Yon Mall konsa nan Peyi an Saw panse ? #Haïti
Tp gen travail pou plis pase 1000 Moun,Zone ki Calme yo Ann kreye bon travail trop ti boutik sou boutik kreye jalouzi sa koz met biznis l'an rete la 24 / 24 m'en si Yon Moun ap travail nan Yon Mall li t k ap travail Yon lot kote tou
Le calendrier scolaire 7h-16h en Haïti est une aberration. On séquestre l'énergie de nos jeunes dans un système chronophage qui ne produit que du chômage. Il est temps de valoriser le temps et l'apprentissage technique dès le plus jeune âge. 🖋️🇭🇹 #LesÉtatsDHaïti#Education
Nou fin idantifye maladi a, kounye a men medikaman an.
Mwen pwopoze: LES ÉTATS D’HAÏTI
Pòtoprens se "Kè" peyi a, men jodi a kè a malad. Si kè a pa ka voye san nan rès kò a, tout peyi a ap mouri. Nou bezwen yon sistèm kote chak depatman gen otonomi pou yo devlope tèt yo nan lod
San amonizasyon sa a, etranje ap toujou pè vinn vizite, vinn pase vakans, oswa vinn envesti lakay nou. Se pa divize n ap divize, se òganize n ap òganize fòs nou pou n soti nan rasi sa a.
Kisa nou panse de vizyon sa a? 👇
#LaPlumeDHaiti#Ayiti#Decentralisation#Lòd
Mal cheche solution pou peyian soti nan kad peyi PMA (pays moins avancès ) nan konsantre nou sou ensekurité a nou nan yon cercle de pauvrété e lot depatman ki gn securité yo sa nou f pou yo #ayiti#laplumedhaïti
Sekirite se premye pa, men se pa li k ap pentire peyi a. E si demen nou gen lapè, èske n ap kontinye mache nan pousyè ak fatra? Ayiti pa fini nan papòt Pòtoprens. Lòt depatman yo merite menm vizyon devlopman an tou. #LaPlumeDHaiti#Ayiti#Solisyon
Solisyon an dwe soti nan baz la. Chak Meri nan vil pwovens yo dwe gen otonomi ak bidjè pa yo pou jere fatra ak wout. Nou pa ka ap tann siyati Pòtoprens pou n netwaye yon kanal nan Okay oswa Wanament. #Desantralizasyon
Pousyè ak fatra se lajan k ap gaspiye. Nan 21èm syèk la, fatra se matyè premye. Yon solisyon pratik: Kreye patenarya ak sektè prive pou transfòme plastik an pave oswa an enèji. Lè fatra a bay kòb, moun p ap lage l atè ankò.
Poukisa mw chwazi rete nan lonbraj poum pale de ayiti ? Paske jodi a , nou gen trop figi ki nan limyè men ki pa gen okenn vizyon klè . Mwen se Plim peyi an mwen deside ekri poum analize kriz sa a ki ap dechire trip nou an .
Jodia, lari potoprens tounen yon kote ki pa gen espwa. Men , fok nou gen kouraj poun di : kriz sekirite a se yon sentom yon maladi ki pi fon . Maladi a se yon elit (politik ak ekonomik ) ki pedi sans patriyotis yo .
Mwen envite nou swiv paj sa . Nou pral dekouvrimanti yo , analize problem yo ansanm epi prepare avni nou . Lonbraj mwen an la pou limyè verite a ka paret . Relèv la se nou tout ki vle yon lot ayiti #ayiti#Laplume
Ensecurité a pa premye problem peyi an men se youn nan problem yo men se fason peyi an fonksyone an ki koz nou f pati de PMA ( pays moins avancés ) singapour corée du sud t pi mal ke nou mn jodia yo nan yon lot nivo nou kapab fel tou #Haïti