FHF – Seleksyon Nasyonal Gason U-14 : Jean-Marc Alexandre ak Charles Hérold Junior pran tèt Grenadye yo
Federasyon Ayisyèn Foutbòl (FHF) kontan anonse nominasyon Jean-Marc Alexandre kòm antrenè prensipal, epi Charles Hérold Junior kòm antrenè adjwen Seleksyon Nasyonal Gason U-14 la. Ekip la pral reprezante Ayiti nan CFU Challenge Series, ki pral dewoule soti 14 pou rive 23 out 2026 nan Repiblik Dominikèn.
Ansyen kapitèn Grenadye yo, Jean-Marc Alexandre (39 an), jwe 36 match ak seleksyon nasyonal la epi make 2 gòl. Pandan karyè pwofesyonèl li, li te evolye nan klèb tankou Real Salt Lake, Orlando City ak San Jose Earthquakes Ozetazini.
Bò kote pa l, Charles Hérold Junior (35 an), ansyen entènasyonal ayisyen epi aktyèl antrenè prensipal Tempête FC, pral mete eksperyans li nan sèvis ekip la kòm antrenè adjwen. Li te jwe tou pou Cibao FC nan Repiblik Dominikèn.
Avèk nominasyon sa yo, FHF reafime angajman li pou mete ansyen entènasyonal yo nan sèvis devlopman foutbòl ayisyen an, pou ofri yon sipèvizyon kalite epi ede prepare nouvo jenerasyon Grenadye yo.
Chanpyona Nasyonal U-14 la, k ap dewoule kounye a nan diferan rejyon peyi a, se prensipal mwayen pou detekte jèn talan ki pral reprezante Ayiti nan konpetisyon rejyonal sa a.
FHF Kominikasyon
24 jiyè 2026
Duckens Nazon desann, pye atè, pou jwe foutbòl ak kèk ti gason nan lari an Ayiti !
Yon jès ki konte. Yon kès ke ti mesye sa yo pap janm bliye tou. 👏🏽🇭🇹
Se pa yon antrenè ki fè jwè li yo pè ekip advès yo depi avan match la jwe.
Se yon antrenè ak ide epi prensip jwèt. Ki gen yon metòd klè.
Se yon antrenè ki konn analize match, ki pap fè chanjman pou fè jwè plezi.
Se yon antrenè ki dwe fyè de pakou li aswè a. 🤝
Si Cap-Vert ka fè gwosè pèfòmans sa yo, se paske l te gen Bubista sou ban an. Chapo ba pou coach sa. 🙏🏽🇨🇻