Map pran tout prekosyon yo. Map respekte prensip ijyèn yo pou konbat kowona viris. Men m pa kyè...
Tout sa ki pou mouri ap mouri
Tout sa ki pou rete ap rete
E map fe pati moun kap we tout rès ane yo dwe pase sou tè a!!!
⭕️ENFO | Atansyon ! Si w gen yon dosye rezidans nan USCIS, oubyen ou gen pou w voye yon dosye ale, gade videyo sa jiskalafen. Sèvis imigrasyon ameriken anonse yon gwo chanjman enpòtan.
Ann tande Nelson C. Jean Baptiste pou Xplwa Services LLC kap eksplike nou sak pase.-
⭕️ENFO | Se sèvis sekirite diplomatik anndan Depatman Deta ameriken,🇺🇸ki ofri rekonpans sa a, nan kad pwogram yo genyen ki rele « Rewards for Justice - Rekonpans pou Jistis ». Nan yon nòt Anbasad Etazini an Ayiti🇭🇹pataje sou platfòm rezo sosyal yo, mèkredi 18 fevriye 2026 la, yo di yap ofri jiska 1 milyon dola💰ak tout posiblite pou yo deplase nenpòt moun ki ba yo enfòmasyon sou Johnson André alyas « Izo ». Otorite amerikèn yo ankouraje tout moun ki gen enfòmasyon konsènan Chèf gang Village de Dieu a, pou kontakte pwogram nan pa WhatsApp oubyen Telegram nan numewo sa : +1-202-702-7843. « Tout enfòmasyon wap bay yo ap trete yon fason pou moun pa konn si se ou », se sa Depatman Deta presize nan nòt la | LSV
@DigicelHT li lè pou nou dekole ak system mon cash la... li lè pou nou ofri moun yo opotinite pou yo resevwa lajan pou pèman pa yon debit card mon cash kote nap ofri biznis yo sevis la... Dekole
⭕️ALERT | SOLIDARITE : Depi plizyè jou, gen yon elan solidarite aou rezo sosyal yo, pou kapab ede jèn aktris/komedyèn🇭🇹Katiana Milfort ki malad grav💔. « Li bezwen al pran swen Kiba.🇨🇺Men annatandan, gen koze medikaman, manje, lopital, daypè... elatriye. Mezanmi ann mete men pou ede li al pran swen. Li vle viv, li anvi viv », se sa nou li ba mesaj kap sikile yo. Inisyatè yo mete yon numewo MonCash, pou tout moun ki vle ede ki se : +(509) 3629 5140 / 4476 6552, sou non Pierre Richard Jean Charles. Enstitisyon ak moun ki vle ede Katiana, ka kontakte Pierre Richard. « Annou mete men. Li te ka nou, li te ka yon pwòch nou. Katiana bezwen w jodi a. Wi li bezwen w » | LSV
⭕️ENFO | Nan yon nòt yo mete deyò, Lapolis Nasyonal Dayiti di yo sezi yon gwo zam ki rele « Barrett », ki se te pou Chéf gang 400 Mawozo a Lanmò San Jou. Lapolis sezi zam lagè sa a, nan kad yon operasyon yo mennen, nan lannwit 13 pou rive 14 novanm 2025, nan komin Kwadèboukè. Daprè biwo kominikasyon PNH la, plizyè bandi ak zam blese mòtèlman pandan echanj kout zam ak inite espesyal yo | LSV
@bijoulegrand@HaitiMania@DouanesHaiti Depi w se responsab ou pa gen vi prive ou se yon homme public. Pa gen anyen mal nan poste foto yon homme public. An pasan dil sispann toufe djaspora a.. Se pa sa kap koupe grangou fanmi li
@DigicelHT Tchuipps son konpayi ak yon sèvis ki san respè pou sitwayen nan peyi a.. Telman nou pran frais nou panse nou ka rich toujou pandan nap toupizi malere yo @DigicelHT