Nou fè nwit nan layv yo
Nou joure antre nou pou yo
Bal yo plen kon ze
Albòm se nan liy pou Kanpe.
Se bèl bagay Lè Ou Atis
Ou mache ak Fan ou tout Kote
Domaj! Se lè ou nan pwogram yo yo Fè w babay!
JODIA PA GEN TANPRI SOUPLE POU YO EDE NOU.
NANM pa mande EDE!
Paske li gen LESPRI.
Atis, si peyi a ap mache , si gen sekirite, si gen travay moun ka peye al gadew , moun ka achte zèv ou, si leta gen volonte met enstans an plas pou pwoteje eritaj wap kite nan kilti nou.
Kwèm ou patap mize sou Kanaval pou jere kèk bagay.
Sistèm nan kont ou tou!