Pi gwo remò lanmou konn pote se lè’w envesti’w a 100% nan yon relasyon ou damou fou ou kite tout bon moun serye ki te sou wout ou ale epi’w pa reyisi kenbe grenn sa’w tap goumen pou li a , kale je’w gen moun ki pa vinn pou rete nan vi'w se misyonè yo ye 🤚🏾
Asire’w pou moun ou renmen an moun ou prè pou'w fè tout bagay pou li a ke li men'm li prè poul fè resiprosite a , asire'w moun ou fyè pou’w di madanm ou an , li fyè tou poul di'w ou se maril 🤌🏾
Pi bèl moman nan fè sèks se lè’w damou tout bon , yon moun ki renmen’w sanl pa nan fè sanblan poul abize’w mesye dam chache konnen patnè nou yo byen tande poun ka wè vrè dousè plumen🤌🏾
Chak pye lejè gon gason serye nan vi yo pou yo kale tèt yo epi tronpel , chak vagabon gon bon fanm nan men yo pou yo fèl soufri epi fèl pè renmen ak lòt gason 🤚🏾
Sa ou te panse ki tap detwi’w la , se li menm ki fòme kouraj ou lavi a konn frape fò , men chak doulè se yon pouse pou’w leve , aprann , epi vinn pi solid🤚🏾