Ou abite Klèsin, Fleryo, Karade, Dèlma, ou poko gen okenn aktivite pou w amize w ou dezanniye w pou aprèmidi an; ou pap nan 25/15 Loutchina a; san konte ou renmen teyat map envite w:
👇👇
Le Sénat français a distingué ce mercredi la footballeuse haïtienne Melchie Daëlle Dumornay lors des Semaines de l’Amérique latine et des Caraïbes.
La médaille d’honneur lui a été remise au Palais du Luxembourg par Gérard Larcher, en reconnaissance de sa saison exceptionnelle avec l’OL Lyonnes.
Cette distinction consacre le rayonnement d’une athlète majeure du football haïtien, championne de France 2026.
@poupinart Se jis pou m te di w ke yo dekonseye sa kounye an. Fè yon pakèt efò poukisa bèl madam?!
Se jis nan lide pou m te pataje yon enfo ak ou e non lide pou m di ou mal di...
Antouka, nap kite l mache
@josephvergentz Se kouraj m wè w gentan ap bay sèvitè an kòmsi se li ki te sibi chòk la.
Solidarite Nou an pa etone m non se konpatriyòt ki leve istwa a ki pa bay kredi an ki etone m.
Anpil nan nou Paran Nou fè Nou kwè filozòf ak entèlektyèl pa sa l men yo, yo voye nou al fè sòl nan travay leta pandan si w jwenn yon koulwa Pou w ekspòte lwil maskreti an kantite, Ou Gen dwa pa janm travay ak moun ankò. Konplèks enfyorite se ènmi nou.
Mwen konpile tout kesyon mwen wè anba pòs mwen yo epi prepare fòma kesyon repons sa pou nou sou koze TPS la:
1) Èske desizyon jij la definitif sa vle di mwen tou gen TPS ankò?
Non! Desizyon jij lan se yon desizyon tanporè li pran pou pwoteje benefisyè yo pandan dosye a ap vanse lajistis. Dosye a pako rezoud, li pako revize tout bagay bi delebere, men paske dat ekspirasyon an tap pwoche epi avèk dokiman sipò li gen jiska kounye a konkli ke moun ki pote plent yo gen plis chans genyen, li deside bloke desizyon DHS lan pou pran efè epi evite moun fè fas a risk depòtasyon.
2) Èske DHS ka fè apèl a desizyon an?
Wi! Gen 2 tribinal ki gen plis otorite ki sou tèt tribinal jij Ana Reyes la. Tou 2 pati yo ka fè apèl ladan yo si yo pa dakò ak yon desizyon. A chak fwa yon desizyon pran nan on tribinal ki pi wo, se desizyon sa ki prime. Kidonk DHS ka toujou fè apèl nan ni tribinal kou dapèl, ni tribinal kou siprèm. Sa yo gentan di yo prevwa fè. Si yo pèdi, stay la ap rete en plas jouk dosye a rezoud lajistis. Si yo genyen, malerezman jan stay la proteje nou de fason imedya, tout moun ap pèdi statu a menm kote a.
3) Èske si mwen te gentan gen TPS mwen pwoteje otomatik ?
Wi! Ou pa oblije voye nouvo aplikasyon ale pou pwofite de pwoteksyon jij lan. Li aplike dirèkteman sou dènye TPS yo te apwouve pou ou a.
4) Èske kat travay mwen an tou li toujou valid ak desizyon jij la?
Wi! Ou ka kontinye itilizel ak nòt jij lan oubyen nenpòt nòt USCIS ta soti pou fè konnen yon jij bloke desizyon an. Ou pa dwe voye yon nouvo aplikasyon ale.
5) Yo pat janm voye yon repons pou mwen lèm te aplike pou TPS ni voye kat travay mwen an pou mwen. Èske sa vle di mwen pwoteje tou epi mwen ka travay?
Ou gen yon pwoteksyon pasyèl avèk desizyon an. Senpleman aplike pou yon benefis imigrasyon pa baw tout dwa ak pwoteksyon ki vini ak benefis imigrasyon sa. Otorite yo pako deside si ou kalifye ou non pou li. Kidonk non ou pa pwoteje menm jan ak yon moun ki gen yon nòt/resu nan menl ki dil dosye li apwouve. Ou gen otorizasyon pakont tann legalman nan peyi a otorite yo deside sou dosye ou ni yo pa gen dwa depòtew toutotan yo pa deside sou li. Avèk kèk ra eksepsyon siw kòmèt kèk vyolasyon ak krim. Yon resi kat travay pa baw otorizasyon travay. Kidonk non ou paka travay ak yon resi. Desizyon jij la pa chanje sa.
6) Èske sa vle di jij lan pral reponn tout dosye en attente yo?
Non malerezman. Gen yon pause sou tout aplikasyon benefisyè plis pase 75 peyi. Pami yo Ayiti. Desizyon jij lan pa fòse DHS al reponn tout dosye en attente yo ni pa gen garanti yap fè sa. Se 2 bagay diferan.
7) Lisans mwen ap ekspire 3 fevriye 2026, èske mwen ka kontinye kondwi? Oubyen itilize REAL ID ki make 3 fevriye yo ak desizyon jij la?
Non! Si lisans ou te fèt anba TPS la epi dat ekspirasyon an se 3 fevriye, apati demen li ap envalid. Menm bagay pou Real ID a. Desizyon jij lan pa gen anyen pou wè ak pyès sa yo. Fòk ou chache renouvle yo pou ka fonksyone sinon wap kondwi nan ilegalite e se yon gwo enfraksyon wap kòmèt. Si ou pa gen lòt opsyon/status pou renouvlel, ou oblije tann nòt USCIS soti a pou gade si DMV nan zòn ou an ap aksepte renouvlel pou ou.
8) Eske mwen ka vwayaje de yon eta a on lòt?
Wi! Li rete yon chwa pèsonèl men ou kapab. Si REAL ID ou a te anba TPS epi lap ekspire jodia, wap senpleman itilize paspò ou pou fè sa.
9) Malgre desizyon jij la, travay mwen kanpe mwen. Kisa mwen ka fè?
Malerezman travay yo endepandan nan desizyon ke yap pran. Se vre stay lan baw dwa pou kontinye travay pou moman an men si sistèm nan pa mete a jou enfòmasyon kat travay ou, sa kanpe rive yon travay pa vle pran risk kontinye kenbe ou. Kidonk li enpòtan pou rapwoche ou de resous imèn travay ou si yo kenbew toujou pou eksplike yo sitiyasyon an epi gade si yap aksepte stay la pou kounye a.
10) Kilè USCIS ap fè yon nòt soti?
Mwen malerezman pa konnen kilè yap soti youn ni ki kantite detay yap mete ladanl. Men yo gen obligasyon rekonèt fòmèlman desizyon jij la.