@papillonblueu Mpanse sa depann de sitiyasyon an. Yon moun ka chanje toutbon. Men, chanjman pap efase konsekans aksyon pase yo. Yon moun ka padone pase yo, men li ka chwazi tou antre oubyen pa antre nan yon relasyon ak moun nan. Se yon desizyon pèsonèl ki depann de konfyans ak sikonstans yo.
Yon jou, pitit pitit nou yap mande: Kisa jenerasyon nou an te fè lè Ayiti t ap depafini?
Ki repons nap kite pou yo?
Zansèt nou yo te kite yon eritaj. Kounya, se pa kestyon si listwa ap sonje n, men poukisa li pral sonje n?
Pa viv sèlman pou egziste. Viv pou kite yon mak. 🇭🇹🇭🇹
@papillonblueu Felisitasyon pou kesyon an paskel gen fon. E se kesyon yo konn poze pou mande kote ide jalouzi sa te soti li antre e boujonnen Nan tèt yon zanj lumyè (aktyèl djab la) a lepòk.