🚨 GOOGLE FÈK LANSE YON NOUVO KOU GRATIS SOU AI AK VIBE CODING!
Kou a ap dire 5 jou epi li ap kòmanse 15 Jen.
Ane pase, premye kou AI Agents Google la te atire plis pase 1.5 milyon patisipan atravè lemond. Kounye a, yo retounen ak yon nouvo fòmasyon anpil moun t ap tann.
Si ou vle aprann kijan pou itilize AI pou kreye aplikasyon, ajan entèlijan (AI Agents), ak automatisation san ou pa bezwen yon ekspè nan pwogramasyon, opòtinite sa a se pou ou.
📅 Men sa y ap anseye:
✅ Jou 1: AI Agents + Vibe Coding
Aprann kreye ajan entèlijan an langaj senp epi bati premye pwojè ou.
✅ Jou 2: Zouti ak Entegrasyon
Konekte ajan ou yo ak API ak lòt zouti pou fè plis bagay otomatikman.
✅ Jou 3: Memwa ak Kontèks
Bay ajan ou yo kapasite pou sonje enfòmasyon epi travay pi entèlijamman.
✅ Jou 4: Kalite ak Sekirite
Aprann teste, pwoteje, epi amelyore kalite pwojè AI ou yo.
✅ Jou 5: Soti nan Pwototip rive nan Pwodiksyon
Lanse pwojè ou, fè l grandi, epi siveye pèfòmans li tankou yon pwofesyonèl.
⏱️ Se sèlman 1 a 2 èdtan pa jou.
👨💻 Enjenyè Google yo menm ap bay fòmasyon an.
💰 E pi bèl pati a? Li GRATIS
Teknoloji AI ap chanje fason moun travay atravè mond lan. Si ou vle rete devan epi devlope nouvo konpetans ki gen anpil valè sou mache travay la, pa rate opòtinite sa.
Enskri la: https://t.co/q8OtnYtMAx
Ayiti bezwen plis òganizasyon k ap kreye SOLISYON, pa sèlman pale de pwoblèm yo. 🇭🇹
Men kèk gwo lide nonprofit ki kapab ede devlope peyi a, kreye travay, epi bay jèn yo plis espwa:
1️⃣ Sant Fòmasyon AI & Travay a Distans
2️⃣ Sant Teknoloji & Inovasyon Kominotè
3️⃣ Pwogram Antreprenarya & Literasi Finansyè pou Fanm
4️⃣ Laboratwa STEM, Robotik & Syans pou Jèn Yo
5️⃣ Sant Sante Mantal & Rekiperasyon Trauma
6️⃣ Koperativ Agrikòl & Sekirite Alimantè
7️⃣ Platfòm Envestisman & Mentora Dyaspora Ayisyen
8️⃣ Pwogram Reyentegrasyon pou Jèn Yo
Ayiti gen talan. Ayiti gen potansyèl.
Sa nou bezwen se plis vizyon, aksyon, ak moun ki vle bati.
Mwen swete moun ki te mande m kote yo ka jwenn fon Pou fè travay sosyal an Ayiti yo satisfè. Se pwopozisyon yo ye, Ou ka toujou ajoute lide pa w.
🌙💻 7 FASON POU FÈ KÒB SOU ENTÈNÈT APRE TRAVAY
(Menm si w gen yon travay 9–5)
Menm si w Ayiti, nenpòt kote nan mond lan.
Si travay ou peye bill yo men ou bezwen plis lajan pou:
🏠 bati avni w
💳 soti nan dèt
📈 envesti
✈️ vwayaje
oswa jwenn plis libète finansye…
Men kèk travay ou kapab fè lannwit apre travay
1️⃣ Virtual Assistant (VA)
Ede biznis ak email, planifikasyon, rechèch ak travay administratif.
📍Kote pou jwenn li:
Upwork • Freelancer • Belay • Time Etc • https://t.co/nMVhUbozqJ
2️⃣ Proofreader
Korije CV, dokiman ak kontni pou gramè ak klarite.
