SOS:
Nan @ExamHaiti nou mete tout kou yo disponib pou elèv ayisyen yo suiv ak meyè pwofesè Ayisyen yo , men nou pa enskri moun nan egzamen 9e Af ni Bakaloreya !
Le 15 et 16 mars 2026, ExamHaiti a eu l’honneur de participer à la foire organisée par la Chambre de commerce haïtienne à l’Hôtel Montana.
À travers son programme « Kou Lakay », ExamHaiti a présenté ses cours en ligne destinés aux élèves du baccalauréat et de la 9e année fondamentale.
Cette participation reflète notre engagement constant envers l’éducation et la réussite des jeunes Haïtiens.
À @ExamHaiti , nous croyons que chaque élève mérite un accès moderne, accessible et efficace à l’apprentissage.
L’éducation de la jeunesse haïtienne demeure au cœur de notre mission.
Mèsi bro. Ou gen talan !
Aktyèlman la mwen gen yon grafis ki ap travay sou yon logo pou Marco Azèd . Konsèp la pa si diferan de pa ou a. Si logo a pa ta konvenk mwen, mwen panse m ap kontakte ou.
Respè👍🏽
@Marco_Azed se modèl mwen
E m toujou fyè pou m di janm apresye misye
Pou travay li nan kominote a. Bref, si idol mwen te banm fe logo la, si l te banm kreye idantite vizyèl li men koman m tap fè l
Rete la‼️Banm montre w😁
1/8
Virtue shaming: Se lè ou akize lòt moun kòmkwa yo ap fè [virtue signaling], sa vle di yo eksprime valè moral an piblik sèlman pou yo ka parèt byen ou pou pi bon nan je moun. Se yon fòm atak sosyal yo souvan itilize pou rejte opinyon yon moun sou baz li ipokrit, li fo, li soumi oswa li egzajere, olye pou yo ta diskite sou agiman moun nan tout bon vre.
Paske montre valè moral , eseye bon moun, mete limit paskew nan relasyon, pa toksik, gen relasyon stab. Se vin minorite a nan yon sosyete ki ap fè pwomosyon pou “Anti-virtue culture. Se sak fè nou asime tout moun ki montre sin bonte parèt sispèk. Yo se moun ki “fake”. Tout moun kap eseye fè mye, montre valè ak integrite, konpotman moral merite atake. Paske yo ap eseye diferan.
Sa fè pati pwosesis pou tiye wont lan kontwi yon sosyete san prinsip, san moderasyon , san moral:
Ou drivayèz , ou pa okipe pitit, ou se klerinè, drug addicted, ou instab emosyonèlman, avan sosyete a tap mete ou yon kote. Jenerasyon sa asire li li fè sa yo parèt cool, li baw yon podcast pou konvèti lot moun . Li glorifye sa a tan nomal nou tap rejte.
Nou pa invante bòz, kleren, bouzen, vilgè ak san zave, men nou se premye jenerasyon moun ki rekonpanse moun sosyalman pou yo. Anpil moun selèb, ap fè lajan selman gras ak pratik sa yo, aloske yon epok yo tap oblije kache.
Konsa li lojik pou valè ki ale nan sans kontrè yo deklase e vin tounen sib sanksyon ak backlash. Ki dwa yon gason pou li di li pap fè pitit ak plizyè fanm, li pap mache nan kafe, frekante fanm kap vann kò yo?
Ki dwa yon fanm pou li di li pap bay tout gason aksè ak li, li pap mache gouye devan jaz, li pap frekante ni bay gason ki pa pwojè serye ak li kò li?
2 moun sa yo se 2 OVNi ki fèt nan move epok.
Se yon gwo transfè pouvwa lè moun kap fè aksyon sosyete a te konn sansire yo pozisyone tèt yo sou yon pyedestal moral ki pi wo pase sa ki aksepte tankou nomal, pou atake moun ki te konn majinalize yo.
chanjman sa fè ak anpil sibstilite, nan pwen anpil moun pat wè sa nap viv la yo ap vini. Sa komanse ak ti slogan tankou : wont se chwa, jis nou rive devni premye jenerasyon ki tiye wont, e menm fè moralis tounen yon jouman.
Tout sa yo fè pati yon gwo kanpay abritisman ak anbetisman pafwa ki ka degize an pwogrè oubyen libète individyèl : Gade moun nap pale de yo chak jou yo nan mond lan epi gade pouki sa nap pale de yo, nan espas piblik yo, sitou sou rezo yo. Li klè moral sispann egziste kòm yon referans kolektif.
Bò isit an Ayiti, sèl lwazi nou se pale de fè bagay maten midi swa. Delenkans jivenil l an ap eksploze chak jou ki pase.☝🏾 E sa fè on ti tan delenkan yo vin gang.
Kilè yon jenn Ayisyen ap nn chema al lekol la semèn, epi hang-out trankil konsa nn week-end li ? Smh
Ado sa ou rele kouri a rete meyè taktik komikasyon an , si w eseye analize atis 286 la.
Se naratif yo pou w konprann.
Kèlke mwa oparavan, fè yon X pou w fè yon deba Wendyyy vs Baky. Fan Wendyyy yo ap fache, e y ap di w Wendyy pa nan koze chita bif ak moun konsa😡 Y ap di w tou se woulib fan Baky yo bzw pran sou king nan. ☝🏾se te yon ekselan kout kominikasyon ke yo te fè.
Sofke lè Baky tounen, li tounen ak yon pwojè LOVE e l di li pa sou beef la. Se yon ekselan kout kòm tou ☝🏾poukisa?
Paske naratif Baky bezwn beef la kò m woulib pou l egziste a, vin pa kenbe. kidonk imedyatman, naratif la tou chanje ☝🏾moun yo vin di se pè atis 286 la pè. E tout ap tann li nan beef ke yo pat vle ditou a. Voila , echec et mat !
Ou wè jan etwal yo ap alinyen san w pa rann kont ? Bon Sa se youn.
2e man, nn interview ak Carel Pedre la, si Baky di wi li sou beef, fok li ta al pale sou beef la. Fan Wendyyy yo ap imedyatman pran kontwol naratif la pou di pa gen interview san non Wendyyy pa fe gwo deba. Se yon pyèj Trouble Boy tonbe ladann a chak interview, paske son atis emosyon l fè l pa fin metrize koze kominikasyon, kidonk se yon lot kontwol anko ki mete sou yon lot naratif.
Dayè se youn nan rezon ki fè se imaj Trouble ki pran plis kou nn istwa sa yo. Baky ak Wendyyy rete ekselan nn zafè kominikasyon yomenm.
E kounya beef ou vle an, se kiyes k ap deklannche l toutbon? eske Wendyyy ap lage pwojè Traka a ? Eske pwojè Traka a se yon pwojè clash li ye vre ? Oubyn eske Baky gen yon pwoje kap vini ki gen clash sou li ? Pesonn pa konnen. Men tou 2 jwè yo ap byen jwe jiskaprezan si nou gad « fait » yo.
Men mwen m diferan de ou, opinyon m pa chanje, jiskaprezan m ka di beef sa p ap nan enterè pesonn. Peyi a twò enstab pou yon gwo beef konsa. Nou pa bezwen sa.