Yon konsèy minisipal tou nèf enstale nan komin Monri jounen madi 14 avril 2026 la atravè yon seremoni ki dewoule nan tribinal premye enstans St Marc.Nouvo majistra komin nan, Jean Harry Marseille pwomèt li pral travay nan tèt kole ak fòs lòd yo pou lapè kapab tabli nan Monri.
Janl te anonsel deja Direksyon konpayi transpò eskolè DIGNITE lanse maten mèkredi 15 avril la nouvo sikwi kafou djoumbala piblen dèlma 75,boudon petyonvil,sent klè wout frè https://t.co/4VE0rmEzME chak kote ki gen ti moso sekirite bis yo ap rive pou soulaje elèv yo selon D.B.
Direktè jeneral SNGRS la Daril Baltazar enstale Serge Louis kòm nouvo direktè depatmantal a i ministè anviwonman .Seremoni an te dewoule nan konplèks administratif Vaudreil la devan plizyè kad enstitisyon an.@rRMQPO63rufh818@clindoeilinfo1@Radio_Metronome@clindoeilinfo1
Regwoupman nasyonal travayè ayisyen nan edikasyon atire atansyon minis edikasyon nasyonal la Vijonet Demero sou sitiyasyon kontraktyèl ministè sa a ki gen plizyè mwa, ane san touche.RENTRHED denonse koripsyon kap fèt nan enstitisyon an nan tikat anplwaye yo.
PNH la repran kontwòl segen.Yon delegasyon UTAG rejwenn ajan UDMO ki te deja nan depatman an pou kenbe kontwòl pòs polis segen an nan sidès, aprè atak bandi te fè sou komisarya sa.Fòs lòd yo gen misyon trake gang nan pwoteje popilasyon an.@pnh_officiel@metropoleHT
Lapolis ak "task force" la reprann kontwòl fakilte syans zimèn jounen vendredi a nan kad opérasyon ki lanse depim maten nan zòn sa .Nap raple yo te deja anonse yo reprann kontwòl koudèkont.@pnh_officiel@InnovaNews7@clindoeilinfo1@MARADIOFM
Se 25 moun ki mouri nan ensidan Citadelle la ,13 kò jij de pè Mirlene charles konstate lopital ,12 lòt sou sit sitadèl la.Gen 30 viktim kap pran swen lopital daprè PNH la ki fè konnen tou gen yon ankèt ki louvri,yo mande popilasyon an rete poze evite pwopagasyon rimè.@MARADIOFM
Direktè jeneral polis la Vladimir Paraison vizite jounen dimanch 12 avril lan plizyè zòn ak enstitisyon PNH la rekipere nan men bandi yo tankou koudèkont fakilte Syans zimèn IERAH elatriye.FADH kenbe kontwòl espas sa yo pandan operasyon yo ap kontinye.
3 jounen dèy nasyonal apati madi 14 avril la ,Leta santral pran sou respomsablite l frè fineray yo ,aksyon piblik deja mete an mouvman kont responsab yo , se kèk pami desizyon ki pran jounen dimanch 12 avril atravè yon konsèy minis espesyal sou ensidan " Citadelle" la.
Direktè jeneral ANAP la Pierre André Gedeon demare ak yon seri vizit nan espas pwoteje yo.Jounen jedi 26 mas la li te nan mòn ganye nan kanapevè.Dg a dil te gen enfòmasyon kèk sitwayen ta gen entansyon bati kay nan espas pwoteje sa ki enpòtan anpil pou anviwonman kapital la.
Ministè fanm kondane atak medam yo pa sispann sibi sou rezo sosyal ak anba bouch jounalis oubyen kèk lòt aktè nan sektè medyatik la.Medam yo souvan resevwa jouman ki gen rapò ak sèks yo selon Ministè fanm ki raple Libète lapawòl pa bay pesonn dwa pou imilye okenn fanm.
Komisè gouvènman pòtoprens la deside libere Direktè sèvis imigrasyon an Antoine jean Simon Fenelon ak 9 lòt anplwaye https://t.co/OPGT28fvDlèf pakè a entèdi sitwayen sa yo kite peyi a jiskaske ankèt la fini.@GazetteHaiti
Byen bonè samdi 28 mas la PNH la ak sipò Task force atake ak plizyè dwon kay chèf gang Canaan an jeff larose alyas "Jeff Gwo lwa".Poko gen bilan ,entèvansyon an poko fini.@pnh_officiel@passioninfoplus@Radio_Metronome
AASP ak CNOHA ekzije arestasyon Ronald Bazil aprè revokasyonl nan tèt ONA pou kripsyon.Junior Derose ak Dominique St Eloi mande nouvo DG a devlope lidèchip li pou rekipere tout gwo lajan seten boujwa te leve nan ONA sou fòm prete.@Radio_Metronome@clindoeilinfo1@MARADIOFM
Biwo zafè finansye ak ekonomik BAFE nan DCPJ konvoke ansyen senatè Rony Celestin madi 31 mas kap vini la san yo pa bay tròp detay sou rezon konvokasyon an.@pnh_officiel@clindoeilinfo1
"Justice ak solidarité" ekzije pou se yon defansè dwa moun ki reprezante sektè sa nan KEP a.Mèt Ebens Exantus raple KPT a te vyole manman lwa peyi a pou monte yon Konsèy elektoral provizwa ki nan avantaj yo ak kèk aktè politik.@passioninfoplus@Radio_Metronome@MARADIOFM
"Le Grand Bloc Politique Majoritaire des partis Signataires du Pacte " denonse yon konplo kap fèt pou modifye kalandriye elelktoral la .Blòk la ekzije pou premye tou eleksyon yo òganize 30 out jan sa te prevwa a,sinon yap konsidere Alix Didier Fils aimé echwe.@Radio_Metronome
Asosiyasyon ajan sekirite profesyonèl yo ak CNOHA denonse PM Alix D. Fils Aimé ki remèt Youri latortue ministè afè sosyal,yon patron konpayi sekirite kap peye ajan l yo 22 mil san akonpayman sosyal.Junior Derose ak Dominique St Eloi ekzije ogmantasyonbsalè minimòm nan avan lontan
Kout bal kontinye ap chante jounen mèkredi 18 mas nan plizyè katye anba lavil pòtoprens.Batay la sere ant fòs lòd yo ak bandi yo nan blòk premye avni bòlòs,pòtay leyogan ak bò" Stade Sylvio Cator ".Plizyè bandi deja tonbe tou sa ki ralanti sikilasyon nan zòn sa yo.
Mouvman inifye transpòtè ayisyen kont tout lide pou ta chanje oubyen remanye KEP a nan peryòd sa.MUTH estime konsèy sa deja fè anpil travay pou menen peyi a nan eleksyon.Yon demach konsa kapab mete pwosesis la anreta selon Duclos Benissoit.@Radio_Metronome@MARADIOFM@cep_haiti