📍Kote pou jwenn li:
Scribendi • Gramlee • https://t.co/OSWPaSutV0 • Proofreading Pal
3️⃣ Freelance Writer
Ekri atik, blog, newsletter ak kontni dijital pou kliyan.
📍Kote pou jwenn li:
ProBlogger • Contena • Listverse • https://t.co/ozaMBI8AOz
4️⃣ Website Tester
Teste sit entènèt ak aplikasyon epi bay feedback sou eksperyans itilizatè yo.
📍Kote pou jwenn li:
UserTesting • TryMyUI • UserCrowd • Userlytics • IntelliZoom
5️⃣ Social Media Manager
Jere paj biznis, kreye post, reponn kòmantè ak òganize kontni.
📍Kote pou jwenn li:
Upwork • ModSquad • Social Bee • Fiverr
6️⃣ Online Tutor
Anseye anglè oswa lòt matyè sou entènèt.
📍Kote pou jwenn li:
Cambly • TutorMe • Wyzant • Preply • Chegg Tutors
7️⃣ Transcription
Koute odyo epi ekri sa w tande.
📍Kote pou jwenn li:
Rev • Scribie • GoTranscript • TranscribeMe
🌍 Pi bon pati a?
Anpil nan travay sa yo kapab fèt soti nenpòt peyi, tankou Ayiti, depi w gen:
✅ entènèt
✅ telefòn oswa laptop
✅ disiplin
✅ volonte pou aprann
Ekonomi dijital la ap grandi chak jou.
Moun ki kòmanse devlope konpetans yo depi jodi a ap gen avantaj demen.
Pataje l ak yon lòt moun ki bezwen plis sous revni.
Ou vle jwenn yon Voucher Sètifikasyon Microsoft GRATIS? 🎓
Kijan pou w jwenn voucher sètifikasyon an?
1️⃣ Enskri pou AI Skills Fest
2️⃣ Konplete chemen aprantisaj ak defi obligatwa yo
3️⃣ Vin elijib pou yon voucher sètifikasyon Microsoft GRATIS
📆 Enskri anvan 8 Jen
https://t.co/zP0exbFK9P
Sa w ap fè Pou Vakans lan?
FreeCampus, yon pwogram sipòte pa University System of Georgia, ofri kou 100% GRATIS sou entènèt. Pa gen risk. Pa gen kòb. Jis ou ak volonte w pou avanse!
Ou ka chwazi nan domèn sa yo:
📊 Biznis ak Finans
🎓 Preparasyon pou Kolèj
🌍 Lang Etranje
🏥 Sante & Medikal
💡 Devlopman Pèsonèl
🔬 STEM: Syans, Teknoloji, Matematik
Lè w fini yon kou, w ap jwenn yon sètifika oswa mikwo-kredansyal ou ka mete dirèkteman sou LinkedIn ou, epi montre anplwayè yo sa ou kapab fè!
Kou sa yo fleksib. Aprann nan pwòp tan pa w, nan pwòp vitès Ou.
Pataje avèk yon zanmi oswa manm fanmi ki bezwen sa.
Ale enskri jodi a: https://t.co/02y2HGvSjU
Nap tann nou nan kayou tou.
Vin jwenn Nou nan Kayou: https://t.co/3DknlWyovJ
Si w pale Anglè, ou pa gen eskiz pou ou pa antre lajan sou entènèt lan 💥
Preply ap chèche moun ki ka anseye Toupatou nan mond lan.
💰 Yo peye $10 pou $50 PA LÈ, epi se OU ki deside pri w. Pa gen patwon. Pa gen biwo. Jis ou ak konesans ou.
📌 Sa ou ka anseye:
✅ Anglè
✅ Matematik & Syans
✅ Pwogramasyon & Teknoloji
✅ Biznis & Finans
✅ Fransè, Panyòl, Alman ak plis toujou
📌 Sa ou bezwen:
✅ Ou pale Anglè byen
✅ Ou ka eksplike yon bagay
✅ Yon òdinatè ak yon casque 🎧
✅ Entènèt ki p al koupe
✅ Disiplin pou kontinye
💡 Pa gen diplòm. Pa gen biwo. Pa gen eskiz.
