PNH | Fistrasyon Pou Grad
Polisye sa gen 29 lane depi li entegre lapolis li rive vinn ajan 4 men grad li pa janm monte.
A preske 3 deseni karyè li ta dwe gentan komisè. Ajan fòs lòd la deside pran rezo sosyal ak koze sa pou eksprime fistrasyonl ak enstitisyon lapolis la.
Nou espere wo komandman lapolis la founi je sou dosyel lan.
Pandan solèy la ap kouche sou premye janvye sa a, m ap bwè dènye bòl soup mwen, kasav mwen nan men m, pandan yon ti konpa ap jwe. M ap benyen nan limanite. Limanite nou te ede bati.
Limanite zansèt nou yo te konfye nou. Limanite nou ka, nou dwe kontinye amelyore.
Mwen swete lespri fèt Endepandans lan kontinye klere sou 364 jou ki rete nou nan ane sa a. Mwen swete lespri Grenadye yo limen yon flanm inite nan kè nou, pou nou ka genyen match lapè a nan peyi a an 2026.
Mwen menm, sou bò pa m, m ap kontinye kenbe nan kè m tout deplase yo, tout moun ki pa gen chans jwenn yon bòl soup pou kraze grangou yo, sitou tout fanm ak timoun ki viktim kadejakè politik, kadejakè ekonomik, kadejakè fizik ak sikolojik k ap toupizi nasyon an.
Li ka jou. Li dwe jou.
Pou tout timoun Papa Desalin yo.