Men Boby pat atann ak Kijan Max flo ap vini ooohhh.
Ban m swiv toujou😏
Pou moman an Max flo 2-0 rive 3-0 se ekip ekip dèyè wi.
N ap tann Boby m rete kwè misye se yon bon jwè.
@AdoAdo02 Gen yon Jounalis ki t ap tann misye chanpyon pou vin di oooh misye se pi gran jwè mondyal nan tout epòk. Prob mwen ak misye li mete l genyen tout konesans mond lan nan zafè football. Atk
@Nalingiye Erè m wè anpil moun ap fè se gade yon foutbolè sou rapò li ak boul la sèlman pandan gwo bout viktwa Beljik sou brezil 2018 Lukaku se entèlijans li san boul la ki kontribiye anpil pou brezil tonbe.
Si Angletè rive chanpyon mondyal la koze rale Pedri lè y ap pale de Jude B. Ka pa fè pwa non sitou Pedri pap jwe anyen pandan li nan ekip favori a.
Jude B. ap pote Angletè epi li sou wout pou li vini pi bon jwè mondyal la si Lafrans ak Ajantin pa fè final.
@AdoAdo02
Pandan Ajantin poko pase a fanatik Vini yo gen yon doub problèm. Espay vs Lafrans kidonk Lamine oswa Mbappé ap jwe final mondyal la ane sa epi sa ka menm rive yo chanpyon konpetisyon sa. Pa lwen ankò Ajantin toujou nan kous la. Fanatik Vini yo gen yon 4 lanne touman wi.
@AdoAdo02 Ou di tout bagay bro
Menm jan m konn wè fanatik ajantin ap prete almay pou trip sou brezil m di kèt sa se jwèt amatè foutbòl koz almay fè ajantin anpil mal nan koze jwèt sa. Men kal brezil la mitik vre sitou se brezil men sa pa etire anyen nan sa almay fè ajantin. Atk.
@AdoAdo02@mama55toi Misye sou 90% gòl brezil pou mondyal la. Pou moman m ap pale a misye se pi bon jwè mondyal la. Se sèlman legacy Messi ki ka bwè l ki fè ou ka jwenn moun ap pran Messi pou pi bon pase li nan mondyal la.
Mesye oooh m panse se sèl nèg k ap bay profesi Ayiti yo ki te blofè wi 😀😀
Kote alman ki te di Japon ap elimine Brezil la?😀😀
M Gen yon patnè m ki parye lajan sesyon l wi 😀😀