Plizyè Ajan Dwanye patisipe nan yon seyans Fòmasyon sou Itilizasyon Dron,nouvo Teknoloji nan lide pou Ranfòse konesans, sa kap itil yo nan kad travay. Se kèk Fòmatè fransè ki tap fè fòmasyon sa an prezans DG AGD Gerald Remplais ak Direktè siveyans lit kont frod Hilaire vallery.
Majistra jeremi kontinye ap fè kè Moun nan vil la kontan. Aprè bèl kanval li te Reyalize nan komin lan, ak fèt Drapo 18 Me ki te atire anpil moun. Ebyen pou fèt manman yo. Majistra Onel jacinthe te prezan. Li bay plis pase 1000 Manman nan Katye Sentelèn kado ak nan estadyòm lan.
Resèt ladwán lan ogmante pou Mwa Me a ...Gen plizyè Zam ak Drone ki sezi ak lajan ki pat deklare. Se Sa otorite nan AGD yo fè konen pandan kozri yo toujou òganize Chak kòmansman Mwa. Direksyon jeneral ap kontinye fè sak bon nan kad Travay yo.
komisyon kominal site solèy la prete sèman epi enstale lendi 25 Me. Komisyon sa gen nan tèt li ansyen jounalis tropic Fm lan Daniel St Hilaire prezidan,Bety Montina ak Jakenson Auguste kòm Manm. Majistra Daniel St Hilaire dil pral chita pale ak tout pitit site a pou lapè tounen
Yon Group Nèg ki nan Tèt li Direktè Adjwen Agrikòl Nòdès la Ernst joseph Atake Direktè Depatmantal MARNDR Nòdès la Agronòm Sylvain Sama. Gras ak vijilans anplwaye yo epi lapolis. Plan yo te genyen kont Sama pat Rive abouti. Sepandan Atoufè yo kreve tout kawotyou Machin Sama yo.
Direktè Jeneral Administrasyon Jeneral Ladwàn Gerald Remplais Remèt yon Plak Onè ak Merit bay Abigaïl Alexandre Madi 5 Me. Plak sa. Se pou felisite Abigaïl Alexandre ki te chanpyon nan konkou Elokans nan peyi Lafrans. DG AGD Remplais ankouraje Lòt Jèn yo pran Abigaïl kòm Egzanp.
Plizyè Moun kap Viv nan Komin Jeremi Felisite Majistra Vil la kise Onel Jacinthe Pou Bon Travay lap fè.
Yo fè konen depi lè Majistra Onel Jacinthe Alyas Roro Monte nan tèt Meri a. Vizaj vil la chanje E daprè yo se Gras ak Majistra Roro kifè yo sot viv yon bèl kanaval nan komin.
Lapè Pou Ayiti kise yon Estrikti Politik Ki tou angajel bò kote Pèp la Mande Pou Gouvèman degajel pou louvri wout yo nan lide pou popilasyon Vakye ak Okipasyonl . Li mande Tou fòk Ayopò Tousen Louvèti louvri pou Repriz aktivite yo Repran Nòmalman.
Papoute yon Ajan Dwanye defan tèt li pandan yon kontrebandye te atakel nan kad travay. kontrebandye tap kouri pase ak moto pou pa peye ladwàn, pandan atak la la gen moun ki blese lejèman. Gen desizyon kite pran pa otorite yo ki mande tout moun kap dedwane Moto pou peye leta.
Minis Sante piblik ak Popilasyon Dr Sinal Bertrand ak ekip li vizite Sant Matènite SONUC ki Trouvel nan komin Leyogàn Mèkredi 29 Avril la. Minis Lan tal konstate kòman lopital ap Fonksyone Epi Resevwa Doleyans nan Men Responsab nan lide pou wè kòman yo ka pote Solisyon.
Plizyè Anplwaye AGD Minimize Atak kèk Media oswa Nèg ki di yo se jounalis ap fè Sou DG Remplais. Daprè Anplwaye sa yo. Media oswa jounalis kap atake DG Remplais te gen avantaj sou Ansyen Administrasyon Ladwàn yo. Se akoz yo pèdi avantaj yo kifè yap atake DG Bwat la .
