Très déçu du résultat d’hier…
Dur à encaisser et à accepter mais, surtout, grosse pensée aux fans qui nous ont apportés leur soutien.
Quoi qu’il arrive, on se battra jusqu’au bout pour ce drapeau 🇭🇹
#WI18
An 1974, majorite Ayisyen yo te sèlman ka reve prezan nan estad pou wè Ayiti nan Mondyal
An 2026, nou gen chans viv li.
Grendadye yo fè enposib la. Nou kalifye.
Kounye a se tou pa nou pou nou prezan.
🇭🇹❤️
Pensée du jour:
« Si on veut obtenir quelque chose que l'on n'a jamais eu, il faut tenter quelque chose que l'on n'a jamais fait. »
Pericles
#PenséeDuJour
Gen kèk tijèn ki pran plèzi nan poste foto pandan yo nan travay yo sou rezo sosyal yo swa pou yo relaks yo oubyen pou yo ogmante prezans yo online; menm lè pèson moun pè di nou anyen, kite m rale zorèy nou.
Pou kòmanse nou pa lakay ki pa siyen anyen sou elektwonik ki pa pase paraf yo sou rezo sosyal nonplis.
An jeneral prèske tout konpayi ameriken yo gen yon Social Media Policy yo fè w siyen avan ou travay pou yo. Ou siyen l kanmenm menm lè ou pa rekonèt sa.
Anpil anplwaye anba sa yo rele Non-Disclosure Agreement , Daprè sa yo, yo pa ka fè sa yo vle menm lè yap travay pou yo si w pran chans di ou travay pou yo ankoulis ou pa ka fè l sou rezo sosyal. Ekzanp lan klè, mwen se youn ladan yo, si m poste kote map travay la nan bio mwen a Jodi a , lendi mwen mèt tou rete lakay mwen paske mwen ka fè gwo dega ak enfòmasyon map manyen yo….
An gwo konpayi yo pa vle sa, ou ka mete yo nan pwoblèm,m. Pa ekzanp, nan videyo sa sèlman gen pil detay ki te ka mete zanmi a nan kouri dayè adrès ak non moun ki sou bwat yo se deja Doxxing, kliyan yo kapab rele Amazon tribinal pou sa. Ou pa ka itilize truck konpayi an ak logo l mete sou enfomasyon kliyan l yo ki piblik.
Pou m fè tweet lan kout, avan nou poste kèlkeswa yon bagay ki gen pou wè ak biznis moun yo chèche konnen avan ki Social Media Policy oubyen eske nou pa anba Non-Disclosure Agreement. Sa valab pou kèlkeswa lòt biznis lan paske m konnen anpil nurse pèdi job yo pou sa paske yo fè foto pasyan yo oubyen mete enfòmasyon deyò nan fè TikTok.
Kòm videyo an piblik, mwen pataje l pou m alète nou, men entansyon an se pa pou ni blaze msye oubyen fè videyo a mache. Se jous pou evite lòt moun kontinye nan menm wout lan.
Nou menm, moun grandans nou anvi akonpanye Pwojè PM nan @PrimatureHT pou bay moun ki deplase yo yon pla cho chak jou. Pousa, nou mande pou li fasilite pasaj ki soti grandans pou rive nan kapital la prese prese. Paske manje yo gentan pare grandans nan moman an.
@PresidenceHT
Malgre konesans, malgre teknoloji, malgre tout kantite moun nou genyen, malgre nou gen plis resous, nou pa janm rive depase moun ki te la avan nou yo. Tout fyète nou se nan listwa li ye. Rezilta nou devan nou. Chif yo revòltan. Pran 7 minit nan tan ou pou gade sa. Mèsi.
📌Yon lidè kominotè nan Springfield, Ohio,🇺🇸mande Ayisyen yo pou pridan, espesyalman nan kesyon pran Uber epi manje yap « order ». Randevou, 3:00 pm, sou Facebook ak YouTube, pou entèvyou konplè a.-
Mwen rekonesan pou chak vwa ki marye ak pam sou projè sa pou ede m rakonte istwa m, temwayaj mwen. Men, an reyalite se viktwa nou n t ap chante.
Jodia mwen vle prezante n premye featuring nan ak yon sèvitè ki gen anpil gras nan li : Jean Jean de Montréal
#victoireaunomdeJésus
🔵🔴Nou refize itilize lasyans pou n pran desizyon, pou n rezoud pwoblèm yo. Dirijan yo depanse plis enèji nan fè n kwè yap travay olye yo travay tout bon. Lè chèf yo ap travay, yo pap bezwen fè seremoni pou di nou sa, nap ka ale Kafou, nap ka ale Senmak, Nap ka ale Plato Santral san kè kase. Pran 5 minit nan tan w pou gade moso videyo sa ki fèt pandan pasaj mwen semèn sa nan emisyon Agora sou RTVC. Mèsi. 🔵🔴