Diyite pa nan mande: Dessalines te ban nou yon tè, li te ban nou yon nasyon lib. Nou pa ka kontinye ap bese tèt devan sa k ap kraze peyi a.
Pou nou rann li onè, fòk nou sispann divize. Se nan mete men nan men pou n rebati Ayiti n ap montre nou se pitit lejitim Anperè a. 🇭🇹
An 2024 yon fanm m te renmen anpil te kite m aprè 2 ane relasyon, nan epòk la m panse m patap janm jwenn yon fanm pou m renmen tankou l😌
Jodia m chita yon kote m tande 2 nèg k ap planifye kilè yo pral drive l, men nèg yo pat konn si m te avèl🖐🏾
M kontan pouli l ap fè progrè 🤦🏾♂️
Sou mwen VIBE li rive
Lè m manyen l tout kòl VIBRE
Avèl madikte san li m paka reve
Nan dezabiye l palmis mwen kanpe
Sou vant li plim mwen pral vomi pwezi
Fason l bouje fèm santi m nan paradi
Nan lolipop li fè m rele l manmi
Lè m bride l pou m opere l sansasyon l banm dandi
Achak segond kèm vle dekri w
Men lespri m jalou pou souri w
Ak lanmou m vle nouri nanm ou
M beni chak lè m goute lang ou
Ou se enpirasyon Bondye
Men w se rèv m vle reyalize
Ou konstwi tant ou nan sèvo m
Ou se bebe ki nan bèso m ❤ ✅
M fyè, wi m fyè de ou
Nan tout sikonstans m prè pou m defann ou
Ou se sous lespwa libète ki feraye nan kan tout nwa
Ou se premye pèp nwa ki lib
Pou yo rekònèt sa non w pa bezwen nan bib
Ou bay anpil gro sèvo pou fyète w m konn sa w vo
Pou m konn valè w m pa bezwen fè tola lito