Ladwàn Okap Ayisyen Konekte plis pase 1 Milya Goud pou Mwa Mas https://t.co/eWEauQUoN3 pigro lajan Ladwàn Okap La Ramase depi lè Rotchil Alexandre Pran Tèt Ladwàn okap la. Direktè Rotchil Alexandre ap kontinye Travay Epi Detèmine Pou fè Ladwàn okap la vanse.
Dirijan Ladwàn AK Sèvis Karantèn Fè Tout Moun konen. Gen 6 Mil Tòn diri yo te jwen gate nan bato MV ABK Tiger kite sòti peyi Pakistan. Pou Koulya Diri sa sou gro siveyans. Pa kite okenn Moun Manipile Nou. Diri ki gate yo tankou bout wòch pagen Okenn Mwayen pou Moun Ta Manjè diri
Bato MV ABK te sòti Nan peyi Pakistan presizeman nan Vil Bin Qasim . Li te antre an Ayiti 12 Mas 2026 lan ak 11 Mil Tòn diri ladan. Otorite Ladwàn ak Sèvis Karantèn sou lòd DG Enstitisyon an mete 6 Mil Tòn nan diri sa sou kote akoz yo te gate. Apre yo boule diri Kite gate yo .
Ladwàn Ramase Plis pase 12 Milya Goud pou Mwa Mas la. Epi Sezi Plizyè Materyèl yo entelèdi antre andan peyi a ak Medikaman ki Ekspire. Bilan sa prezante nan Kad Kozri Responsab Ladwàn yo fe chak Mwa pou Fòme ak Emfòme Popilasyon Sou Aktivite Enstitisyon an ap fè.
Lajistis Ayisyèn Konfime Legliz Episkopal Dayiti pa Koupab Nan kagezon Zam AK Fo lajan ke otorite ba bò isit te dekouvri ki lakoz plizyè Manm legliz la nan Prizon. Lèt ki te Dedwane kontenè se yon fo lèt daprè Rapò Ekspè yo . Yo Profite Mande Liberasyon Tout Moun ki nan prizon
Anplwaye OAVCT yo Pran AK kote Gédéon Jean Retire Ansyen DG pou Ensatisfaksyon pèsonèl li epi Ranplasel pa l lòt Moun. Yo voye piga bay Nouvo DG Kont tout chas osòsyè, Yo di yo pa Negosye aligneman Salé 25/100 ak Avantaj Sosyo. Yo mande 2 Sendika. pou batay nan Enterè Anplwaye
Kontrèman ak sa kèk Moun ap di sou Rezo Sosyo..DG PNH la Vladimir Paraison ak Responsab Gad Kot Pedro. Mars Toujou Manifeste Volonte Pou Pèmèt Ti Komèsan Prank lanmè a San Kè Sote Pou Mennen. Malgre Bandi Sòti pou bay Problèm. Gad Kot la sou lanmè pu Trake bandi San Fwa ni lwa.
Minis Anviwonman Valery Fils Aimé nan Tèt Kole AK Direktè Jeneral SNGRS Daril Balthazar Lanse Program Konbit Zewo Dechè Jedi 12 Mas la. Program sa pral Etenn li nan Tout Peyi a. Yon Fason pou Rezoud Problèm Ensalibrite. Gen Plizyè Meri ki deja antre nan Kad Batay Kont fatra sa.
EPASI Òganize Yon Gro Klinik Mobil Dimanch 8 Mas la, kise Jounen Entènasyonal Dwa Fanm. Kòdonatè EPASI Wilson -Sydney Joseph atravè Aktivite sa te Pèmèt Plizyè Santèn fanm Benefisye Swen ak Jwen Medikaman Gratis.
EPASI AP Kontinye Travay Sosyal Kel deja Tanmen nan Tout peyi a.