⭕️ENFO | Hashtag la te lanse depi nan bis ki tap mennen jwè seleksyon nasyonal yo nan otèl la. Sou ensistans defansè ekip la Ricardo Adé, tout jwè yo nan bis la tap repete yon sèl pawòl : « #OuvèPeyiA ». Plis ke yon slogan, #OuvèPeyiA se kri yon gwoup jèn gason ki sot bay enèji yo, nanm yo, pou kalifye Ayiti🇭🇹pou mondyal 2026, aprè 52 lane yo pat rive nan nivo sa a.⚽️Nazon, Danley, Adé... pou n site sa yo sèlman, ensiste sou nesesite pou tout aktè yo an Ayiti pran konsyans, pou gen yon klima lapè ki blayi, pou pèmèt aktivite yo reprann. « Nou bezwen vin nan peyi nou. Nou bezwen vin jwe nan stad Sylvio Cator. Tout moun ki gen responsablite nan peyi a, pran responsablite nou. Ouvè wout yo, ouvè ayewopò yo, kite moun yo viv », se kri grenadye yo, ki espere yap ka vin selebre kalifikasyon istorik sa an Ayiti, avan konpetisyon an lanse | @GregPromoHaiti@fhfhaiti