Yon nèg w al renemn ak yon ti jèn fanm epi w fè soumoun ou afiche🤦🏾♂️nan 2 jou yo ka tande bandi krible w ak bal.
Pandan ni ou ni fanmi w pa konn rezon lanmò w, poutan se paske ou renmen ak madan yon chèf gang🤦🏾♂️
Bro to bro
Laj ventèn jiska kòmansman trantèn ou se laj preparasyon w, laj pou w fini etid ou, laj pou w envesti nan tèt ou, laj pou w bati anpi w, laj pou w met tèt ak yon moun pou n avanse ansanm si l vle, ou ka toujou ede wi men se pa laj pou w al jwe wòl PAPA moun, epi neglije tèt pa w…
Toujou sonje ke pi devan yo gen pou repete w fraz majik sa “Yo pa t mande w sa”, e y ap gen rezon.
Rezo sosyal yo ba nou enpresyon siksè se yon bagay ki fasil. Tout jenès la vle rive rapid vit, san efò, san moral. Lè yo jwenn yon obstak, yo pran nenpòt ki chimen dekoupe, san konplèks. Se pou sa m anvi ri lè nou di m se jenerasyon sa poukont li k ap vin sove Ayiti.😀
Poum al pi lwen (pou mwen) se pa afe fonksyone ak neg yo ki pwob nan, li plis toujou. Li plis kounya lel man yn pwen medam yo we kob la two fasil yo pa janm rasazye, kounya neg yo pral mete yo nan pozisyon pou fè antèn pou yo a Β∂g∂ƴ la ap vin pi grav
Vwala , antouka li lè li tan pou peyi a sispan nomalize sak pasa , enpotan an pa dwe gen kòb , enpotan an se kotew jwen a kòb la
tout lot peyi nou cho pou nale yo se sa ki genyen
ENPINITE pap renye
ou paka ap flex a lajan sal sou moun kap redi onetman
Ou gen pou w wè se challenge "Men standard" la ki te atire atansyon DCPJ plis wi.😂🤣
Yo pa janm p ap fè makak sou tiktok.
W ap vòlè, w ap flex
Ou gang, w ap flex
Ou madan gang, w ap flex
W ap fè lajan ak gang, w ap flex
Endirèkteman, nou prèske mete men nan kòlèt moun pou fè yo antre nan menm bagay sa yo tou.
Men kounya m wè yon bann simagri ap pale tankou depi w pa gen machin ou pa vo twal kay.
Sa k nan sèvèl kokorat sa yo menm ?
@FequiereCarl@Kaly973 moun yo ap normalize manje move lajan , lajan koripsyon, lajan gang epi yap few panse se ouk echwe , manti epavre , ou menm kap travay di kontinye , pa OQP oken moun kap few panse Haiti a roz 70% se move lajan yap manje
@Woodlidesign_ depi lajan an clean yo k menen , men depi se moun kap manje lanjan post peyaj , kidnapping, trafic ogan yo padwe anpè menm menm menm menm menm
Si nou te sou men nou, nou te ka wè gen yon bagay ki chanje wi
Nou pa santi depi kèk jou yo pa pale de dyaspora nan perle la ankò
Ti gig $200 dyaspora yo pa ka regle anyen