Men yon lot Goat anko guys we après Artistic men nan m sot montre nou an men yon lòt anko ki pa vann che ditou epi ki santi bon e tache pa'w ou met lave rad lan pase'l sant lan ap toujou rete ladan'l
Yon moun ki sèvi avè'l deja vinn ban'm rezon 🔥🔥🔥
#𝐑𝐞𝐬𝐨𝐮𝐫𝐜𝐞𝐬: Mwen ofri nou yon avantaj mwen wè yap bay kote ak sèlman $200 pou pi piti, wap genyen yon « secured card » menm lè w poko ap travay ki ap ede nou kòmanse bati kredi nou, mwen konstate se kèk nan nou ki pwofite de li.
Se yon kat pa ekjije anyen, ki pran 5 minit pou ranpli. Move nouvèl pou nou se yon espesyal ki pa lontan ogmante oubyen fini paske avan sa se ak sèlman $100 pou te fè yon kat kote nan yon titan kredi w konn monte byen wo.
Pa bliye kredi 740 ou wè anpil moun genyen an se pa tankou yon kout zèklè li parèt se bati yo bati yo kidonk toujou bat pou tan anfavè nou.
Mwen la links lan la ankò:👇
https://t.co/dSsUOKTpL2
@Assr6Assr@Brindiii_ Moi qui m'inquiétais parfois, parce que mon homme va avoir 30 ans en sept et moi je viens d'avoir 39 ans aujourd'hui même. Il m'a aimé tellement et je l'adore aussi et il ne veut pas que je m'inquiète, il me dit que l'important c'est qu'on s'aime et on peut vivre ensemble.
#𝐈𝐦𝐦𝐢𝐠𝐫𝐚𝐭𝐢𝐨𝐧: Gen lontan mwen pa rale zorèy nou men banm di nou lè m pa fè sa li ba bon pou nou tou. Fwa m pase m tonbe sou kèk videyo sou tiktok ak Instagram kote konpatriyòt ap kage boutèy corona yo pandan yon lòt zanmi ap kondwi. Mwen tèlman sezi m kouri kite platfòm lan.
✔️Pou di ou pat konnen, fwa pase a Justin Timberlake pran kòd paske l te gen yon boutèy martini nan machin li alewè pou ou menm ki tap kage yon boutèy byè pandan chofè adwat ap peze gaz.
✔️Yon lòt menm foli jènjan l monte l li ale mande yon minè nimewo telefòn li pou fè kisa mwen pa konnen. Banm di w frè pam, non sèlman se zafè prizon w wap regle menm lè w ta lage ou oblije anrejistre non w kòm yon “sex offender” nan lameri ki tou prè w la pou yo ka konnen kiyès ou ye. Pa fè l se yon lòt krim ankò.
✔️Yon lot menm pat gen pasyans pou tann bus lekòl la depoze timoun yo avan li pase. La ou fè yon kontravansyon pou pi piti $165-$265 epi ou tou pèdi 4 pwen sou lisans ou rive 12 pwen lisans ou ap pran yon chaplèt ou pap ka fè wonn pòt ak li pou 30 jou.
An pasan, si ou pa vle lisans ou pran yon zoklo aprè w fin pran yon kontravasyon @Acdrivingsch kapab ede ou, se sèl konsèy sa mwen ka ba ou.
Pase bon week-end!
#Resources #Parole
#𝐑𝐞𝐬𝐨𝐮𝐫𝐜𝐞𝐬: Nan anpil Eta pa bò isi, si w apènn ap kòmanse, lwe kay pap twò fasil pou ou dayè yo pral mande w bèl kredi, premye depozit, dènye depozit mete sou premye mwa ou dwe tou bay avan w antre nan kay la.
Ou pa gen tout lajan sa, ale sou https://t.co/7xSba9XF23 epi kòmanse chèche wap jwenn yon bon deal kanmenm. Sa depann de bidjè ou, ou ka kòmanse jwenn afè depi nan $600 san depozit sitou si w pou kont ou.
An pasan, men yon deal pou moun vle abite nan adrès sa: 2130 SW 67 AV. Miramar Florida 33023. |📞 (954) 394 8071. Li byen plase, epi li byen enteresan.
