♦️♦️♦️Ego se yon pwazon pou kèlkeswa relasyon an. Nan yon minit li ka kraze Yon relasyon ki gen plizyè lane depi l bati.
Ke lanmou w pi fò pase Ego w. Konsa yon ti senp mwen regrèt, mwen dezole paske m fè tò ak ou.. ka ede relasyon w kontinye mache jiskobou.
🔶Konsidere reyisit yon moun tankou yon échelle.
Lè w wè l rive nan tèt échelle la te gen Yon jou li te anba nan premye bawo a.
Pa konpare w ak yon moun ki deja reyisi pou w santi w enferyè, San valè.
Motive tèt ou Yon jou w ap rive nan tèt échelle pa w la tou.
🔶Pafwa ti grenn bouton ki leve nan kò w w ap di ki pa anyen, demen se li menm ki pral mete w kouche. Tout sak parèt se Yon siy pran swen yo pou demen w pa tonbe nan Won.
Aprann apresye Chak efò/ pwogrè w fè Nan vi a. Selebre yo si w gen posibilite a.
Aksepte enpèfeksyon w yo, kit yo fizik ou mantal.
Renmen tèt ou assez nanpwen ou pa kyè si X ou Y pa renmen w.
Tout sa w ap fè w ap jwenn ak obstak sou wout ou. Menm Osbtak sa yo ka fè w:
*dekouraje
* pèdi konfyans Nan tèt ou.
Tout sa w gen Pou w fè se double efò w pou w Jwenn rezilta w vle a.