Tanpri, ede nou goumen kont lènmi nou yo, paske sekou lèzòm se pawòl nan bouch.
Viens en renfort contre nos oppresseurs
L’homme ne suffit pas
// Ps 60, 13 //
Parole en l’air ou parole d’action ? Quelle est ta parole ?
Pawòl nan bouch oubyen pawòl nan aksyon? Ki sa k pawòl pa w?
Mwen ap chante pou m' di jan ou gen pouvwa. Chak maten m'a fè lwanj ou pou m' di jan ou renmen nou.
Je chante ta force
je crie ton amour
// Ps 59, 17 //
Violence pour les uns, louange pour d’autres. Et pour toi ?
Kèk moun pale avèk vyolans, lòt moun chante lwanj. E ou menm?
Se pwòp lògèy yo k'ap fini ak yo. Se madichon ak manti ase k'ap soti nan bouch yo.
Prisonniers de leur orgueil
Ils ne peuvent parler qu’en imprécations et mensonges
// Ps 59, 13 //
Quelles paroles sortent de ta bouche ?
Ki pawòl k ap soti nan bouch ou?
Nou menm ki reprezante Bondye, èske nou rann jistis la tout bon vre?
La justice
vous la rendez en silence
// Ps 58, 2 //
Juger avec impartialité et parler vrai : un grand défi pour ta foi en action.
Jije san patipri epi pale vre: yon gwo defi pou lafwa w nan aksyon w.
M'ap souke kò mwen, m'ap leve. M'ap pran gita mwen… Mwen pral fè solèy leve!
Je suis bien en place…
Quand je chante…
Debout…
Je vais réveiller l’aurore
// Ps 57, 9 //
Lève-toi
Chante
Tu peux faire naître l’espérance !
Kanpe
Chante
Ou ka fè espwa leve!
M'ap fè lwanj pawòl Bondye. Wi, m'ap fè lwanj pawòl Seyè a.
En Dieu
ah je loue sa parole
En lui allez je loue sa parole
// Ps 56, 11 //
Dieu ? Il est Parole pour toi. Compris ? Écoute !
Bondye? Se li ki Pawòl la pou ou. Tande? Koute!
Renmèt sò ou nan men Seyè a, l'a kenbe ou fèm.
Oh redonne au Seigneur ce qui te pèse
il te soutiendra
// Ps 55, 23 //
Entre en alliance avec Dieu, tu tiendras bon.
Antre nan alyans avèk Bondye a, w ap kenbe fèm.
Pran ka mwen, koute m', reponn mwen non! Kè m' sere, m'ap plenn!
Remarque-moi réponds
je suis perdu dans mon chagrin
// Ps 55, 3 //
Prie avec les personnes qui ont le cœur angoissé
Lapriyè avèk moun ki gen kè yo sere.
M'ap toujou mete tout konfyans mwen nan li, paske li p'ap janm sispann renmen mwen.
J’ai confiance en Dieu toujours pour toujours
// Ps 52, 10 //
Dieu t’aime, tu lui fais confiance, alliance conclue !
Bondye renmen w, ou mete konfyans nan li, kontra a nèt!
Ofrann ki fè Bondye plezi, se lè yon moun soumèt tèt li devan li. Bondye, ou p'ap janm meprize moun ki soumèt tèt li devan ou, moun ki rekonèt tò li.
Dieu
mon sacrifice c’est ce souffle brisé
Dieu n’exclut pas un cœur brisé broyé
// Ps 51, 19 //
Dieu t’entend
Bondye tande w.
Gen pitye pou mwen, Bondye. Jan ou gen bon kè sa a!
Oh Dieu prends pitié de moi
aussi fort que ton amour
// Ps 51, 3 //
La miséricorde, c’est la bonté du cœur de Dieu qui va transformer ton cœur.
Mizèrikòd la se bontè kè Bondye ki pral transfòme kè w.
Lè yon moun chonje di m' mèsi pou tout bagay, se lè sa a li fè lwanj mwen
Celui qui dit merci en sacrifice me rend gloire
// Ps 50, 23 //
Dire merci est le premier pas pour louer le Seigneur
Di mèsi se premye pa pou fè lwanj Bondye.
Yon moun te mèt grannèg kou l' grannèg, si li pa gen konprann, li tankou zannimo y'ap mennen labatwa.
L’homme dans sa splendeur
ne comprend rien
Comme l’animal
il meurt
// Ps 49, 21 //
N’aie pas peur de l’homme qui s’enrichit
Ou pa bezwen pè lè ou wè yon moun ap vin pi rich.
Ou gen anpil pouvwa, men ou pa fè lenjistis.
La justice emplit ta poigne
// Ps 48, 11 //
Tu as toujours un peu de pouvoir sur quelqu’un. Est-ce que tu peux aussi commettre une petite injustice ?
Ou toujou gen yon ti pouvwa sou kèk moun. Èske ou ka fè yon ti lenjistis tou?
Se li menm ki fè yo sispann fè lagè toupatou sou latè. Li kase banza yo, li kase frenn yo de bout.
Il fait cesser les batailles sur toute la terre
Il brise l’arc casse les lances
// Ps 46, 10 //
Deviens ami de Dieu, pas de la guerre
Ann vin yon zanmi Bondye, pa yon zanmi lagè
Se Bondye ki tout pwoteksyon nou, se li menm ki tout fòs nou. Li toujou pare pou ban nou sekou lè nou anba tray.
Dieu est un refuge
Pour nous une forteresse
Soutien dans les oppressions
toujours tellement
// Ps 46, 2 //
Lui, toujours prêt. Et toi ?
Li toujou pare. E ou menm?
Nou kouche sou vant atè plat.
Leve non. vin pote nou sekou!
Ventre collé à terre
Allez
que se lève le secours pour nous
// Ps 44, 26 //
Toi, à terre ? Lui, debout ! Les deux se rencontreront.
Ou atè? Li leve! Toulede pral rankontre.
Poukisa m' kagou konsa? Poukisa m'ap plenn konsa nan kè m'? M'ap mete espwa mwen nan Bondye
Mon être pourquoi es-tu si abattu
pourquoi murmurer contre moi ?
Au lieu d’attendre Dieu
// Ps 43, 5 //
Pourquoi : belle prière! L'espoir aussi
Poukisa : se yon bèl lapriye. Espwa tou.
Wi, poukisa mwen kagou konsa? Poukisa m'ap plenn konsa nan kè mwen? M'ap mete espwa m' nan Bondye…
Mon être pourquoi es-tu si abattu
pourquoi murmurer contre moi ?
Espère en Dieu
// Ps 42, 12 //
Aucune détresse ne peut éteindre la prière.
Okenn kagou pa ka touye lapriye.
Menm jan yon bèt anvi bwè dlo larivyè, se konsa mwen anvi wè ou, Bondye.
Le cerf cherche la rivière
Comme je te cherche Dieu
// Ps 42, 2 //
Comment racontes-tu à Dieu que tu as envie de le voir ?
Ki jan ou rakonte Bondye anvi ou genyen pou wè l la?