Nap travay sou yon pwojè k’ap apwann ou kijan pou envesti nan stock market la
Pouki kite lajan’w labank tandike lèw envesti lap gwandi pandan’w pa bezwen fè anyen
M’espere na jwen valè ladan’l
Si’w gen konpetans nan yon sijè, pi bon jan pou nou vanse etan ke pèp se pataje ti bout konesans yo ak sak pa konnen yo
N’ap voye 27 Dell laptop nan komin nou kote anpil ti jèn ap gen chans apwann san yo pa bay yon goud.
#konbitdev#Ayiti
Di’m 3 bagay ou regrèt lekòl pa apwann oswa sispwann apwann?
Pou mwen se:
1.) edikasyon sivik e moral
2.) kijan pou’w fè biznis
3.) enpòtans fè konbit
E ou sa’w panse ki manke 👇
Enpòtans lè'w envesti olye ou sere tout kòb ou labank
Yon moun ki te evesti $1000 lè konpayi sa yo te fenk komanse gade ki valè mil dola sa tap ye jodi a.
Sere lajan labank se kòve. Ann fè yon ti analiz
Yon bank tankou Citibank ofwi 0.06% enterè tandike konpayi koka-kola ofwi 3% enterè
Banm bay nou yon ekzanp. Si’w gen $10000
Citibank ap baw $6
tandike
Koka-kola ap ba’w $331
Envesti lajan’w nan stock market pou lon tèm.
Ou pa gen enterè kite lajan'w chita labank
Si'w:
Ayiti - ouvè ou yon biznis,
chèche ofri yon solisyon a yon pwoblèm,
gade ki bezwen moun yo menmsi se yon makrèl l'ap rapòte'l plis ke sa bank la ap ofri'w
Etazini- +... envesti nan stock market la,
achte aksyon ki garanti
Si'w ap viv Etazini
Mete yon ti kòb sou kote pou:
> ijans [saving akawont]
> lwe yon apatman ak yon lòt
> retrèt ou [401k, 403b, Roth IRA]
> mache dechanj [Dividend stocks]
> apwann yon metye pou'w sèvi yon lòt
Envesti jodi-a li pa janm twò ta
Wap travay di
Wap fè lajan
Ou fèl pou tèt ou
❌ Se pa sa ki rele byen viv
Lè'w chèche ede yon lòt pwochen ki nan bezwen ekspètiz ou
Epi'w reyalize akoz de ou moun lan pa janm abandone
✅ Eben se lè sa wap bien VIV tande
Fondasyon pou'w kreye richès:
- Pa kenbe okenn vye dèt
- Vi yon vi modès
- Fè ekonomi tou otan ou kapab
- Envesti tou kòb bwas ou fè
Rete konsistan
Kenbe yon mantalite alontèm