👇👇
#𝐈𝐦𝐦𝐢𝐠𝐫𝐚𝐭𝐢𝐨𝐧: Pa pase sou tweet san pou pa ni li li, ni bookmark li. Men yon konsta ki reyèl, lekòl anglè yo boure ak elèv pou ane lekòl sa, li senp pou nou konnen rezon yo:
Anpil moun vini sou Pwogram parole la (nan Biden, sou fwontyè) pou sòti sou #Ukraine, pase pa Venezuela rive sou #Ayiti san m pa konte lòt peyi benefisyè yo. Nou tout klè sou sa, pa gen ase lekòl anglè pandan nou tout konnen enpòtans anglè pou nou byen chita pa bò isi.
👇
Men yon sèl aplikasyon mwen rekòmande nou pou nou aprann pale anglè ak bon pratik ki pi bon pase #duolingo paske li rekonèt lang kreyòl epi li epi ou pale anglè trapde: https://t.co/lr4eK2jnUf
Telechaje aplikasyon sa koulye a, kòmanse ak trial la, epi depann de jan ou vle ou kapab pran l pa mwa oubyen tou peye pou yon lane, mwen garanti w si w swiv konsèy yo, fè pratik chak semènn wap vin pale anglè byen nan kèk mwa.
@boldvoiceapp
https://t.co/lr4eK2jnUf
———
Pataje sa tout kote, ak tout zanmi. Map lage kèk screenshot pou m montre nou Jan pou nou “setup” li. 👇
#bestAp
#𝐈𝐦𝐦𝐢𝐠𝐫𝐚𝐭𝐢𝐨𝐧: Jodi a banm rive sou mesye yo paske m panse yon tweet konsa kapab evite prizon ak depòtasyon.
✔️ Mesye pi gwo “challenge” nou bò isi se fanm, si nou panse nap kontinye wè fanm daprè kilti nou, nou vann. Isi, se pa kote wap fè vye blag, touche move kote san konsantman, gade nan pye rive nan tèt jan w vle. Tout konpòtman sa yo gen non yo: “ harassment”, unwanted sexualization, stalking...
Antouka, “harassment” se 5 an a 10 zan prizon san konte amann.
✔️ Chòk kiltirèl ankò, si toutfwa nan Rara Leyogàn ou konn danse dèyè do fanm ki fè w plèzi pandan se yon twaze sèlman oubyen yon chaplèt ou konn pran, pa bò isi pa gen sa, “dance floor grinding” se menm mouvman, dayè dosye sa yo tèlman serye #FBI manyen dosye sa yo di anpil. Si malè sa rive w jènn gason, bouji kaka chat pap ede w sòti nan prizon.
✔️Zafè timoun menm se dosye kriminèl, toutotan yo poko gen 18 an won, lalwa konsidere yo tankou timoun. Kelkeswa jès ou fè ak yon minè, lalwa make yon pwen pou ou. Banm pran yon ekzanp ou konnen, nou tout konnen “Monkey” mwen repran l konsa paske m pa konnen non msye men si msye tap viv pa bò isi, paran tifi a te ka boure l nan prizon men zafè timoun isi se gwo krim. Zafè mande nimewo, mande pou DM lan tout mennen w menm kote nan prizon si tout fwa gen plent ki pote.
✔️ Nan kilti nou, nou pa vrèman gen kilti kote fanm ap souri, voye men ba nou pou granmèsi, atansyon moun isi trèt anpil sitou pou fanm, pa panse tout souri yo vle di “I love you”, pa panse souri yo vle di “get my number”, se nan kilti moun yo yo konsa kou w deplase yon lòt pyon wap tande koze! Tanpri frennen sou vye blag nou yo, yon blag lakay nou konn vle di yon lòt bagay pa bò isi menm yon fanm ki leve isi yon ti jwèt li ka vire chapo l dèyè tèt li.
Nou wè tweet sa li ka evite prizon ak depòtasyon. Pataje l ap ede anpil jènn gason, kole l sou gwoup #WhatApp ap ede toujou plis.
#Integration #AFLLionsSuns #Adsense #StarWars