Anseye depi lakay ou epi touche
💳 Peman via PayPal, Wise, Payoneer & Skrill
https://t.co/4vJGpHmIaO
🚨 Nouvo kou GRATIS + Badge: AI Agent Fundamentals
Ou ka fini l nan anviwon 2 èdtan.
Nan kou sa, w ap aprann kijan pou konstwi sistèm AI agents ki pi serye, ki ka valide, epi ki pare pou anviwònman pwofesyonèl.
W ap aprann:
✅ Teknik pou ekri bon prompts
✅ Frameworks pou AI agents
✅ Zouti pou konstwi agents moun ka fè konfyans
Li 100% GRATIS.
Men etap yo:
1. Enskri sou Databricks Academy
2. Fè kou AI Agents lan
3. Pase tès la ak 80% oswa plis
Tag yon zanmi ki bezwen aprann AI ane sa
https://t.co/VNfIWLHRDh
Dapre yon memo Mezon Blanch nan peyi Etazini, kèk antite etranje ki sitou baze nan peyi Lachin ta lanse gwo operasyon pou kopye kapasite modèl entèlijans atifisyèl ameriken yo, menm jan a sa OpenAI ak Anthropic ap devlope yo. Yo ta sèvi ak plizyè dizèn milye fo kont oswa kont entèmedyè pou poze modèl yo anpil kesyon, ranmase repons yo, epi fòme lòt modèl ki pi piti atravè yon teknik yo rele “distillation” sa vle di fè yon ti modèl aprann sou do yon gwo modèl. Dosye sa a montre IA pa sèlman vin tounen yon zouti pou travay, pou lekòl oswa biznis; li vin tounen yon gwo batay ekonomik, teknolojik ak jeyopolitik ant gwo pouvwa yo. Lè yon peyi kontwole pi bon modèl IA yo, li ka gen avantaj nan sekirite, ekonomi, rechèch, kominikasyon, lame, endistri ak enfliyans mondyal. Se poutèt sa kesyon IA a pa dwe enterese sèlman enjenyè ak konpayi teknoloji yo; li dwe enterese tout peyi ki pa vle rete senp konsomatè nan nouvo mond k ap bati a. E se la Ayiti dwe poze tèt li yon kesyon ki fè mal : kisa nou vo nan nouvo batay sa a si nou pa fòme jèn nou yo, si nou pa pwoteje done nou yo, si nou pa bati pwòp kapasite teknolojik nou, epi si nou kontinye rete sèlman konsomatè zouti lòt peyi ap fabrike? Nan mond k ap vini an, peyi ki pa metrize teknoloji yo pap sèlman an reta; yo ka vin depandan nèt. #TEKTEK
🎉Sezon enskripsyon pou MOOC OPEN nou yo rive!
Èske w pare pou amelyore konpetans ou nan lang anglè epi louvri pòt pou nouvo opòtinite? Kou GRATIS sou entènèt nou yo fèt pou ede w reyisi nan karyè w ak plis toujou!
Enskripsyon yo ap kòmanse: 6 avril pou rive 22 jen 2026
Dat Kou yo: 6 avril pou rive 29 jen 2026
Chwazi nan kou enteresan sa yo:
Anglè pou Biznis ak antreprenarya – Elaji vokabilè pwofesyonèl ou ak konpetans ou nan domèn kominikasyon !
Anglè pou pwofesyonèl touris – Sa pi bon pou moun k ap travay nan sektè vwayaj ak ospitalite!
Anglè pou devlopman karyè – Aprann kijan pou ekri CV, aplike pou travay, epi briye lèw ap fè entèvyou!
Pa rate opòtinite sa a pou aprann nan pwòp vitès ou epi konekte ak lòt elèv toupatou nan monn lan!
