Ayisyen fè sakrifis pou l pran plezi l. Anpil bèl aranjman ak depans fèt pou koup dimonn sa. Anpil kontra siyen pou nou jwenn kouran sa pou koup dimonn lan, apre sa na al kraze komès ti machann, na al boule machin pèp la, bann sanwont.
EDH bay kouran an jodi madi 22 novanm 2022 a, a 5h 00 nan maten pou pèp lan ka gade match football. Mwen ap tande bri fanatik football yo, fanatik koup dimonn yo la nan tout katye a. Pèp kafouyay sa se plezi yo bezwen, leta ap ba yo plezi, yo pa konn sak yon peyi.
@MarcusGeorges
Même si t'es joyeux, dès fois tu l'es pas vraiment. Dès fois, c'est celui qui sourit le plus qui est le plus triste en fait. C'est peut-être celui qui fait plus le clown qui est le plus triste.
#Jenès_la dwe rete djanm, bagay lan ka pi mal nan jou ki pral vini yo. Rete soude youn ak lòt, ekonomize ti kòb nou genyen pou n kontinye siviv. Bèl twal pap retire w anba men #tonton_sam. Prepare pou w manje tout sa ki ka al nan vant. Ann pa divize.
Kijan nou konprann yon nèg k ap koze avèk yon fi, fi a pa chwazi renmen avèk nèg sa paske l rekonèt li, poutan menm nèg sa a ekri fi a sou yon lòt nimewo, sou yon lòt non, san pa gen echanj foto, yo vin renmen e menm rive pran randevou nan otèl ... ?