mete lis 𝟕 𝐛𝐨𝐮𝐬 𝐝𝐞𝐭𝐢𝐝 𝐩𝐨𝐮 𝐞𝐭𝐢𝐝𝐲𝐚𝐧 𝐧𝐰𝐚 (𝐁𝐥𝐚𝐜𝐤 𝐒𝐭𝐮𝐝𝐞𝐧𝐭𝐬) sèlman. Si po w lanvè, ou pa menm bezwen pèdi tan w ou aplike:
1. Ron Brown Scholar Program
2. EPP/MSI Undergraduate Scholarship Program
3. The Gates Scholarship
4. NSCA Foundation Minority Scholarship
5. Actuarial Diversity Scholarship
6. Anna V. Waters Scholarship
7. Bonus
Genyen nan lis sa ki bay jiska $45.000 pou etidyan nwa aprann.
#Share , #Comments, #Likes
#Bonus: Si w nan #Florida epi ou se yon bon #followers , DM mwen map ba w yon youn nan pi gwo Konpayi ki sipòte Black Students nan Florida ki mete $800.000 disponib pou peryod 2022-2023.
#fall2023 #Scholarships #Blacks
Men lis tarifikasyon tout sèvis #USCIS yo,ou pa bezwen mande moun ankò,tweet sa enpòtan anpil,wap jwenn tout fòm ki koresponn ak chak saw bezwen,patajel tweet la epi sere li 🔄🔄🔄🔄🔄🔄🔄🔄🔄🔄🔄🔄⬇️⬇️⬇️⬇️⬇️⬇️⬇️⬇️⬇️⬇️⬇️⬇️⬇️⬇️
https://t.co/ZF0SwW3yOW
@Tonymixhaiti Pa okupe @rutshelle la , mw li pa tap jwnenn mw depi lel te di li pa deal ak Ayisyen an , mw San estim pou li , mw swete li pa mete zagol Okap anko.
Gen Moun ki dòmi ki pa leve, Gen lòt kap soufri sou kabann lopital pandan yo Tal dòmi yo pat gen anyen, ou menm Bondye fè'w gras ou leve maten an byen vivan , Ann Di Bondye mèsi pou sa!
Mwen chanje nom sou Twitter,siw ap chèchem sou promonews la ou pap jwenn mwen ankò,kounyea se nom pam mwen mete @clarenscharles_, mwen santil pi fè sans pou mwen 🙌🏼,se menm Vibe la nap jwenn .
Nou pa gen chanpyona nasyonal lakay nou depi dikdantan
Nou g on federasyon foutbòl moribon
Nou kalifye pou PREMYE koupdimonn nou ak zong
Menm match preparasyon/antrènman se kay vwazen nou fè yo
Ekip la rive nan PREMYE MONDYAL li san yon grenn esponnsò
Ekip la tonbe nan yon gwoup ki gen 3 towo ladan
Nou pèdi 2 match sou ti detay, 2 gòl, 2 pennalite
Mwen ka konprann nou desi. Men moun ki MERITE plis yo, se medam yo se pa noumenm. Se yo k travay pou rive kote yo ye la. Sa pa ka fè nou plis mal pase yo.
Kidonk koze kremòl nou yo, kenbe yo pou nou. Nou pa vle chofe yo ankò debare lòt ki vle rete la yo.
Ekip la se 22 zan laj mwayèn li ye. Tout avni li devan li. Noumenm ki vle rete abò tren an, an n pa dekouraje.
#GrenadyeAlaso 🇭🇹🇭🇹🇭🇹