Enskri kounye a: https://t.co/4PmV42Ncv1
___
🎉It’s Opening Season for OPEN MOOCs!
Ready to boost your English skills and open doors to new opportunities? Our FREE online courses are here to help you succeed in your career and beyond!
Enrollment is open: April 6 - June 22, 2026
Course dates: April 6 - June 29, 2026
Choose from these amazing courses:
English for Business and Entrepreneurship – Build your business vocabulary and communication skills!
English for Tourism Professionals – Perfect for those working in travel and hospitality!
English for Career Development – Learn how to write resumes, apply for jobs, and shine in interviews!
Don’t miss this chance to learn at your own pace and connect with learners worldwide!
Enroll now: https://t.co/4PmV42Ncv1
Cisco Networking Academy ak Splunk fèk ouvri yon chemen gratis pou antre nan cybersecurity .
8 kou. 30 èdtan fòmasyon sou Pratik SOC. Sou menm platfòm gwo ekip sekirite yo itilize chak jou.
Kounye a se moman an. 👇
🔗 https://t.co/zqW4FLw3sc
Enèji pa dòmi. Sa ou voye nan lavi a, li pa pèdi. Li vwayaje. Li chanje fòm. Li tann.
Yon jou, pa nan menm fason, pa ak menm moun, men nan yon moman ou pa p atann, Ou ap santi egzakteman sa ou te fè yon lòt moun santi. Pa paske lavi mechan. Men paske lavi ekitab. Epi lavi pa janm bliye.
University of Maryland School of Business ap ofri yon kou GRATIS sou entènèt ki montre kijan AI ap transfòme:
Maketing. Finans. Sante. Teknoloji.
Kou sa fèt pou:
✔️ Pwofesyonèl k ap grandi nan karyè yo
✔️ Moun k ap chanje direksyon
✔️ Konsiltan ki vle rete devan jwèt la
Sa w ap jwenn ladan l:
👉🏾 Estrateji pratik pou itilize AI nan travay ou
👉🏾 Konpreyansyon sou kijan mache travay la ap chanje
👉🏾 Zouti pou ede w jwenn travay oswa lanse sèvis ou
Epi wi…
📜 Ou ap resevwa yon sètifika:
“Artificial Intelligence and Career Empowerment” soti nan University of Maryland
https://t.co/ezfLKvn2GM
Google ap ofri yon kou Intro to AI Studio GRATIS, e sa ka vrèman chanje jwèt la pou ou si w vle antre nan AI 🚀
Men sa w ap aprann ladan l:
• Soti nan lide pou rive nan aplikasyon (Idea to App)
Aprann kijan pou pran yon ide epi transfòme li an yon aplikasyon ki mache vrèman.
• Prompt Engineering
Sa se youn nan konpetans ki pi cho kounye a. Ou aprann kijan pou pale ak AI pou w jwenn rezilta presi, pwisan, epi itil.
• Deployment & Model Tuning
Ou pap rete nan teyori, yo montre w kijan pou lanse (deploy) solisyon ou yo epi amelyore modèl yo pou pi bon pèfòmans.
• Certification Badge 🎓
Ou jwenn yon sètifika pou mete sou CV ou, LinkedIn ou, epi montre ou gen konpetans nan AI.
💡 Pi bon pati a? Li 100% GRATIS.
Nan yon mond kote AI ap pran vitès, moun k ap aprann li jodi a se yo k ap dirije demen.
Pa rete dèyè.
https://t.co/YDaLrTdlCw
Ou vle aprann kode men ou pa konnen kote pou kòmanse? 👀
Gen moun k ap fè $50K–$100K+ ak konpetans sa…epi yo pa t “teknik” avan.
Yo jis te kòmanse.
Koding = pouvwa 💻
— Travay remote
— Bati app
— Fè lajan online
Pi bon pati a? Ou ka aprann GRATIS.
👇🏾 Gade imaj la pou roadmap la
Pa gen eskiz ankò.
Pataje sa ak yon moun ki bezwen li.