Swiv nou pou w ka konn dwa ak devwa w, nou gen yon ribrik chak mèkredi soti 7è pou rive 11è nan aswè.
pa neglije poze nou kesyon paske nou la pou nou sèvi w.
Apre sa, dwayen an bò kote pa l ap chwazi yon jij enstriksyon pou travay sou dosye a, se jij sa lalwa bay pouvwa pou arete moun apre flagran deli (sa vle di 48 è apre aksyon an fin pase).
Men yon ti limyè sou DWA ak PWOSEDI PENAL ki di kijan bagay yo dwe fet pi espesifik konsènan afè jij MADAM COQ la.
Daprè lalwa piske krim lan fèt 7 jiyè, komisè gouvènman te genyen jiska 9 jiyè pou l arete tout moun li konsidere kòm sispèk.
Depi 9 jiyè fin pase, komisè a paka bay manda pou arete pyès moun nan kad dosye a. Se sa lalwa di.
Sal dwe fè se ekri yon papye ki rele *rekizitwa enfòme* lap voye bay dwayen tribinal la ak non tout moun li vle pouswiv, kit se sak deja arete, kit se sak poko arete.
@laloidemabouche Ou te mèt t al chèche yon vèsyon mandaren menm sa ki di a klè e li san anbigite konstitisyon 87 la entèdi tout référendum ki gen pou objektif chanje konstisyon an.
@laloidemabouche Pa gen plizyè degre nan chanje konstitisyon, ke l se amande, ke l se eimine l nèt atik sa valab pou tout.
Anplis konstitisyon an se premye nan iyerachi nòm yo. Vyole konstitisyon an se rann l'ÉTAT fèb, se yon atak kont souverènte l'ÉTAT.
Konstitisyon 29 Mas 1987 la nan Atik 284-3 opoze ak tout modifikasyon, chanjman Konstitisyonèl pa vwa referandòm.
Sa vle di daprè Atik sila tout referandòm ki gen pou objektif chanje konstisyon an, modifye l "KONPLÈTMAN ENTÈDI"
Gen " nullité relative " gen " nullité absolue"
Atik 128 kòd sivil la prevwa ka sa, si w gen prezonpsyon lanmò sou madanm ou, lalwa paka di se bigami, si w al kontrakte yon nouvo maryaj san premye a pa disoud nan ka sa dezyèm maryaj la ap frape de" nullité relative"
@KonnDwa Et si tt fwa mw finn marié epi fi a vinn vwayaje,,,m'pa jnm gn nouvèl li ankr dpi lèl vwayaje a,,, m'diside re-marié kmn procedure sa ap ye??? 2)Et si a vinn rentré li aprnn mw re-marié èske'l ap kapab fè contradiction ah'k nouveau maryaj mw an???
Ou mansyone yo pa dwe gen lyen parante ou site manman ak pitit, papa ak pitit fi li, tant ak neve, tonton ak nyès.
Èske kouzen ak kouzin ka marye pase Atik 149 la pa mansyone l ?
@JosephMarcEdou5 Atik 150 kòd sivil la klè sou sa, li entèdi pou w marye ak ni bèlsè w ni bòfrè w.
Men nan ka lanmò a, Prezidan repiblik la sèlman ki ka bay otorizasyon Maryaj sa.
Men si se divòse yo divòse, Maryaj sa p ap janm posib
#ThreadMaryaj
Lizay !
"Konn DWA w ak DEVWA w" ap pale w de "Maryaj" aswè a.
MARYAJ : Selon lalwa, se yon kontra sivil ki gen pou objektif ini 2 moun ki pral marye, ki gen obligasyon youn anvè lòt ki se fidelite, sekou ak asistans.
Ki sa kontra maryaj la ye ?