UNICEF te ede m kòmanse karyè mwen nan Nasyonzini nan fè benevola Pou yo🙏🏽
Jodi a, mwen vle pataje yon resous ak tout moun, sa se platfòm mondyal UNICEF pou aprantisaj ak devlopman pwofesyonèl.
📌 Li gratis nèt
📌 Fasil pou itilize, sou òdinatè, tablèt oswa telefòn
📌 Sètifika Dijital $0.00, zewo dola!
📌 Aksede l depi nenpòt kote nan mond lan
Pataje ak tout moun ou konnen ki bezwen yon bèl opòtinite gratis! 🌍
Ale isit la: https://t.co/AoRlItUDTL
Bonjou tout moun !!!
Men kèk bagay nou dwe genyen pou tèt nou, pa tann yon moun vinn ba nou yo:
– Endepandans finansye
– Konfyans nan tèt nou
– Respè pou tèt nou
– Limit klè
– Lapè enteryè
– Objektif pèsonèl
– Kontwòl emosyonèl
– Valè ak prensip
– Estim de swa
– Lavi pa nou
Yon moun pa vini pou l ranpli nou… li vini pou l konplete nou.🤏🏽
Université TELUQ nan peyi Canada ap ofri plizyè fòmasyon gratis ak atestasyon, se fòmasyon ki ap ede w, nan kad pwofesyonèl ou, ede w anbeli CV ou, e ki kapab louvri lòt pòt pou ou nan kad pwofesyonèl ou 👉 https://t.co/8enJTeGMbL
Pa neglije pataje ak yon lòt pwochen.
Bòn Chans 💡
Ti pep sa gen yon jan li rayi moun kap fè efo ladan, yo gon w jan yo dikte w sa w dwe fè kijan w dwe viv.
Yo gon w jan yo fin pale tenten pou fè depresyon epi se menm yo menm nan kap pran pitye pou ou anko.
Ki jan yo rele model moun sa yo anko?
Gen yon sit entènèt ki rele Data Annotation kote ou aplike epi ou pase yon ti tès pou verifye si ou byen konprann prensip la. Apre sa, yo peye w pou antrene entèlijans atifisyèl (AI).
Gen plizyè pwojè ki louvri regilyèman, epi ou ka konekte lè ou vle pou w chwazi epi fè sa ki mache pou ou.
Peman an kòmanse a $20 pa èdtan, men gen kèk pwojè mwen wè ki peman yo rive jiska $30 pa èdtan.
https://t.co/sMOI73MPRu