Une importante perturbation des communications aériennes entraîne la suspension des départs dans les aéroports américains
C'est à lire ici ⤵️
https://t.co/K8SzyUb1dY
Casier judiciaire et politique en Haïti : la DCPJ face au défi de la transparence et de la vérification des antécédents des candidats.
C'est à lire ici ⤵️
https://t.co/KwGU3pPYJJ
Haïti marque déjà la Coupe du Monde 2026 de son empreinte ! Les vuvuzelas haïtiennes résonnent dans les rues et mettent l’ambiance avant même les grands rendez-vous. Une ferveur populaire qui attire l’attention du monde entier. #WorldCup2026#Haïti#Vuvuzela
M gad video a Dlo sot Nan yeux definitely pep nou gen problem ak Knowledge on God byen tande kiyes ki kondisip musye epi gad travay neg sa yo ap fe nan pays pa yo “ Neboulem 🇭🇹 Cherie”
🚨 La NASA dévoile la photo la plus nette du Soleil jamais prise !
Cette image a été réalisée grâce à la sonde solaire de la NASA, en combinant 200 clichés pour obtenir la plus haute résolution jamais atteinte. 😳☀️
#Immigration: Wi, nou kapab toujou fe azil si nou kalifye men atansyon, li toujou bon pou jwenn yon pwofesyonèl pou ede ou. Se vre, nap chèche sèvis fasil men pa bliye, sèvis ki fasil yo konn pa ede sitou anpil nan nou pa konnen kisa yon dosye azil konplè sanble.
Fok ou fil fom I-589 lan byen reponn ak tout 92 kesyon yo (vèsyon elektwonik) oubyen 83 kesyon yo (vèsyon papye) san manke youn.
Evite bay kreten travay pou nou tankou moun ki ranpli fom sa ( se de sa Me @frandleyjulien ap pale an), daprè metodoloji yo fom sa pa byen ranpli, moun sa pa reponn kesyon yo, Jij rayi le nap voye yo nan not referans.
Sa ki pirèd lan, menm kreten an sèlman fil yon grenn papye pou reponn ak tout kesyon oubyen pèsekisyon aplikan te fè fas. Ann serye, èske ou panse nan yon grenn paj ou kapab esplike yon ensidan ki te rive ou, jou mwa, ane, ki moun ki te ap atake ou? Pouki rezon? Nan ki sikonstans? Epi kisa ki te rive aprè? Elatyiye...
Eske nou panse yon grenn fèy papye kapab pran yon affidavit tout bon vre? Se pa yon marengwen wap esplike ki te pike ou, se yon ensidan ki te rive ki te kapab koute lavi ou, koman ou te ka esplike sa nan 2 fraz sèlman.
Tanpri, toujou mete "Cover Letter" nou nan dosye nou, asire nou affidavit/written Statement nou an omwens genyen 3 paj ki esplike sa ki te rive ou an ki lakoz ou fè demann lan. Pandan wap di laverite! Rien que la verite!
Pa bliye chèche oubyen voye chèche evidans lan kote li ye an, si ou pa genyen l tou esplike rezon an men dosye sa yo mache ak prèv pou sipote sa ou di yo. Li ka pa ale menm jou ak dosye ou an men asire w mete l aprè nan "Unsollicited Evidence" si ou fè li online.
Ajoute rapo dwa moun yo, rapo polis kou medikal si genyen, pwosè vèbal jij de pè an si te gen youn, mete atik yo, foto yo, tout dokiman ki kore sa w di yo, toujou mete yo an anglè epi tradwi an anglè tout sa wap voye ale yo, moun ki pral tande w yo pa pale lot lang ke sa epi yo pap tande w nan lot lang nonplis se sa ki fe wap gen yon tradiktè oubyen yo mande pou youn.
Mwen toujou lage lis Pro bono an la, https://t.co/fmItuuEtU9, ou kapab toujou google yon avoka pou asiste ou oubyen yon ofis ki fè sa byen, @web509_llc (gen kèk lot bon anko) .... men evite tonbe sou yon kreten, dosye azil dwe konsistan, fok ou gen yon moun ki konnen pou asiste ou menm lè li pa oblije yon avoka. ( Se pa sèlman avoka ki ka asiste w nan dosye azil men se Avoka oubyen yon "legal representative" ki kapab reprezante ou nan Immigration oubyen Tribinal). Ak yon pwofesyonèl asiste ou, gen anpil tèt chaje wap kapab evite!
Bon Jounen!