Plizyè manm nan popilasyon an kite kontakte nou, denonse lapolis nan latibonit kita touye kèk inosan sou wout nasyonal #1 nan lakwa peris vandredi 11 septanm 2026 la, Guivenschy Moïse Eugène ki pèsevere nan ( paroisse St Thérèse de l'enfant Jésus Des Gonaïves) fè pati viktim yo.
Jounen samdi 19 septanm 2026 la, Pastè Efese FENELON enskri kòm elektè, Nap raple sèvite bondye a, ap poze kandidati li pou majistra komin gonayiv, nan prochèn eleksyon ki prevwa fèt nan fen ane a. #TÉLÉMOBILE.
114 militè Fòs Lame Ayiti kite peyi a vandredi 18 septanm 2026 la pou ale Meksik,kote yo pral patisipe nan yon pwogram fòmasyon, deplasman sa fèt nan kad akò koperasyon bilateral ant Ayiti ak Meksik,ansanm ak pwogram fòmasyon teknik ak taktik ki etabli ant fòs lame de peyi yo.
Samdi 19 septanm 2026 la, Mèt Beaugé ONATECHE konfime lapolis nan gonayiv arete Direktè Radio Ultra a, Marcel JOSEPH alyas Desayi pou difamasyon lite fè kont li sou Fesbouk ak radio lap dirije a, nan kad yon dosye tè ki nan gwomòn. pou kounye a, dosye a nan kabinè enstriksyon
Jounen mèkredi 16 septanm 2026 la, doktè Adeclat Jameson anonse kandidati li pou pòs depite komin gonayiv pou prochèn eleksyon ki prevwa òganize nan peyi a.#TÉLÉMOBILE
Maten madi 15 septanm 2026 la, Bandi kokorat san ras ak gran grif atake zòn mamon/ pòl nan sen michel, malfwa yo touye epi blese manm nan popilasyon an, aksyon sa fèt, kèk semèn aprè pòt pawol polis latibonit lan te fè konnen genyen prezans yon cha blennde nan komin lan.##MOBILE
Maten lendi 14 septanm 2026 la, 4 Cha Blennde sòlda etranje yo ( GSF ) rive nan komin gwomòn nan kad yon plan operasyon ki vize kraze fraye gang kriminèl yo selon vis delege awonsman an, Raphael C. MARADO.
Kredi imaj: #GrosmorneTV
Depil te fè 4h nan aprè midi dimanch 13 septanm 2026 la sou Radio Satellite 100.5 gonayiv, Alexandre ROGERY ap bay plizyè dizèn timoun kit eskolè, tankou kaye,plim, kreyon,valiz, pou benefisye kit yo, rele 4200-7651, yon bòt bò,Alexandre ap peye lekol pou plizyè elèv lise ane sa.
Se nan lokal Lise Jean Robert CIUS nan zòn raboto nan vil gonayiv jounen vandredi 11 septanm 2026 la, kandida pou pòs senatè latibonit la, Fred Evens Sylvain enskri kòm elektè, nap raple eleksyon yo prevwa fèt mwa desanm pwochen.#MOBILE
Enfòmasyon kap sikile sou rezo sosyal yo ki ta fè kwè ansyen depite komin gonayiv la, Mèt Guy Jacob LATORTUE ta pèdi lavi li pa genyen kenn verite, ( Rumeur ) nou konfime jedi 10 septanm 2026 la, sante avoka a anfòm. #TÉLÉMOBILE.
lendi 07 septanm 2026 la, gang kokorat san ras la nan tibwadòm kidnape mèt Caleb JEAN- BAPTISTE, ak Direktris ( ONAPÉ ) Stéphanie PAULTRE epi yon polisye sou wout Ènri a nan Latibonit, aksyon sa fèt pandan yo tap soti nan lansman ofisyèl ane akademik 2026/2027 la nan komin Ènri.
An prezans plizyè dizèn vodoyizan, avoka ak jij, Ougan Wisly Garry LOUIS asèmante jounen madi 08 septanm 2026 nan tribinal premye enstans gonayiv la, nan deklasyon'l, sèvitè a fè konnen li pral travay nan enterè kwayan yo pandan li priyorize gerizon ak verite.#MOBILE
Sa te deja anonse, aprè yon inondasyon kite fwape vil gonayiv nan lannwit madi 01 pou louvri mèkredi 02 Septanm 2026 la, pou aprè midi a, Konpayi PAPAYO GWOUP nan tèt kole ak meri a lanse yon seri netwayaj nan zòn ki inonde yo, tankou ri egalite ak bwadòm.#TÉLÉMOBILE.
Direktè Jeneral Meri gonayiv, Adens PIERRE, konfime vil la inonde soti nan sware madi 01 pou louvri maten mèkredi 02 septanm 2026 la, pilwen li deklare meri a pa genyen yon bilan sou inondasyon an, sepandan, yo deja pran kontwòl sitiyasyon an.#TÉLÉMOBILE
Aprè plis pase 25 jou depi rive fòs represyon gang lan nan latibonit, Gwoup gang kriminèl yo toujou gen kontwòl totalman komin machan, malfwa yo itilize kay popilasyom an pou abite, nou remake sòlda etranje yo kontante yo nan fè sikilasyon nan sant vil gonayiv 24 sou 24. #MOBILE
Nan yon mikro totwa nou reyalize, plizyè paran denonse kèk direktè lekòl prive nan gonayiv ki fikse pri ane eskolè 2026/2027 la an dola ameriken, pandan setan peyi a se ak goud li fonksyone, nan sans sa, paran yo mande minis edikasyon an, pou di yon mo nan dosye sa rapid vit.
Le taux de référence bancaire calculé par la #BRHHaïti est de 151,82 goudes pour un dollars américain. Ce taux de référence est calculée en fonction des transactions et des opérations effectuées la veille sur le marché des changes selon la #BRH.
#KoudèyEnfoNews.
Aprè 4 fanm nan zòn byenak nan gonayiv fin vyole yon adolesan 17 lane, Steevens ROSEMONT kise avoka kap defann kliyan an fè konnen yo resevwa anpil ka kote medam yo ap fòse gason yo bay plizyè ke nan yon sèl jou, avoka a fè konnen fòk pratik sa sipann.
#KoudèyEnfoNews.
Ernitha DACEUS se non yon manman ki pouse 3 pitit 30 desanm 2022 a nan gonayiv, 2 tifi ak yon tigason, papa timoun yo kitap pale nan mikro laprès mèkredi 08 mas 2023 a fè konnen se premye fwa manman an fè 3 timoun yon sèl kou, sa ki bay fanmi an yon total 9 pitit.
#KoudèyEnfoNews